Psalms 109

(大卫的诗,交与伶长。)我所讚美的 神啊,求你不要闭口不言。
Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Bondye, m'ap fè lwanj ou! Tanpri, pa rete san ou pa di anyen.
因为恶人的嘴和诡诈人的口已经张开攻击我;他们用撒谎的舌头对我说话。
Yon bann mechan ak yon bann mantò ap pale m' mal. Y'ap fè manti sou mwen.
他们围绕我,说怨恨的话,又无故地攻打我。
Kote m' pase, moun ki rayi m' yo ap pale m' mal. Y'ap fè m' lagè san mwen pa fè yo anyen.
他们与我为敌以报我爱,但我专心祈祷。
Mwen renmen yo, men yo menm yo pa vle wè m'. Pou mwen menm, m'ap lapriyè nan pye ou.
他们向我以恶报善,以恨报爱。
M'ap fè byen pou yo, yo menm y'ap fè m' mal. Mwen renmen yo, men yo menm yo rayi m'.
愿你派一个恶人辖制他,派一个对头站在他右边!
Pran yon mechan, mete l' chèf sou lènmi m' lan. Moun ki la pou pran defans li, se li ki pou kanpe akize li.
他受审判的时候,愿他出来担当罪名!愿他的祈祷反成为罪!
Lè yo jije l', se pou yo jwenn li koupab. Menm lapriyè l'ap fè yo, se pou yo pase pou peche.
愿他的年日短少!愿别人得他的职分!
Se pou l' pa gen anpil jou pou l' viv ankò. Se pou yon lòt moun pran plas li nan travay li.
愿他的儿女为孤儿,他的妻子为寡妇!
Se pou pitit li yo rete san papa. Se pou madanm li vin vèv.
愿他的儿女漂流讨饭,从他们荒凉之处出来求食!
Se pou pitit li yo tounen vakabon k'ap mande. Se pou yo mete yo deyò nan vye kay kraze kote yo rete a.
愿强暴的债主牢笼他一切所有的!愿外人抢他劳碌得来的!
Se pou moun ki te prete l' lajan mete men sou tou sa ki pou li. Se pou etranje piye rekòt jaden li.
愿无人向他延绵施恩!愿无人可怜他的孤儿!
Se pou pesonn pa zanmi l' ankò. Se pou pesonn pa gen pitye pou pitit li kite.
愿他的后人断绝,名字被涂抹,不传于下代!
Se pou tout pitit pitit li yo mouri. Se pou timoun k'ap vini yo bliye non li.
愿他祖宗的罪孽被耶和华记念!愿他母亲的罪过不被涂抹!
Se pou Seyè a toujou chonje tou sa zansèt li yo te fè ki mal, pou l' pa janm padonnen peche manman l' yo.
愿这些罪常在耶和华面前,使他的名号断绝于世!
Se pou Seyè a pa janm bliye peche yo te fè. Se pou li fè moun bliye yo nèt sou latè,
因为他不想施恩,却逼迫困苦穷乏的和伤心的人,要把他们治死。
paske li pa janm chonje gen pitye pou pesonn. Li pèsekite malere yo, endijan yo, moun ki san sekou, jouk li touye yo.
他爱咒骂,咒骂就临到他;他不喜爱福乐,福乐就与他远离!
Li renmen bay madichon. Se pou madichon tonbe sou li. Li pa renmen bay benediksyon. Se pou pesonn pa ba li benediksyon.
他拿咒骂当衣服穿上;这咒骂就如水进他里面,像油入他的骨头。
Tout kò l' se madichon! Se pou madichon pase l' nan san. Se pou madichon antre nan tout zo nan kò l'.
愿这咒骂当他遮身的衣服,当他常束的腰带!
Se pou madichon kouvri l' tankou dra. Se pou madichon mare nan ren l' tankou yon sentiwon.
这就是我对头和用恶言议论我的人从耶和华那里所受的报应。
Se konsa pou Seyè a pini moun ki pa vle wè m' yo, moun k'ap pale m' mal yo.
主─耶和华啊,求你为你的名恩待我;因你的慈爱美好,求你搭救我!
Men, Seyè, Bondye mwen, fè kichòy pou mwen non, pou sa sèvi yon lwanj pou ou. Delivre m' non paske ou p'ap janm sispann renmen m'.
因为我困苦穷乏,内心受伤。
Se yon pòv malere san sekou mwen ye, kè m' ap fann.
我如日影渐渐偏斜而去;我如蝗虫被抖出来。
Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. Mwen tankou bigay van ap pote ale.
我因禁食,膝骨软弱;我身上的肉也渐渐瘦了。
Jenou m' fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po. Mwen fèb anpil!
我受他们的羞辱,他们看见我便摇头。
Lè moun wè m', y'ap fè siy sou mwen, y'ap pase m' nan rizib.
耶和华─我的 神啊,求你帮助我,照你的慈爱拯救我,
Ede m' non, Seyè, Bondye mwen! Delivre m' paske ou gen bon kè.
使他们知道这是你的手,是你─耶和华所行的事。
Se pou lènmi m' yo konnen se ou menm, Seyè, k'ap delivre m'.
任凭他们咒骂,惟愿你赐福;他们几时起来就必蒙羞,你的仆人却要欢喜。
Yo mèt ban m' madichon. Men, ou menm, w'ap ban m' benediksyon. Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont. Men, mwen menm k'ap sèvi ou la, se pou m' gen kè kontan.
愿我的对头披戴羞辱!愿他们以自己的羞愧为外袍遮身!
Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont, se pou dezonè tonbe sou yo.
我要用口极力称谢耶和华;我要在众人中间讚美他;
M'ap louvri bouch mwen tout lajè pou m' di Seyè a mèsi. M'ap fè lwanj li lè tout pèp la reyini,
因为他必站在穷乏人的右边,要救他脱离审判他灵魂的人。
paske li pran defans pòv malere a, li delivre l' anba men moun ki te kondannen l' yo.