Philemon 1

为基督耶稣被囚的保罗,同兄弟提摩太写信给我们所亲爱的同工腓利门,
Mwen menm Pòl, ki nan prizon poutèt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a, ansanm ak frè Timote, Pou Filemon, yon moun nou renmen anpil epi k'ap travay ansanm ak nou pou Seyè a,
和妹子亚腓亚并与我们同当兵的亚基布,以及在你家的教会。
pou tout legliz la ki reyini lakay li a, pou Apya, sè nou an, ak Achip, kanmarad ki te konbat ansanm ak nou an.
愿恩惠、平安从 神我们的父和主耶稣基督归与你们!
Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.
我祷告的时候提到你,常为你感谢我的 神;
Chak fwa m'ap lapriyè, mwen nonmen non ou, mwen di Bondye mèsi pou ou.
因听说你的爱心并你向主耶稣和众圣徒的信心(或作:因听说你向主耶稣和众圣徒有爱心有信心)。
Paske m' tande jan ou renmen tout pèp Bondye a, jan ou gen konfyans nan Seyè Jezi.
愿你与人所同有的信心显出功效,使人知道你们各样善事都是为基督做的。
M'ap mande Bondye pou konfyans nou gen ansanm nan li a ka fè nou konprann pi byen tout benediksyon nou jwenn nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la.
兄弟啊,我为你的爱心,大有快乐,大得安慰,因众圣徒的心从你得了畅快。
Se pa ti kontan m' te kontan, sa te ankouraje m' anpil, frè mwen, lè m' tande jan ou renmen moun ki fè pati pèp Bondye a, jan ou te remoute kouraj yo anpil.
我虽然靠著基督能放胆吩咐你合宜的事;
Se poutèt sa, atout Kris la ban m' otorite pou m' di ou sa ou gen pou ou fè,
然而像我这有年纪的保罗,现在又是为基督耶稣被囚的,宁可凭著爱心求你,
m' pito mande ou rann mwen sèvis sa a nan non Kris la ki renmen nou: wi, mwen menm Pòl, tou vye granmoun jan m' ye a, atout mwen nan prizon poutèt Jezikri,
就是为我在捆锁中所生的儿子阿尼西母(就是有益处的意思)求你。
m'ap mande ou yon favè pou Onezim, yon pitit mwen fè nan Kris la antan m' la nan prizon an.
他从前与你没有益处,但如今与你我都有益处。
Anvan sa, li pa t' vo anyen pou ou, men koulye a, li vo kichòy ni pou ou ni pou mwen.
我现在打发他亲自回你那里去,他是我心上的人。
M'ap voye l' tounen ba ou koulye a tankou pitit pa mwen.
我本来有意将他留下,在我为福音所受的捆锁中替你伺候我。
M' ta byen renmen kenbe l' bò kote m', pou l' te ka sèvi m' nan plas ou, pandan m' nan prizon pou bon nouvèl la.
但不知道你的意思,我就不愿意这样行,叫你的善行不是出于勉强,乃是出于甘心。
Men, m' pa vle fè anyen san konsantman ou. Mwen pa ta renmen sa sanble se fòse m'ap fòse ou rann mwen sèvis. Mwen ta pito wè ou fè l' ou menm, paske ou vle fè li.
他暂时离开你,或者是叫你永远得著他,
Ou pa janm konnen si Onezim pa t' kite ou pou yon tan, pou ou te ka jwenn li ankò pou tout tan.
不再是奴仆,乃是高过奴仆,是亲爱的兄弟。在我实在是如此,何况在你呢!这也不拘是按肉体说,是按主说,
Paske, se pa tankou yon senp esklav ou jwenn li ankò. Koulye a, li plis pase yon esklav pou ou: se yon frè li ye pou nou nan Kris la, yon frè mwen renmen anpil. Men, ou menm ou dwe renmen li pi plis pase m' ankò. Pa sèlman tankou nenpòt ki moun, men tankou yon frè nan Seyè a.
你若以我为同伴,就收纳他,如同收纳我一样。
Si ou konsidere m' pou zanmi ou, resevwa Onezim menm jan ou ta resevwa mwen.
他若亏负你,或欠你什么,都归在我的帐上,
Si l' te fè ou kèk bagay mal, osinon si l' dwe ou kichòy, mete sa sou kont mwen.
我必偿还。这是我保罗亲笔写的。我并不用对你说,连你自己也是亏欠于我。
Mwen menm Pòl, m'ap ekri sa ak men pa mwen: m'a renmèt ou sa. Mwen pa kwè m' bezwen fè ou chonje jan ou dwe m' lavi.
兄弟啊,望你使我在主里因你得快乐(或作:益处)并望你使我的心在基督里得畅快。
Wi, frè m', fè m' favè sa a nan non Seyè a. Soulaje kè m' tankou yon frè nan Kris la dwe fè li.
我写信给你,深信你必顺服,知道你所要行的,必过于我所说的。
Se paske mwen konnen w'ap fè sa m' mande ou la ki fè m' ekri ou lèt sa a. Mwen konnen ou va fè pi plis pase sa m' mande ou la.
此外你还要给我预备住处;因为我盼望借著你们的祷告,必蒙恩到你们那里去。
An menm tan, pare yon chanm pou mwen, paske, pou lapriyè mwen konnen nou fè pou mwen, mkwè Bondye va tande nou, la fè m' favè vin jwenn nou ankò.
为基督耶稣与我同坐监的以巴弗问你安。
Epafras ki nan prizon ansanm ak mwen poutèt Jezi, Kris la, voye bonjou pou ou.
与我同工的马可、亚里达古、底马、路加、也都问你安。
Mak, Aristak, Demas ak Lik k'ap travay ansanm ak mwen, yo tout voye bonjou tou.
愿我们主耶稣基督的恩常在你的心里。阿们!
Se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la avèk nou. Amèn.