Psalms 16

(大卫的金诗。) 神啊,求你保佑我,因为我投靠你。
Sè yon kantik David. Pwoteje m', Bondye, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon.
我的心哪,你曾对耶和华说:你是我的主;我的好处不在你以外。
Mwen di Seyè a: -Se ou ki sèl Mèt mwen. Se ou menm ki tout mwen. Pa gen pase ou!
论到世上的圣民,他们又美又善,是我最喜悦的。
Tout plezi m' se pou m' toujou la avè moun k'ap sèvi Seyè a nan peyi a.
以别神代替耶和华的(或译:送礼物给别神的),他们的愁苦必加增;他们所浇奠的血我不献上;我嘴唇也不提别神的名号。
Moun k'ap kouri dèyè tout lòt bondye yo, se traka y'ap chache bay tèt yo. Mwen p'ap mele nan ofrann bèt y'ap fè. Mwen p'ap janm nonmen non bondye sa yo.
耶和华是我的产业,是我杯中的分;我所得的,你为我持守。
Seyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m' tou sa m' merite. Lavi m' nan men ou.
用绳量给我的地界,坐落在佳美之处;我的产业实在美好。
Ala yon bèl eritaj ki vin pou mwen! Ala kontan mwen kontan pou pòsyon pa m' lan!
我必称颂那指教我的耶和华;我的心肠在夜间也警戒我。
M'ap fè lwanj Seyè a paske li ban m' bon konsèy. Menm lannwit, konsyans mwen di m' sa pou m' fè.
我将耶和华常摆在我面前,因他在我右边,我便不致摇动。
Mwen toujou mete Seyè a devan je m'. Paske li toujou bò kote m'. Anyen pa ka brannen m'.
因此,我的心欢喜,我的灵(原文是荣耀)快乐;我的肉身也要安然居住。
Se poutèt sa, kè m' kontan anpil. Mwen santi se tout tan mwen ta chante. Ata kò mwen m'ap poze ak konfyans nan Bondye.
因为你必不将我的灵魂撇在阴间,也不叫你的圣者见朽坏。
Paske ou p'ap kite m' kote mò yo ye a, ou p'ap penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè.
你必将生命的道路指示我。在你面前有满足的喜乐;在你右手中有永远的福乐。
W'a fè m' konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m', mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Seyè, se yon plèzi ki p'ap janm fini.