Psalms 106

你们要讚美耶和华!要称谢耶和华,因他本为善;他的慈爱永远长存!
Lwanj pou Seyè a! Wi, lwanj pou Seyè a paske li bon: li p'ap janm sispann renmen nou.
谁能传说耶和华的大能?谁能表明他一切的美德?
Ki moun ki ka rakonte tout gwo bagay Seyè a fè? Ki moun ki ka fin fè lwanj li?
凡遵守公平、常行公义的,这人便为有福!
Ala bon sa bon pou moun ki fè sa Bondye mande l' fè, ki toujou ap fè sa ki dwat devan li!
耶和华啊,你用恩惠待你的百姓;求你也用这恩惠记念我,开你的救恩眷顾我,
Seyè, jan ou gen kè sansib pou pèp ou a, pa bliye m'. Pa bliye m', lè w'ap vin delivre yo.
使我见你选民的福,乐你国民的乐,与你的产业一同夸耀。
Konsa, m'a wè jan moun ou chwazi yo alèz. M'a fè kè m' kontan ansanm ak pèp ou a. M'a pran plezi m' ansanm ak moun ki pou ou yo.
我们与我们的祖宗一同犯罪;我们作了孽,行了恶。
Tankou zansèt nou yo, nou te peche, nou te fè mechanste, nou te fè sa ki mal.
我们的祖宗在埃及不明白你的奇事,不记念你丰盛的慈爱,反倒在红海行了悖逆。
Lè zansèt nou yo te nan peyi Lejip, yo pa t' konprann mirak ou te fè pou yo. Yo te bliye jan ou te renmen yo, yo leve dèyè Bondye ki gen tout pouvwa a, lè yo te bò Lanmè Wouj la.
然而,他因自己的名拯救他们,为要彰显他的大能,
Men, li te sove yo pou sa sèvi yon lwanj pou li, pou l' moutre jan li gen pouvwa.
并且斥责红海,海便干了;他带领他们经过深处,如同经过旷野。
Li te pase Lanmè Wouj la lòd, lanmè a cheche. Li fè pèp li mache nan fon lanmè a tankou si se te nan yon dezè.
他拯救他们脱离恨他们人的手,从仇敌手中救赎他们。
Li sove yo anba men moun ki te rayi yo, li delivre yo anba men lènmi yo.
水淹没他们的敌人,没有一个存留。
Dlo a neye tout lènmi yo. Pa gen yonn ki chape.
那时,他们才信了他的话,歌唱讚美他。
Se lè sa a pèp li a vin kwè sa l' te di a, yo chante pou fè lwanj li.
等不多时,他们就忘了他的作为,不仰望他的指教,
Men, lamenm, yo bliye sa l' te fè pou yo. Yo pa t' tann li fin fè pou yo sa l' te gen nan lide l'.
反倒在旷野大起欲心,在荒地试探 神。
Yo kite lanvi pran pye sou yo nan dezè a, yo t'ap gade ki bò Bondye ye ak yo.
他将他们所求的赐给他们,却使他们的心灵软弱。
Se konsa, Bondye ba yo sa yo te mande l' la. Men, li voye yon move maladi sou yo pou touye yo.
他们又在营中嫉妒摩西和耶和华的圣者亚伦。
Antan yo la nan dezè a yo te rayi sò Moyiz ak sò Arawon, sèvitè Bondye te chwazi a.
地裂开,吞下大坍,掩盖亚比兰一党的人。
Se konsa latè a fann, li vale Datan, li fèmen sou Abiram ansanm ak tout moun ki te fè bann ak li yo.
有火在他们的党中发起;有火焰烧毁了恶人。
Dife grennen sou tout bann lan, li boule tout mechan yo.
他们在何烈山造了牛犊,叩拜铸成的像。
Lè yo te Orèb, yo fè pòtre yon ti towo bèf, yo adore zidòl yo te fè ak lò a.
如此将他们荣耀的主换为吃草之牛的像,
Yo pran lwanj ki pou Bondye a bay yon pòtre bèf ki manje zèb.
忘了 神─他们的救主;他曾在埃及行大事,
Yo bliye Bondye ki te delivre yo a, avèk gwo mèvèy li te fè nan peyi Lejip,
在含地行奇事,在红海行可畏的事。
mirak li te fè nan peyi Kam lan, mèvèy li tè fè bò Lanmè Wouj la.
所以,他说要灭绝他们;若非有他所拣选的摩西站在当中(原文是破口),使他的忿怒转消,恐怕他就灭绝他们。
Se konsa Bondye di l'ap detwi pèp li a. Men, Moyiz, moun li te chwazi a, kanpe devan li. Li mande l' pou l' pa fè kòlè jouk pou li ta detwi yo.
