Numbers 32

流便子孙和迦得子孙的牲畜极其众多;他们看见雅谢地和基列地是可牧放牲畜之地,
Moun branch fanmi Woubenn ak moun branch fanmi Gad yo te gen anpil anpil bèt. Lè yo wè jan peyi Jazè a ak peyi Galarad la te bon pou fè gadinaj,
就来见摩西和祭司以利亚撒,并会众的首领,说:
yo vin jwenn Moyiz, Eleaza, prèt la, ak chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo di yo konsa:
「亚大录、底本、雅谢、宁拉、希实本、以利亚利、示班、尼波、比稳,
-Tout rejyon kote nou jwenn lavil sa yo: Atawo, Dibon, Jazè, Nimra, Esbon, Eleyale, Sèbam, Nebo ak Biyon,
就是耶和华在以色列会众前面所攻取之地,是可牧放牲畜之地,你仆人也有牲畜」;
tout peyi Seyè a te ede moun pèp Izrayèl yo pran pou yo bò isit la, se tè ki bon pou fè gadinaj, lèfini nou menm nou gen anpil bèt.
又说:「我们若在你眼前蒙恩,求你把这地给我们为业,不要领我们过约旦河。」
Tanpri, si ou vle fè nou favè sa a, ban nou peyi sa a pou pòsyon pa nou. Pa fòse nou janbe lòt bò larivyè Jouden an.
摩西对迦得子孙和流便子孙说:「难道你们的弟兄去打仗,你们竟坐在这里吗?
Moyiz reponn yo: -Nou ta renmen rete isit la pandan lòt frè nou yo pral nan goumen?
你们为何使以色列人灰心丧胆、不过去进入耶和华所赐给他们的那地呢?
Poukisa nou vle dekouraje moun pèp Izrayèl yo pou yo pa ale nan peyi Seyè a ba yo a?
我先前从加低斯‧巴尼亚打发你们先祖去窥探那地,他们也是这样行。
Se menm bagay la zansèt nou yo te fè wi lè mwen te voye yo ale vizite peyi a antan nou te Kadès Banea.
他们上以实各谷,去窥探那地回来的时候,使以色列人灰心丧胆,不进入耶和华所赐给他们的地。
Yo moute jouk nan ravin Echkòl la, yo vizite tout peyi a. Apre sa, yo dekouraje moun pèp Izrayèl yo pou yo pa antre nan peyi Seyè a te ba yo a.
当日,耶和华的怒气发作,就起誓说:
Jou sa a, Seyè a te move anpil sou yo. Li sèmante, li di konsa:
凡从埃及上来、二十岁以外的人断不得看见我对亚伯拉罕、以撒、雅各起誓应许之地,因为他们没有专心跟从我。
Okenn nan gason ki te gen ventan osinon ki te pi gran lè yo te soti kite peyi Lejip p'ap mete pwent pye yo nan peyi mwen te pwomèt sou sèman m'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la, paske yo pa t' kenbe pawòl yo ak mwen,
惟有基尼洗族耶孚尼的儿子迦勒和嫩的儿子约书亚可以看见,因为他们专心跟从我。
an wetan Kalèb, pitit gason Jefoune, moun fanmi Kenaz yo, ak Jozye, pitit gason Noun lan. Se yo menm sèlman ki te toujou swiv Seyè a san mank.
耶和华的怒气向以色列人发作,使他们在旷野飘流四十年,等到在耶和华眼前行恶的那一代人都消灭了。
Se konsa, Seyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li fè yo moute desann nan dezè a pandan karantan, jouk dènye moun ki te fè sa ki mal devan Seyè a mouri.
谁知,你们起来接续先祖,增添罪人的数目,使耶和华向以色列大发烈怒。
Epi koulye a, nou vle fè tankou papa nou yo? Ou byen wè se pitit yo nou ye vre! Nou pral fè Seyè a pi move ankò sou pèp Izrayèl la.
