Psalms 45

(可拉后裔的训诲诗,又是爱慕歌,交与伶长。调用百合花。)我心里涌出美辞;我论到我为王做的事,我的舌头是快手笔。
Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se yon chante pitit Kore yo. Se yon chan damou.
你比世人更美;在你嘴里满有恩惠;所以 神赐福给你,直到永远。
Mwen gen anpil bèl pawòl nan bouch mwen. Mwen pral chante yon chante pou wa a, mwen tankou yon moun ki konn konpoze bèl chante.
大能者啊,愿你腰间佩刀,大有荣耀和威严!
Pa gen pi bèl gason pase ou sou tout latè. Ou gen bèl pawòl dous nan bouch ou. Se poutèt sa, Bondye ap toujou beni ou.
为真理、谦卑、公义赫然坐车前往,无不得胜;你的右手必显明可畏的事。
Ou menm vanyan gason, pase nepe ou nan ren ou, pou moun ka wè jan ou gen pouvwa, pou yo ka gen respè pou ou.
你的箭锋快,射中王敌之心;万民仆倒在你以下。
Moute sou cha ou, al goumen, pou pran defans moun ki kenbe pawòl yo, moun ki gen bon kè, moun ki mache dwat devan ou. Kouraj ou ap fè ou genyen batay la.
 神啊,你的宝座是永永远远的;你的国权是正直的。
Flèch ou yo pwenti. Moun lòt nasyon yo ap tonbe nan pye ou. Lènmi wa a pèdi tout kouraj yo.
你喜爱公义,恨恶罪恶;所以 神─就是你的 神─用喜乐油膏你,胜过膏你的同伴。
Gouvènman ou lan la pou tout tan tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la.
你的衣服都有没药、沉香、肉桂的香气;象牙宫中有丝弦乐器的声音使你欢喜。
Ou renmen tou sa ki byen, ou rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou l'a chwazi ou. Li fè kè ou kontan nèt ale: Li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo.
有君王的女儿在你尊贵妇女之中;王后佩戴俄斐金饰站在你右边。
Tout rad ou santi bon ak odè flè jasmen, womaren ak sitwonèl. Nan palè ou ki kouvri ak livwa, y'ap fè mizik pou fè kè ou kontan.
女子啊,你要听,要想,要侧耳而听!不要记念你的民和你的父家,
Pami medam k'ap sèvi lakay ou yo anpil ladan yo se pitit fi wa yo ye. Sou bò dwat ou, larenn lan kanpe byen bèl. Li gen sou li bijou fèt an lò ki soti peyi Ofi.
王就羨慕你的美貌;因为他是你的主,你当敬拜他。
Koute, mafi! Gade byen! Tande sa m'ap di ou: -Ou mèt bliye pèp kote ou soti a. Ou mèt bliye moun kay papa ou yo.
推罗的民(原文是女子)必来送礼;民中的富足人也必向你求恩。
Wa a pa manke renmen ou, paske ou bèl. Se li ki mèt ou, se pou ou obeyi l'.
王女在宫里极其荣华;她的衣服是用金线绣的。
Moun peyi Tir ap pote anpil kado ba ou. Moun rich yo ap vin flate ou.
她要穿锦绣的衣服,被引到王前;随从她的陪伴童女也要被带到你面前。
Pitit fi wa a nan palè a. Ala bèl li bèl! Twal rad ki sou li a fèt ak fil lò.
她们要欢喜快乐被引导;她们要进入王宫。
Yo mennen l' bò kote wa a, avèk bèl rad bwode li sou li. Tout fidonè li yo ap mache dèyè l': yo prezante yo ba ou tou.
你的子孙要接续你的列祖;你要立他们在全地作王。
Y'ap vini, yo kontan, y'ap chante, y'ap antre nan palè wa a.
我必叫你的名被万代记念,所以万民要永永远远称谢你。
Monwa, pitit ou yo va chita kote zansèt ou yo te chita a. W'ap mete yo chèf sou tout latè. Mwen vle chante pou yo pa janm bliye ou, konsa moun lòt peyi yo va fè lwanj ou tout tan tout tan.