Romans 15

我们坚固的人应该担代不坚固人的软弱,不求自己的喜悦。
Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman.
我们各人务要叫邻舍喜悦,使他得益处,建立德行。
Okontrè, se pou nou chak chache fè frè parèy nou plezi pou byen l', konsa n'a fè l' grandi nan konfyans li nan Bondye.
因为基督也不求自己的喜悦,如经上所记:辱骂你人的辱骂都落在我身上。
Paske Kris la pa t' chache sa ki te fè l' plezi, men dapre sa ki ekri a: Moun ki t'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm yo t'ap joure.
从前所写的圣经都是为教训我们写的,叫我们因圣经所生的忍耐和安慰可以得著盼望。
Se konsa, tou sa ki te ekri nan Liv la depi nan tan lontan, yo te ekri yo pou moutre nou anpil bagay, wi, pou bagay nou jwenn ekri nan Liv la ka ban nou pasyans ak ankourajman pou n' ka mete tout espwa nou nan Bondye.
但愿赐忍耐安慰的 神叫你们彼此同心,效法基督耶稣,
Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri.
一心一口荣耀 神─我们主耶稣基督的父!
Konsa, n'a mete kè nou ak bouch nou ansanm pou fè lwanj Bondye, papa Jezikri, Seyè nou an.
所以,你们要彼此接纳,如同基督接纳你们一样,使荣耀归与 神。
Se pou yonn asepte lòt jan l' ye a, menm jan Kris la te asepte nou an pou sa te tounen yon lwanj pou Bondye.
我说,基督是为 神真理作了受割礼人的执事,要证实所应许列祖的话,
Men sa m' vle di: Kris la te fè tèt li sèvitè jwif yo pou l' te ka fè pwomès Bondye te fè zansèt nou yo rive vre, epi pou l' te moutre jan Bondye kenbe pawòl li.
并叫外邦人因他的怜悯荣耀 神。如经上所记:因此,我要在外邦中称讚你,歌颂你的名;
Men, li te vini pou moun lòt nasyon yo tou, pou yo te ka fè lwanj Bondye pou jan li gen kè sansib, jan sa te ekri nan Liv la: Se poutèt sa m'a fè lwanj ou nan mitan lòt nasyon yo. Se poutèt sa m'a chante pou non ou.
又说:你们外邦人当与主的百姓一同欢乐;
Liv la di ankò: Nou menm moun lòt nasyon yo, fè kè nou kontan ansanm avèk pèp Bondye chwazi a.
又说:外邦啊,你们当讚美主!万民哪,你们都当颂讚他!
Li di ankò: Fè lwanj Mèt la, nou menm moun lòt nasyon yo! Wi, se pou tout pèp yo fè lwanj li!
又有以赛亚说:将来有耶西的根,就是那兴起来要治理外邦的;外邦人要仰望他。
Ezayi di tou: Li gen pou l' vini, pitit pitit Izayi a. Li va parèt pou gouvènen lòt nasyon yo. Nasyon yo va mete espwa yo nan li.
但愿使人有盼望的 神,因信将诸般的喜乐、平安充满你们的心,使你们借著圣灵的能力大有盼望。
Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l' fè kè nou kontan nèt, pou l' fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
弟兄们,我自己也深信你们是满有良善,充足了诸般的知识,也能彼此劝戒。
Frè m' yo, mwen gen fèm konviksyon nou gen kont bon santiman nan kè nou, nou gen kont konesans sou nou pou yonn ka bay lòt konsèy.
但我稍微放胆写信给你们,是要提醒你们的记性,特因 神所给我的恩典,
Men, mwen te penmèt mwen ekri nou sou anpil pwen nan lèt mwen an pou mwen te ka fè nou chonje sa nou te konnen deja. Mwen te penmèt mwen fè sa poutèt favè Bondye te fè m' lan,
使我为外邦人作基督耶稣的仆役,作 神福音的祭司,叫所献上的外邦人,因著圣灵成为圣洁,可蒙悦纳。
pou m' te sèvi Jezikri pandan m'ap travay nan mitan moun lòt nasyon yo. Lè m'ap fè konnen bon nouvèl Bondye a, se yon sèvis apa pou Bondye m'ap rann, pou moun lòt nasyon yo ka tounen yon ofrann ki fè Bondye plezi, yon ofrann yo mete apa pou Bondye ak pouvwa Sentespri a.
所以论到 神的事,我在基督耶稣里有可夸的。
Se pou sa, mwen gen dwa kontan nèt pou travay m'ap fè ansanm ak Jezikri pou Bondye.