你们若退后不跟从他,他还要把以色列人撇在旷野,便是你们使这众民灭亡。」
Si nou vire do nou ba li, l'a fè pèp la rete pi lontan ankò nan dezè a. Se nou menm ki va lakòz pèp la fini nèt.
两支派的人挨近摩西,说:「我们要在这里为牲畜垒圈,为妇人孩子造城。
Yo pwoche bò Moyiz, yo di l' konsa: -Pou konmanse, nou ta renmen moute kloti ak wòch pou fèmen pak bèt nou yo, epi nou ta renmen bati lavil ak ranpa pou pitit nou yo.
我们自己要带兵器行在以色列人的前头,好把他们领到他们的地方;但我们的妇人孩子,因这地居民的缘故,要住在坚固的城内。
Men, nou menm gason yo, nou tou pare pou n' ale goumen ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo, pou nou pran devan lè n'ap atake lènmi jouk yo rive nan peyi ki pou yo a. Pandan tan sa a, moun pa nou yo menm va rete isit la nan lavil ak ranpa yo kote moun peyi a p'ap ka fè yo anyen.
我们不回家,直等到以色列人各承受自己的产业。
Nou p'ap tounen lakay nou toutotan tout lòt moun nan pèp Izrayèl la poko jwenn pòsyon tè ki pou yo a.
我们不和他们在约旦河那边一带之地同受产业,因为我们的产业是坐落在约旦河东边这里。」
Nou p'ap pran anyen nan tè ki pou yo lòt bò larivyè Jouden an, paske yo ban nou tè ki bò isit larivyè Jouden an, sou kote solèy leve a, pou pòsyon pa nou.
摩西对他们说:「你们若这样行,在耶和华面前带著兵器出去打仗,
Moyiz di yo konsa: -Si nou fè tou sa nou sot di la a, si vreman vre nou pare pou n' al goumen devan Seyè a,
所有带兵器的人都要在耶和华面前过约旦河,等他赶出他的仇敌,
si tout gason ki ka goumen pami nou yo janbe lòt bò larivyè Jouden an devan Seyè a, jouk Seyè a va fin kraze tout lènmi l' yo devan li,
那地被耶和华制伏了,然后你们可以回来,向耶和华和以色列才为无罪,这地也必在耶和华面前归你们为业。
enben, apre tout peyi a va tonbe anba men Seyè a, n'a tounen vin lakay nou, paske n'a fin fè tou sa nou te dwe fè pou Seyè a ak pou pèp Izrayèl la. Lè sa a, tout peyi ki bò isit la va rele nou pa nou devan Seyè a.
倘若你们不这样行,就得罪耶和华,要知道你们的罪必追上你们。
Men, si nou pa fè tou sa, konnen se kont Seyè a menm n'a peche. N'a peye konsekans peche nou an.
如今你们口中所出的,只管去行,为你们的妇人孩子造城,为你们的羊群垒圈。」
Nou mèt bati lavil ak ranpa pou moun pa nou yo. Nou mèt moute lantouraj pou mete bèt nou yo nan pak. Men, se pou nou fè sa nou pwomèt n'ap fè a.
迦得子孙和流便子孙对摩西说:「仆人要照我主所吩咐的去行。
Moun fanmi Woubenn yo ak moun fanmi Gad yo di konsa: -Mèt, n'ap fè tou sa ou mande nou fè.
我们的妻子、孩子、羊群,和所有的牲畜都要留在基列的各城。
Pitit nou yo va rete nan lavil ki nan peyi Galarad yo ansanm ak madanm nou yo ak tout bèf, tout mouton ak tout kabrit nou yo,
但你的仆人,凡带兵器的,都要照我主所说的话,在耶和华面前过去打仗。」
Men, nou menm gason ki pare pou n' al goumen yo, n'ap pase devan Seyè a pou n' al fè lagè jan ou di l' la.
于是,摩西为他们嘱咐祭司以利亚撒和嫩的儿子约书亚,并以色列众支派的族长,说:
Lè sa a, Moyiz bay Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la lòd sa a sou moun sa yo.