他们又藐视那美地,不信他的话,
Yo pa t' vle tande pale sou peyi kote pou yo jwenn tout bon bagay la paske yo pa t' kwè pawòl Bondye.
在自己帐棚内发怨言,不听耶和华的声音。
Yo rete anba tant yo, y'ap bougonnen. Yo pa t' vle koute Seyè a.
所以,他对他们起誓:必叫他们倒在旷野,
Lè sa a, Seyè a leve men l', li sèmante l'ap fè yo peri nan dezè a.
叫他们的后裔倒在列国之中,分散在各地。
L'ap gaye tout pitit pitit yo nan mitan lòt nasyon yo, l'ap kite yo mouri toupatou nan peyi etranje.
他们又与巴力•毗珥连合,且吃了祭死神(或译:人)的物。
Men, pèp Bondye a mete tèt yo ansanm pou y' al adore Baal lavil Peyò. Yo manje bèt yo te touye ofri bay mò yo.
他们这样行,惹耶和华发怒,便有瘟疫流行在他们中间。
Sa te moute kolè Seyè a anpil sou yo lè li wè sa yo t'ap fè. Se poutèt sa maladi tonbe sou yo.
那时,非尼哈站起,刑罚恶人,瘟疫这才止息。
Men, Fineas leve, li mete lòd, li pini koupab yo, epi pèp la geri.
那就算为他的义,世世代代,直到永远。
Bagay sa ki rive a te fè yo bay Fineas rezon depi lè sa a pou tout tan.
他们在米利巴水又叫耶和华发怒,甚至摩西也受了亏损,
Pèp la te fè Seyè a fache anpil bò sous dlo Meriba a. Sa te fè Moyiz lapenn pou yo.
是因他们惹动他的灵,摩西(原文是他)用嘴说了急躁的话。
Sa te fè Moyiz sitèlman fache, li te rive fè bagay li pa t' gen dwa fè.
他们不照耶和华所吩咐的灭绝外邦人,
Yo pa t' detwi moun lòt nasyon yo jan Seyè a te mande yo fè a.
反与他们混杂相合,学习他们的行为,
Men, okontrè, yo te marye ak yo, yo pran tout vye mès yo.
事奉他们的偶像,这就成了自己的网罗,
Yo pran adore zidòl yo. Sa tounen yon pèlen pou yo.
把自己的儿女祭祀鬼魔,
Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo.
流无辜人的血,就是自己儿女的血,把他们祭祀迦南的偶像,那地就被血污秽了。
Yo touye ti inonsan sa yo, pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ofri yo bay zidòl moun peyi Kanaran yo. Se konsa yo fin derespekte tout peyi a ak san moun yo te touye.
这样,他们被自己所做的污秽了,在行为上犯了邪淫。
Avèk sa yo t'ap fè a, yo avili tèt yo, yo vire do bay Bondye.
所以,耶和华的怒气向他的百姓发作,憎恶他的产业,
Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te degoute ak pitit li yo.
将他们交在外邦人的手里;恨他们的人就辖制他们。
Li lage yo nan men moun lòt nasyon yo. Moun ki te rayi yo mete pye sou kou yo.
他们的仇敌也欺压他们,他们就伏在敌人手下。
Lènmi yo t'ap peze yo, yo te soumèt yo nèt anba men yo.
他屡次搭救他们,他们却设谋背逆,因自己的罪孽降为卑下。
Seyè a te delivre pèp li a anpil fwa. Men, yo te pito revòlte kont li, yo te tonbe pi mal nan fè peche.
然而,他听见他们哀告的时候,就眷顾他们的急难,
Men, Seyè a te wè mizè yo, li te tande jan y'ap rele.
为他们记念他的约,照他丰盛的慈爱后悔。
Li chonje kontra li te pase ak yo, li gen pitye pou yo paske li renmen yo anpil.
他也使他们在凡掳掠他们的人面前蒙怜恤。
Li fè moun ki te kenbe yo prizonye gen pitye pou yo.
耶和华─我们的 神啊,求你拯救我们,从外邦中招聚我们,我们好称讚你的圣名,以讚美你为夸胜。
Delivre nou non, Seyè, Bondye nou. Fè nou soti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou non, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm ase ou ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou.
耶和华─以色列的 神是应当称颂的,从亘古直到永远。愿众民都说:阿们!你们要讚美耶和华!
Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan! Epi tout pèp la pran reponn: Wi, se vre! Lwanj pou Seyè a!