除了基督借我做的那些事,我什么都不敢提,只提他借我言语作为,用神迹奇事的能力,并圣灵的能力,使外邦人顺服;
-(we vèsè pwochen)
甚至我从耶路撒冷,直转到以利里古,到处传了基督的福音。
Wi, m'ap penmèt mwen fè nou konnen sèlman sa Kris la te fè m' fè ak sa li te fè m' di, avèk fòs mirak ak bèl bagay ak pouvwa Lespri Bondye a. Tou sa, pou mennen moun lòt nasyon yo vin nan pye Bondye pou obeyi li. Se konsa, depi lavil Jerizalèm jouk nan peyi Iliri, mwen pa manke mache bay bon nouvèl ki pale sou Kris la toupatou.
我立了志向,不在基督的名被称过的地方传福音,免得建造在别人的根基上。
Men, lanbisyon m' se te pou m' fè konnen bon nouvèl la sèlman kote moun pa t' ankò janm tande nonmen non Kris la, pou m' pa t' bati sou fondasyon lòt moun te poze,
就如经上所记:未曾闻知他信息的,将要看见;未曾听过的,将要明白。
jan sa te ekri nan Liv la: Moun ki pa t' ankò konnen l' yo va wè. Moun ki pa t' ankò tande nonmen non l' yo va konprann.
我因多次被拦阻,总不得到你们那里去。
Se rezon sa a ki te anpeche mwen anpil fwa al lakay nou.
但如今,在这里再没有可传的地方,而且这好几年,我切心想望到西班牙去的时候,可以到你们那里,
Men, koulye a, mwen pa gen anyen ki kenbe m' nan peyi sa yo ankò. Depi lontan mwen fè lide ale wè nou.
盼望从你们那里经过,得见你们,先与你们彼此交往,心里稍微满足,然后蒙你们送行。
Mwen ta renmen fè sa lè mapral an Espay lan. Wi, mwen gen espwa pase wè nou pou nou kapab ede m' ale nan peyi sa a, apre m'a fin pase kèk bon moman nan mitan nou.
但现在,我往耶路撒冷去供给圣徒。
Men, koulye a, mwen pral Jerizalèm pou m' ka rann moun k'ap viv apa pou Bondye yo yon sèvis.
因为马其顿和亚该亚人乐意凑出捐项给耶路撒冷圣徒中的穷人。
Legliz ki nan peyi Masedwan ak nan peyi Lakayi yo te pran sou yo pou yo te fè yon ofrann pou ede pòv ki nan pèp Bondye a lavil Jerizalèm.
这固然是他们乐意的,其实也算是所欠的债;因外邦人既然在他们属灵的好处上有分,就当把养身之物供给他们。
Se yo menm menm ki te fè lide sa a. Men, pou di vre, yo te dwe pòv yo sa. Paske, menm jan jwif yo te separe benediksyon ki soti nan Lespri Bondye a avèk moun ki pa t' jwif yo, konsa tou, moun ki pa jwif yo gen pou devwa pou rann yo sèvis avèk byen latè yo.
等我办完了这事,把这善果向他们交付明白,我就要路过你们那里,往西班牙去。
Lè m'a fini avèk zafè sa a, le m'a renmèt tout lajan yo te ranmase a nan men, lè sa a m'a pati pou Espay, m'a pase wè nou sou wout.
我也晓得去的时候,必带著基督丰盛的恩典而去。
Mwen konnen le m'a rive wè nou an, se avèk tout benediksyon Kris la m'a rive.
弟兄们,我借著我们主耶稣基督,又借著圣灵的爱,劝你们与我一同竭力,为我祈求 神,
Men sa m' mande nou, frè m' yo: nan non Jezikri, Seyè nou an, nan non renmen Lespri a ban nou, tanpri, pa lage m' nan batay la pou kont mwen, lapriyè Bondye pou mwen.
叫我脱离在犹太不顺从的人,也叫我为耶路撒冷所办的捐项可蒙圣徒悦纳,
Lapriyè pou m' ka delivre anba moun Jide yo ki pa vle kwè. Lapriyè tou pou moun k'ap viv apa pou Bondye nan lavil Jerizalèm, pou yo ka byen resevwa lajan m'ap pote ba yo a.
并叫我顺著 神的旨意,欢欢喜喜的到你们那里,与你们同得安息。
Konsa, si Bondye vle, m'a rive lakay nou ak kè kontan, epi m'a pran yon ti repo nan mitan nou.
愿赐平安的 神常和你们众人同在。阿们!
Se pou Bondye ki bay kè poze a avèk nou tout. Amèn.