Proverbs 10

所罗门的箴言:智慧之子使父亲欢乐;愚昧之子叫母亲担忧。
Men pwovèb wa Salomon yo: Yon pitit ki gen bon konprann fè kè papa l' kontan. Men, yon pitit san konprann bay manman l' lapenn.
不义之财毫无益处;惟有公义能救人脱离死亡。
Byen ou rive fè nan move kondisyon p'ap rapòte ou anyen. Men, lè ou serye, ou sove lavi ou.
耶和华不使义人受饥饿;恶人所欲的,他必推开。
Seyè a p'ap kite moun ki mache dwat soufri grangou. Men, l'ap anpeche mechan an jwenn sa li anvi a.
手懒的,要受贫穷;手勤的,却要富足。
Parese fè ou pòv, men travay di fè ou rich.
夏天聚敛的,是智慧之子;收割时沉睡的,是贻羞之子。
Yon nonm ki wè lwen ranmase rekòt li lè rekòt la pare. Men, se yon wont pou moun ki pase tou tan rekòt la ap dòmi.
福祉临到义人的头;强暴蒙蔽恶人的口。
benediksyon Bondye ap chita sou yon nonm debyen. Pawòl yon moun mechan p'ap janm kite ou wè jan l' mechan.
义人的纪念被称讚;恶人的名字必朽烂。
Y'ap toujou chonje yon nonm debyen, y'a fè lwanj pou li. Men, talè konsa non mechan an ap sèvi jouman.
心中智慧的,必受命令;口里愚妄的,必致倾倒。
Moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba li. Men, moun k'ap pale tankou moun fou pa lwen mouri.
行正直路的,步步安稳;走弯曲道的,必致败露。
Yon nonm serye pa janm bezwen pe anyen. Men, yo gen pou yo bare moun k'ap fè vis.
以眼传神的,使人忧患;口里愚妄的,必致倾倒。
Moun k'ap twenzi je yo sou moun, se moun k'ap voye wòch kache men. Men, moun ki pale kare anpeche kont.
义人的口是生命的泉源;强暴蒙蔽恶人的口。
Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat yo bay lavi. Men, pawòl yon moun mechan p'ap janm kite ou wè jan l' mechan.
恨能挑启争端;爱能遮掩一切过错。
Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont.
明哲人嘴里有智慧;无知人背上受刑杖。
Moun lespri pale bon pawòl. Men, pou moun san konprann, se baton nan dèyè yo.
智慧人积存知识;愚妄人的口速致败坏。
Moun ki gen bon konprann toujou ap aprann. Men, lè moun san konprann ap pale, malè pa lwen.
富户的财物是他的坚城;穷人的贫乏是他的败坏。
Byen yon moun rich, se pwoteksyon li. Men, depi yon nonm pòv, nanpwen pwoteksyon pou li.
义人的勤劳致生;恶人的进项致死(死:原文是罪)。
Travay moun k'ap mache dwat yo bay lavi. Lajan moun k'ap fe sa ki mal yo se pou malè yo.
谨守训诲的,乃在生命的道上;违弃责备的,便失迷了路。
Moun ki koute lè yo rale zòrèy yo ap jwenn chemen lavi. Men, moun ki refize admèt lè yo antò pèdi chemen yo.
隐藏怨恨的,有说谎的嘴;口出谗谤的,是愚妄的人。
Moun ki rayi moun nan kè yo, se moun ou pa ka fye. Tout moun k'ap mache fè tripotay se moun san konprann.
多言多语难免有过;禁止嘴唇是有智慧。
Plis ou pale anpil, plis ou ka rive fè peche. Lè ou gen bonjan konprann ou kenbe bouch ou fèmen.
义人的舌乃似高银;恶人的心所值无几。
Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat, se lò. Men, lide k'ap travay nan tèt yon mechan pa vo anyen.
义人的口教养多人;愚昧人因无知而死亡。
Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat ap pwofite anpil moun. Men, moun sòt yo ap mouri, paske yo pa gen konprann.
耶和华所赐的福使人富足,并不加上忧虑。
benediksyon Bondye bay moun richès. Ou te mèt travay di ou pa ka mete anyen sou li.
愚妄人以行恶为戏耍;明哲人却以智慧为乐。
Lè moun san konprann ap fè sa ki mal, se tankou yon jwèt pou yo. Men, yon moun lespri pran plezi l' nan chache gen bon konprann.
恶人所怕的,必临到他;义人所愿的,必蒙应允。
Yon moun ki mache dwat, Bondye va ba li tou sa l' ta renmen genyen. Men mechan an, se sa l' pè rive l' la k'ap rive l'.
暴风一过,恶人归于无有;义人的根基却是永久。
Depi move tan pase, mechan yo disparèt lamenm. Men, moun k'ap mache dwat yo ap toujou kanpe fèm.
懒惰人叫差他的人如醋倒牙,如烟薰目。
Pa janm voye parese fè komisyon pou ou. L'ap ennève ou menm jan sitwon fè dan moun gasi, menm jan lafimen fè je moun koule dlo.
敬畏耶和华使人日子加多;但恶人的年岁必被减少。
Krentif pou Bondye fè moun viv lontan. Men, mechan yo mouri anvan lè yo.
义人的盼望必得喜乐;恶人的指望必致灭没。
Sa moun k'ap mache dwat yo ap tann lan va rive vre. Men, mechan yo p'ap janm jwenn sa y'ap tann lan.
耶和华的道是正直人的保障,却成了作孽人的败坏。
Chemen Bondye se yon pwoteksyon pou moun ki serye. Men, l'ap detwi moun k'ap fè mal yo.
义人永不挪移;恶人不得住在地上。
Yo p'ap janm ka fè moun k'ap mache dwat yo brannen. Men, mechan yo ap disparèt nan peyi a.
义人的口滋生智慧;乖谬的舌必被割断。
Lè moun k'ap mache dwat yo ap pale, se bon koze yo bay. Men, moun k'ap pale mal yo ap disparèt.
义人的嘴能令人喜悦;恶人的口说乖谬的话。
Moun k'ap mache dwat yo konn bèl pawòl pou yo di. Men, lang mechan yo, se kouto de bò.