Revelation of John 9

第五位天使吹号,我就看见一个星从天落到地上,有无底坑的钥匙赐给它。
Apre sa, senkièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen wè yon zetwal soti nan sièl la tonbe sou latè. Yo ba l' kle pou louvri pi ki mennen desann nan gwo twou san fon an.
它开了无底坑,便有烟从坑里往上冒,好像大火炉的烟;日头和天空都因这烟昏暗了。
Zetwal la louvri pi ki mennen nan gwo twou san fon an. Yon gwo lafimen soti ladan l', tankou lafimen yon gwo fou k'ap boule. Lafimen ki t'ap soti nan pi a bouche solèy la. Sièl la vin tou nwa.
有蝗虫从烟中出来,飞到地上;有能力赐给牠们,好像地上蠍子的能力一样,
Yon bann krikèt vèt soti nan lafimen an, yo mache ale toupatou sou latè. Yo te ba yo menm pouvwa ak eskòpyon.
并且吩咐牠们说,不可伤害地上的草和各样青物,并一切树木,惟独要伤害额上没有 神印记的人。
Yo te di yo pou yo pa t' fè malè sou okenn zèb, ni sou okenn piebwa ni sou okenn lòt plant. Se sou moun sèlman pou yo te fè malè. Epi se pa sou tout moun non, sèlman sou moun ki pa t' pote mak letanp Bondye a sou fwon yo.
但不许蝗虫害死他们,只叫他们受痛苦五个月。这痛苦就像蠍子螫人的痛苦一样。
Krikèt yo pa t' gen dwa touye moun sa yo. Men, pandan senk mwa yo te gen dwa fè yo soufri. Krikèt yo fè moun yo soufri tankou si se eskòpyon ki te mòde yo.
在那些日子,人要求死,决不得死;愿意死,死却远避他们。
Pandan senk mwa sa yo, moun va chache lanmò, men yo p'ap jwenn lanmò. Y'a anvi mouri, men lanmò va pase lwen yo.
蝗虫的形状,好像预备出战的马一样,头上戴的好像金冠冕,脸面好像男人的脸面,
Krikèt yo te sanble ak chwal ki pare pou al nan batay. Sou tèt yo chak te gen yon bagay ki sanble ak yon kouwòn lò. Figi yo menm te tankou figi moun.
头发像女人的头发,牙齿像狮子的牙齿。
Yo te gen cheve sou tèt yo tankou cheve fi. Dan yo menm te tankou dan lyon.
胸前有甲,好像铁甲。牠们翅膀的声音,好像许多车马奔跑上阵的声音。
Sou lestonmak yo, yo te gen yon plak an fè pou pwoteje yo. Lè yo bat zèl yo, yo fè bri tankou yon bann kabwèt chwal ki pral nan batay.
有尾巴像蠍子,尾巴上的毒钩能伤人五个月。
Yo gen menm ke ak eskòpyon, ak yon pikan nan pwent ke a. Se avèk ke yo yo te gen pouvwa fè moun mechanste pandan senk mwa.
有无底坑的使者作牠们的王,按著希伯来话,名叫亚巴顿,希腊话,名叫亚玻伦。
Yo te gen yon wa alatèt yo. Se zanj gwo twou san fon an. Nan lang ebre yo rele l': Abadon. Nan lang grèk yo rele l': Apolyon, ki vle di: moun k'ap krase brize a.
第一样灾祸过去了,还有两样灾祸要来。
Premie malè a te pase. Te gen de (2) lòt malè ankò ki te gen pou vini apre sa.
第六位天使吹号,我就听见有声音从 神面前金坛的四角出来,
Lè sa a, sizièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen tande yon vwa ki t'ap soti nan kat kwen lotèl an lò ki te devan Bondye a.
吩咐那吹号的第六位天使,说:把那捆绑在幼发拉底大河的四个使者释放了。
Vwa a pale ak sizièm zanj ki te kenbe klewon an. Li di li konsa: Lage kat zanj ki mare nan chenn bò gwo larivyè Lefrat la.
那四个使者就被释放;他们原是预备好了,到某年某月某日某时,要杀人的三分之一。
Yo lage kat zanj yo. Yo te pare yo pou sa menm, pou lè sa a, pou jou sa a, nan mwa sa a, nan lanne sa a, pou yo te ka touye yon moun sou chak twa moun ki sou latè.
马军有二万万;他们的数目我听见了。
Yo di m' kantite sòlda sou chwal ki te genyen: Te gen desan milyon (200.000.000).
我在异象中看见那些马和骑马的,骑马的胸前有甲如火,与紫玛瑙并硫磺。马的头好像狮子头,有火、有烟、有硫磺从马的口中出来。
Men ki jan mwen te wè chwal yo ak kavalie yo nan vizyon an: Kavalie yo te gen yon kalite chemiz an fè pou pwoteje lestonmak yo. Chemiz yo te wouj kou dife, ble kou digo, jòn kou safran. Tèt chwal yo menm te tankou tèt lyon. Dife ansanm ak lafimen epi souf t'ap soti nan bouch yo.
口中所出来的火与烟并硫磺,这三样灾杀了人的三分之一。
Twa bagay sa yo ki t'ap soti nan bouch chwal yo, se te twa kalamite ki te touye yon moun sou chak twa moun sou latè.
这马的能力是在口里和尾巴上;因这尾巴像蛇,并且有头用以害人。
Paske se nan bouch yo chwal yo te gen tout pouvwa sa a ansanm ak nan ke yo. Baton ke yo menm te sanble ak sèpan: yo te gen yon tèt pou yo te fè moun mechanste.
其余未曾被这些灾所杀的人仍旧不悔改自己手所做的,还是去拜鬼魔和那些不能看、不能听、不能走,金、银、铜、木、石的偶像,
Malgre sa, rès moun sou latè yo, sa ki pa t' mouri anba kalamite sa yo, pa t' sispann adore Satan ak zidòl fèt an lò, an ajan, an bwonz, an wòch oswa an bwa, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka mache.
又不悔改他们那些凶杀、邪术、奸淫、偷窃的事。
Wi, atousa, moun sa yo pa t' chanje jan yo t'ap viv la, yo pa t' sispann touye moun, fè maji, lage kò yo nan imoralite ak vòlò zafè moun.