Psalms 74

(亚萨的训诲诗。) 神啊,你为何永远丢弃我们呢?你为何向你草场的羊发怒,如烟冒出呢?
Se yon chante Asaf. Bondye, poukisa ou lage nou nèt konsa? Poukisa ou an kolè konsa sou moun pa ou yo, sou mouton ki nan savann ou yo?
求你记念你古时所得来的会众,就是你所赎、作你产业支派的,并记念你向来所居住的锡安山。
Pa bliye pèp ou te chwazi depi nan tan lontan an, pèp ou te achte pou ou te fè yo tounen moun pa ou! Pa bliye mòn Siyon kote ou te chwazi pou rete a!
求你举步去看那日久荒凉之地,仇敌在圣所中所行的一切恶事。
vin wè sa ki rete apre ravaj la! Lènmi nou yo fin kraze dènye bagay nan kay ki apa pou ou a.
你的敌人在你会中吼叫;他们竖了自己的旗为记号。
Moun ki pa vle wè ou yo, yo kanpe nan mitan kote pèp ou konn reyini an, y'ap rele byen fò. Yo wete tou sa ki nan tanp lan, yo mete drapo pa yo.
他们好像人扬起斧子,砍伐林中的树。
Yo tankou moun k'ap voye kout rach pou koupe pyebwa nan yon gwo rak.
圣所中一切雕刻的,他们现在用斧子锤子打坏了。
Yo kraze bout bèl panno bwa byen travay ki te nan tanp lan, anba kout rach ak kout mato.
他们用火焚烧你的圣所,亵渎你名的居所,拆毁到地。
Yo mete dife nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte kote yo fè sèvis pou ou a, yo kraze l' vide atè.
他们心里说:我们要尽行毁灭;他们就在遍地把 神的会所都烧毁了。
Nan kè yo yo te di: Ann kraze yo tout yon sèl kou! Yo boule tout kote ki te apa pou Bondye nan peyi a!
我们不见我们的标帜,不再有先知;我们内中也没有人知道这灾祸要到几时呢!
Tout bèl bagay ki te nan tanp lan disparèt. Pa gen pwofèt ankò. Pesonn pa konnen kilè sa va chanje.
 神啊,敌人辱骂要到几时呢?仇敌亵渎你的名要到永远吗?
Bondye, kilè moun k'ap pile nou anba pye yo va sispann joure? Gen lè lènmi yo p'ap janm gen respè pou non ou?
你为什么缩回你的右手?求你从怀中伸出来,毁灭他们。
Poukisa ou derefize ede nou? Poukisa ou rete kanpe ap gade, de bra ou kwaze?
 神自古以来为我的王,在地上施行拯救。
Men, Bondye, se ou ki wa nou depi nan tan lontan. Ou fè nou genyen anpil batay sou latè.
你曾用能力将海分开,将水中大鱼的头打破。
Se avèk pouvwa ou ou te fann lanmè a. Se avè l' ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo.
你曾砸碎鳄鱼的头,把牠给旷野的禽兽(禽兽:原文是民)为食物。
Se ou ki kraze tèt levyatan an, lèfini, ou fè bèt k'ap viv nan dezè a manje l'.
你曾分裂磐石,水便成了溪河;你使长流的江河干了。
Ou te fè sous dlo pete, ou fè larivyè koule. Ou fe gwo larivyè rete konsa yo chèch.
白昼属你,黑夜也属你;亮光和日头是你所预备的。
Ou fè lajounen, ou fè lannwit. Se ou ki mete lalin lan ak solèy la nan plas yo.
地的一切疆界是你所立的;夏天和冬天是你所定的。
Se ou ki fikse limit tè a. Se ou ki fè sezon chalè ak sezon fredi.
耶和华啊,仇敌辱骂,愚顽民亵渎了你的名,求你记念这事。
Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap pase ou nan rizib. Se yon bann moun san konprann ki pa gen respè pou non ou!
不要将你斑鸠的性命交给野兽;不要永远忘记你困苦人的性命。
Pa lage pèp ou nan men lènmi l' yo tankou toutrèl devan malfini. Pa bliye moun pa ou yo ki nan mizè nèt.
求你顾念所立的约,因为地上黑暗之处都满了强暴的居所。
Chonje kontra ou te siyen avèk yo a! Paske, nan tout ti kwen peyi a, nan tout mòn yo se ansasen.
不要叫受欺压的人蒙羞回去;要叫困苦穷乏的人讚美你的名。
Pa kite moun y'ap peze yo wont! Fè pou pòv malere yo ka fè lwanj ou.
 神啊,求你起来为自己伸诉!要记念愚顽人怎样终日辱骂你。
Leve non, Bondye! Defann kòz ou! Pa bliye jan moun fou sa yo ap joure ou tout lajounen!
不要忘记你敌人的声音;那起来敌你之人的喧哗时常上升。
Pa bliye jan lènmi ou yo ap rele byen fò! Pa bliye jan moun ki pa vle wè ou yo ap fè eskandal san rete.