Romans 14

信心软弱的,你们要接纳,但不要辩论所疑惑的事。
Se pou n' resevwa moun ki fèb nan konfyans yo byen san nou pa bezwen diskite openyon yo genyen.
有人信百物都可吃;但那软弱的,只吃蔬菜。
Men yon egzanp: Gen moun ki kwè li kapab manje tout bagay; gen lòt ki fèb nan konfyans yo epi ki manje legim ase.
吃的人不可轻看不吃的人;不吃的人不可论断吃的人;因为 神已经收纳他了。
Moun ki manje tout manje pa fèt pou meprize moun ki pa manje tout manje. Konsa tou, moun ki pa manje tout manje pa fèt pou jije moun ki manje tout manje, paske Bondye asepte ni yonn ni lòt jan yo ye a.
你是谁,竟论断别人的仆人呢?他或站住,或跌倒,自有他的主人在;而且他也必要站住,因为主能使他站住。
Ki moun ou ye konsa pou w'ap jije domestik lòt moun? Kit domestik la kenbe fèm nan sèvis la, kit li tonbe, sa se zafè ki gade mèt li ase. Men, pa pè, li gen pou l' kenbe fèm, paske Seyè a gen pouvwa pou l' soutni li.
有人看这日比那日强;有人看日日都是一样。只是各人心里要意见坚定。
M'ap pran yon lòt egzanp: Gen moun ki kwè gen jou ki pi konsekan pase lòt. Gen lòt ki di tout jou se menm. Se pou chak moun gen konviksyon pa yo.
守日的人是为主守的;吃的人是为主吃的,因他感谢 神;不吃的人是为主不吃的,也感谢 神。
Moun ki kwè yon jou pi konsekan pase lòt, li fè sa pa respè pou Mèt la menm jan ak moun ki manje tout manje a, li fè sa pa respè pou Mèt la paske li di Bondye mèsi pou manje a. Moun ki pa manje tout manje a, li fè sa tou pa respè pou Mèt la, paske li menm tou, li di Bondye mèsi.
我们没有一个人为自己活,也没有一个人为自己死。
Se konsa, pa gen yon sèl moun nan nou k'ap viv pou tèt pa li. Pa gen yonn nan nou tou k'ap mouri pou tèt pa li. Paske si n'ap viv, n'ap viv pou Seyè a,
我们若活著,是为主而活;若死了,是为主而死。所以,我们或活或死总是主的人。
si n'ap mouri, n'ap mouri pou Seyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Seyè a nou ye.
因此基督死了又活了,为要作死人并活人的主。
Paske, Kris la te mouri, apre sa li leve soti vivan ankò pou l' te kapab Mèt tout moun, ni moun vivan yo ni moun mouri yo.
你这个人,为什么论断弟兄呢?又为什么轻看弟兄呢?因我们都要站在 神的台前。
Men ou menm, pouki pou w'ap jije frè ou konsa? Ou menm, pouki pou w'ap meprize frè ou konsa? Nou tout gen pou konparèt devan tribinal Bondye a.
经上写著:主说:我凭著我的永生起誓:万膝必向我跪拜;万口必向我承认。
Paske men sa ki ekri nan Liv la: Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan an vre, konsa tou, tout moun gen pou mete ajenou devan mwen. Nan tout lang moun va pale byen fò pou rekonèt pouvwa Bondye.
这样看来,我们各人必要将自己的事在 神面前说明。
Se konsa, chak moun gen pou rann Bondye kont pou tèt pa yo.
所以,我们不可再彼此论断,宁可定意谁也不给弟兄放下绊脚跌人之物。
Ann sispann yonn ap jije lòt. Pito nou pran desizyon pou n' pa fè anyen ki kapab fè frè nou bite osinon tonbe nan peche.
我凭著主耶稣确知深信,凡物本来没有不洁净的;惟独人以为不洁净的,在他就不洁净了。
Paske, mwen menm k'ap viv ansanm avèk Seyè Jezi a, mwen sèten pa gen anyen nan sa yo di ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye ki soti tou konsa nan men Bondye. Si yon moun kwè yon bagay pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, bagay la pa bon pou li paske li mete sa nan tèt li.
你若因食物叫弟兄忧愁,就不是按著爱人的道理行。基督已经替他死,你不可因你的食物叫他败坏。
Si ou fè frè ou lapenn pou tèt yon manje ou manje, ou pa gen renmen nan kè ou pou frè ou. Piga ou kite manje w'ap manje a lakòz yon frè pèdi sou kont ou, paske li menm Kris la te mouri pou l' te ka sove l' tou.
不可叫你的善被人毁谤;
Sa ki byen pou ou pa dwe yon okazyon pou fè yo pale ou mal.
因为 神的国不在乎吃喝,只在乎公义、和平,并圣灵中的喜乐。
Gouvènman Bondye ki wa a, se pa yon afè manje ak bwè, men se yon keksyon fè sa ki byen, viv ak kè poze ak kè kontan. Bagay sa yo, se Sentespri ki bay yo.
在这几样上服事基督的,就为 神所喜悦,又为人所称许。
Moun k'ap sèvi Kris la konsa, se yo ki fè Bondye plezi. Tout moun ap dakò ak sa.
所以,我们务要追求和睦的事与彼此建立德行的事。
Se sak fè, ann toujou chache bagay ki kapab ede nou viv ak kè poze, bagay ki pou penmèt nou yonn soutni lòt nan konfyans nou nan Bondye.
不可因食物毁坏 神的工程。凡物固然洁净,但有人因食物叫人跌倒,就是他的罪了。
Piga kraze travay Bondye a poutèt yon keksyon manje. Nou ka manje tout manje, se vre. Men, sa pa bon pou nou manje kichòy ki ka lakòz yon frè tonbe nan peche.
无论是吃肉,是喝酒,是什么别的事,叫弟兄跌倒,一概不做才好。
Sa ki byen an, se lè ou pa manje vyann, ni bwè diven, ni fè okenn lòt bagay ki kapab fè frè ou tonbe nan peche.
你有信心,就当在 神面前守著。人在自己以为可行的事上能不自责,就有福了。
Sa ou kwè ou menm sou sa, gade l' pou tèt ou devan Bondye. benediksyon pou yon moun ki pa santi l' koupab lè l'ap fè sa li kwè li dwe fè.
若有疑心而吃的,就必有罪,因为他吃不是出于信心。凡不出于信心的都是罪。
Men, moun ki gen doutans sou sa l'ap manje a, Bondye kondannen l' lè l' manje l', paske li aji san konviksyon. Tout sa ou fè san konviksyon se peche.