Psalms 35

(大卫的诗。)耶和华啊,与我相争的,求你与他们相争!与我相战的,求你与他们相战!
Se yon sòm David. Seyè, atake moun ki pa vle wè m' yo, goumen ak moun k'ap fè m' lagè yo.
拿著大小的盾牌,起来帮助我。
Pran zam ou sèvi pou pare kou a, leve non, vin pote m' sekou.
抽出枪来,挡住那追赶我的;求你对我的灵魂说:我是拯救你的。
Pran fwenn ou, pran rach ou. Atake moun k'ap pousib mwen yo. Fè m' konnen se ou menm k'ap delivre m'.
愿那寻索我命的,蒙羞受辱!愿那谋害我的,退后羞愧!
Se pou moun k'ap chache touye m' yo sezi, se pou yo wont. Se pou moun k'ap fè konplo sou mwen yo rale kò yo dèyè. Se pou yo pa ka leve tèt yo.
愿他们像风前的糠,有耶和华的使者赶逐他们。
Se pou yo tankou pay van ap pote ale, lè zanj Bondye a ap kouri dèyè yo.
愿他们的道路又暗又滑,有耶和华的使者追赶他们。
Se pou fènwa bare wout yo, pou chemen an glise anba pye yo, lè zanj Bondye a ap talonnen yo.
因他们无故地为我暗设网罗,无故地挖坑,要害我的性命。
San m' pa fè yo anyen, y'ap tann pèlen pou mwen. San m' pa fè yo anyen, y'ap fouye yon twou byen fon pou m' ka tonbe ladan l'.
愿灾祸忽然临到他身上!愿他暗设的网缠住自己!愿他落在其中遭灾祸!
Men, y'ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo, y'ap pran nan pèlen yo te tann lan, y'ap tonbe nan twou yo te fouye a.
我的心必靠耶和华快乐,靠他的救恩高兴。
Se konsa Seyè a pral fè kè m' kontan, m'ap kontan anpil, paske li delivre mwen.
我的骨头都要说:耶和华啊,谁能像你救护困苦人脱离那比他强壮的,救护困苦穷乏人脱离那抢夺他的?
M'a di ak tout kè mwen: -Seyè, pa gen tankou ou! Ou delivre fèb yo anba moun ki gen fòs pase yo. Ou delivre pòv yo ak malere yo anba moun k'ap piye yo.
凶恶的见证人起来,盘问我所不知道的事。
Gen moun k'ap kanpe bay manti sou mwen. Yo di mwen fè yon pakèt bagay mwen pa janm konnen mwen fè.
他们向我以恶报善,使我的灵魂孤苦。
Moun mwen fè byen se yo k'ap fè m' mal. Mwen fin dekouraje.
至于我,当他们有病的时候,我便穿麻衣,禁食,刻苦己心;我所求的都归到自己的怀中。
Lè yo te malad, mwen te pran gwo lapenn pou yo, mwen rete san manje. Mwen bese tèt mwen pou mwen lapriyè pou yo,
我这样行,好像他是我的朋友,我的弟兄;我屈身悲哀,如同人为母亲哀痛。
menm jan mwen ta lapriyè pou yon zanmi osinon pou yon frè. M'ap mache do ba ak gwo lapenn nan kè m', tankou yon moun ki pèdi manman l'.
我在患难中,他们却欢喜,大家聚集。我所不认识的那些下流人聚集攻击我;他们不住地把我撕裂。
Men, lè mwen menm mwen nan tray, yo tout yo kontan, yo mete tèt yo ansanm. Y'ap fè pil dèyè do m' pou bay manti sou mwen. Y'ap kale do m' san pran souf.
他们如同席上好嬉笑的狂妄人向我咬牙。
Yo atake m', yo pase m' nan betiz. Y'ap gade m', y'ap griyen dan sou mwen.
主啊,你看著不理要到几时呢?求你救我的灵魂脱离他们的残害!救我的生命(生命:原文是独一者)脱离少壮狮子!
Seyè, pou konbe tan ankò w'a penmèt sa? Pwoteje m' non anba bèt sovaj sa yo. Sove m' anba lyon sa yo.
我在大会中要称谢你,在众民中要讚美你。
M'a di ou mèsi nan mitan tout moun lè yo reyini, m'a fè lwanj ou devan yon gwo foul moun.
求你不容那无理与我为仇的向我夸耀!不容那无故恨我的向我挤眼!
Pa kite lènmi m' yo, bann mantò sa yo, fè fèt sou tèt mwen. Pa kite moun sa yo ki rayi m' san m' pa fè yo anyen an fè siy sou mwen.
因为他们不说和平话,倒想出诡诈的言语害地上的安静人。
Yo pale tankou moun k'ap chache kont. Y'ap kalkile tout kalite manti pou yo fè sou moun ki pa nan kont ak pesonn nan peyi a.
他们大大张口攻击我,说:阿哈,阿哈,我们的眼已经看见了!
Yo louvri bouch yo byen laj pou bay manti sou mwen. Y'ap di: -Wi! Nou te wè ou!
耶和华啊,你已经看见了,求你不要闭口!主啊,求你不要远离我!
Men ou menm, Seyè, ou wè tout bagay. Pa rete san ou pa di anyen nan sa, Seyè! Pa rete lwen m' konsa.
我的 神我的主啊,求你奋兴醒起,判清我的事,伸明我的冤!
Leve non, Seyè, vin pran defans mwen! Leve non, Bondye mwen, vin plede kòz mwen!
耶和华─我的 神啊,求你按你的公义判断我,不容他们向我夸耀!
Ou pa nan patipri, Seyè. Fè m' jistis. Pa kite lènmi m' yo fè fèt sou tèt mwen.
不容他们心里说:阿哈,遂我们的心愿了!不容他们说:我们已经把他吞了!
Pa kite yo di nan kè yo: -Wi! se sa menm nou te vle rive li! Pa kite yo di: -Nou fini avè l'!
愿那喜欢我遭难的一同抱愧蒙羞!愿那向我妄自尊大的披惭愧,蒙羞辱!
Tout moun ki kontan wè jan m'ap soufri a, se pou yo wont jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou moun k'ap gonfle lestonmak yo sou mwen pèdi fil, se pou yo kouri al kache!
愿那喜悦我冤屈得伸的(冤屈得伸:原文是公义)欢呼快乐;愿他们常说:当尊耶和华为大!耶和华喜悦他的仆人平安。
Se pou moun ki kontan wè jan m' inonsan an pran rele byen fò san rete. Se pou yo di: -Seyè a gen gwo pouvwa! Li vle pou sèvitè li viv ak kè poze.
我的舌头要终日论说你的公义,时常讚美你。
Lè sa a, m'a fè konnen jistis ou, m'a fè lwanj ou tout lajounen.