Psalms 79

(亚萨的诗。) 神啊,外邦人进入你的产业,污秽你的圣殿,使耶路撒冷变成荒堆,
Se yon sòm Asaf. Bondye, moun lòt nasyon yo anvayi peyi pèp ou a! Yo antre nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte li. Yo fè lavil Jerizalèm tounen yon pil wòch.
把你仆人的尸首交与天空的飞鸟为食,把你圣民的肉交与地上的野兽,
Yo kite kadav moun k'ap sèvi ou yo pou zwezo nan syèl vin manje. Yo kite kadav moun k'ap viv pou ou yo pou bèt bwa vin manje.
在耶路撒冷周围流他们的血如水,无人葬埋。
Yo fè san pèp ou a koule tankou dlo larivyè. San an koule tankou dlo nan tout lavil Jerizalèm. pa t' gen pesonn pou antere kadav yo!
我们成为邻国的羞辱,成为我们四围人的嗤笑讥刺。
Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz. Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.
耶和华啊,这到几时呢?你要动怒到永远吗?你的愤恨要如火焚烧吗?
Seyè! jouk kilè w'ap rete fache ak nou? Gen lè se pou tout tan? Eske w'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife?
愿你将你的忿怒倒在那不认识你的外邦和那不求告你名的国度。
Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo.
因为他们吞了雅各,把他的住处变为荒场。
Paske, se yo menm ki fin touye pitit Jakòb yo, yo fin ravaje peyi kote yo rete a.
求你不要记念我们先祖的罪孽,向我们追讨;愿你的慈悲快迎著我们,因为我们落到极卑微的地步。
Tanpri, pa pini nou pou peche zansèt nou yo te fè. Gen pitye pou nou! Prese vin ede nou, paske nou fin dekouraje nèt.
拯救我们的 神啊,求你因你名的荣耀帮助我们!为你名的缘故搭救我们,赦免我们的罪。
O Bondye, ou menm ki delivrans nou, fè konnen se ou ki gen pouvwa! vin pote nou sekou. Delivre nou, padonnen peche nou yo pou moun ka fè lwanj ou.
为何容外邦人说他们的 神在哪里呢?愿你使外邦人知道你在我们眼前伸你仆人流血的冤。
Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande nou: -Kote Bondye nou an! Fè yo wè, devan je nou, jan w'ap pini moun ki te fè san sèvitè ou yo koule!
愿被囚之人的叹息达到你面前;愿你按你的大能力存留那些将要死的人。
Koute jan prizonye yo ap plenn non! Avèk fòs ponyèt ou, delivre moun yo kondannen amò yo non.
主啊,愿你将我们邻邦所羞辱你的羞辱加七倍归到他们身上。
Seyè, rann moun lòt nasyon yo sèt fwa laparèy pou tout joure yo joure ou yo.
这样,你的民,你草场的羊,要称谢你,直到永远;要述说讚美你的话,直到万代。
Lè sa a nou menm, pèp ou a, mouton ki nan savann ou yo, nou p'ap janm sispann di ou mèsi. Pitit an pitit, n'a fè lwanj ou.