「迦得子孙和流便子孙,凡带兵器在耶和华面前去打仗的,若与你们一同过约旦河,那地被你们制伏了,你们就要把基列地给他们为业。
Li di yo: -Si gason nan branch fanmi Woubenn ak nan branch fanmi Gad yo janbe lòt bò larivyè Jouden an avèk nou tou pare pou y' al goumen devan Seyè a, lè tout peyi a va anba men nou, n'a ba yo tè peyi Galarad la pou yo.
倘若他们不带兵器和你们一同过去,就要在迦南地你们中间得产业。」
Men, si yo pa janbe lòt bò larivyè Jouden an pou y' al goumen avèk nou, y'a resevwa pòsyon tè pa yo nan peyi Kanaran an ansanm ak nou.
迦得子孙和流便子孙回答说:「耶和华怎样吩咐仆人,仆人就怎样行。
Mesye branch fanmi Woubenn ak branch fanmi Gad yo reponn Moyiz, yo di l' konsa: -N'a fè tou sa Seyè a mande nou fè. Se sèvitè li nou ye.
我们要带兵器,在耶和华面前过去,进入迦南地,只是约旦河这边、我们所得为业之地仍归我们。」
N'a janbe lòt bò larivyè a tou pare pou n' al goumen devan Seyè a, n'a antre nan peyi Kanaran an. Men toutjan, nou mande pou yo ban nou pòsyon tè ki bò isit larivyè Jouden an pou nou.
摩西将亚摩利王西宏的国和巴珊王噩的国,连那地和周围的城邑,都给了迦得子孙和流便子孙,并约瑟的儿子玛拿西半个支派。
Se konsa Moyiz pran tout peyi Amori ki te pou wa Siyon, ak peyi Bazan ki te pou wa Og, avèk tout lavil ki nan limit fwontyè peyi yo, li bay moun fanmi Gad yo, moun fanmi Woubenn yo ak mwatye moun ki nan fanmi Manase, pitit gason Jozèf la.
迦得子孙建造底本、亚他录、亚罗珥、
Moun fanmi Gad yo rebati tout lavil sa yo: Dibon, Atawòt, Awoyè,
亚他录‧朔反、雅谢、约比哈、
Atawo, Sofam, Jaze ak Jobeya,
伯宁拉、伯‧哈兰,都是坚固城。他们又垒羊圈。
Bèt-Nimra, Bèt aran. Yo rebati yo avèk ranpa pou pwoteje yo, yo fè pak tou pou mouton ak kabrit.
流便子孙建造希实本、以利亚利、基列亭、
Moun fanmi Woubenn yo menm rebati lavil sa yo: Esbon, Elealè, Kiryatayim,
尼波、巴力‧免、西比玛(尼波、巴力免,名字是改了的),又给他们所建造的城另起别名。
Nebo, Baal Meyon ak Sibma. Yo te chanje non lavil Nebo ak Baal Meyon. Yo bay tout lavil yo rebati yo lòt non.
玛拿西的儿子玛吉,他的子孙往基列去,占了那地,赶出那里的亚摩利人。
Moun fanmi Maki, pitit gason Manase a, pati pou peyi Galarad kote moun Amori yo te rete a. Yo anvayi tout peyi a, yo mete moun Amori yo deyò.
摩西将基列赐给玛拿西的儿子玛吉,他子孙就住在那里。
Se konsa tou, Moyiz bay moun fanmi Maki, pitit gason Manase a, peyi Galarad la pou yo rete.
玛拿西的子孙睚珥去占了基列的村庄,就称这些村庄为哈倭特‧睚珥。
Moun fanmi Jayi, pitit gason Manase a, al atake yon seri ti bouk. Yo anvayi yo epi yo rele yo Bouk Jayi.
挪巴去占了基纳和基纳的乡村,就按自己的名称基纳为挪巴。
Noba menm al atake lavil Kenat ak lòt ti bouk ki sou lòd li yo. l' anvayi l', epi li ba li non l'. Li rele l' Noba.