Numbers 27

属约瑟的儿子玛拿西的各族,有玛拿西的玄孙,玛吉的曾孙,基列的孙子,希弗的儿子西罗非哈的女儿,名叫玛拉、挪阿、曷拉、密迦、得撒。她们前来,
Lè sa a, te gen nan branch fanmi Manase a senk fi, Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tiza. Yo tout te pitit fi Zelochad. Zelochad sa a te pitit gason Efè. Efè te pitit gason Galarad, ki te pitit gason Maki, ki li menm te pitit gason Manase, ki te pitit gason Jozèf.
站在会幕门口,在摩西和祭司以利亚撒,并众首领与全会众面前,说:
Medam yo vini, yo kanpe devan Moyiz ak Eleaza, prèt la, devan chèf fanmi yo ak devan tout pèp la, devan pòt Tant Randevou a, epi yo di:
「我们的父亲死在旷野。他不与可拉同党聚集攻击耶和华,是在自己罪中死的;他也没有儿子。
-Papa nou mouri nan dezè a san li pa kite okenn pitit gason. Li pa t' fè pati bann moun Kore yo ki te revòlte kont Seyè a. Se poutèt pwòp peche pa l' yo kifè li mouri san li pa t' gen tan gen pitit gason.
为什么因我们的父亲没有儿子就把他的名从他族中除掉呢?求你们在我们父亲的弟兄中分给我们产业。」
Se pa paske papa nou pa t' gen pitit gason kifè pou non li disparèt nan fanmi an. Ban nou yon pòsyon tè tou nan mitan fanmi papa nou.
于是,摩西将她们的案件呈到耶和华面前。
Moyiz al pale koze a avèk Seyè a.
耶和华晓谕摩西说:
Seyè a di l' konsa;
「西罗非哈的女儿说得有理。你定要在她们父亲的弟兄中,把地分给她们为业;要将她们父亲的产业归给她们。
-Pitit fi Zelochad yo gen rezon. W'a ba yo yon pòsyon tè ki va rete pou yo nan mitan fanmi papa yo. W'a ba yo pòsyon tè ki te pou papa yo a.
你也要晓谕以色列人说:『人若死了没有儿子,就要把他的产业归给他的女儿。
Apre sa, w'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Si yon moun mouri san li pa kite pitit gason, n'a renmèt pòsyon tè pa l' la bay pitit fi li yo.
他若没有女儿,就要把他的产业给他的弟兄。
Si li pa gen pitit fi, n'a renmèt pòsyon tè pa l' la bay frè l' yo.
他若没有弟兄,就要把他的产业给他父亲的弟兄。
Si li pa gen frè, n'a renmèt tè a bay frè papa l' yo.
他父亲若没有弟兄,就要把他的产业给他族中最近的亲属,他便要得为业。』这要作以色列人的律例典章,是照耶和华吩咐摩西的。」
Si papa l' pa t' gen frè, n'a renmèt li bay fanmi pi pre l' la. Epi tè a va rete pou li. Se pou moun pèp Izrayèl yo swiv regleman sa a tankou yon lwa, jan mwen menm Seyè a, mwen te bay Moyiz lòd la.
耶和华对摩西说:「你上这亚巴琳山,观看我所赐给以色列人的地。
Seyè a di Moyiz konsa: -Moute sou mòn Abarim. Voye je ou gade peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo.
看了以后,你也必归到你列祖(原文作本民)那里,像你哥哥亚伦一样。
Lè w'a fin wè li, ou pral mouri, tankou Arawon, frè ou la.
因为你们在寻的旷野,当会众争闹的时候,违背了我的命,没有在涌水之地、会众眼前尊我为圣。」(这水就是寻的旷野加低斯米利巴水。)
paske nou tou de nou pa t' fè sa m' te di nou fè a nan dezè Zin lan. Lè pèp la t'ap chache m' kont bò sous dlo Meriba yo, nou te refize kite m' fè yo wè pouvwa mwen nan zafè dlo a. (Meriba se sous dlo bò Kadès nan dezè Zin lan.)
摩西对耶和华说:
Lè sa a, Moyiz pale ak Seyè a, li di l' konsa:
「愿耶和华万人之灵的 神,立一个人治理会众,
-O Seyè, Bondye ki bay tout moun lavi, tanpri, chwazi yon nonm ki ka mennen pèp la,
可以在他们面前出入,也可以引导他们,免得耶和华的会众如同没有牧人的羊群一般。」
yon nonm ki ka mache alatèt yo nan tout antre soti yo, pou pèp ou a, pèp Seyè a, pa rete tankou yon bann mouton san gadò pou okipe yo.
耶和华对摩西说:「嫩的儿子约书亚是心中有圣灵的;你将他领来,按手在他头上,
Seyè a reponn Moyiz: -Pran Jozye, pitit gason Noun lan. Se yon nonm ki gen lespri Bondye k'ap travay nan kè l'. W'a mete men ou sou tèt li,
使他站在祭司以利亚撒和全会众面前,嘱咐他,
epi w'a fè l' kanpe devan Eleaza, prèt la, ak devan tout pèp la. Epi la, devan yo tout, w'a ba li tout lòd ou gen pou ba li.
又将你的尊荣给他几分,使以色列全会众都听从他。
W'a separe avè l' pouvwa otorite ou genyen an, pou tout moun nan pèp Izrayèl la ka obeyi l'.
他要站在祭司以利亚撒面前;以利亚撒要凭乌陵的判断,在耶和华面前为他求问。他和以色列全会众都要遵以利亚撒的命出入。」
L'a toujou kanpe devan Eleaza, prèt la, ki va sèvi ak Ourim yo pou chache konnen sa mwen vle yo fè. Se konsa, Eleaza va dirije Jozye ak tout pèp la nan tout antre soti yo.
于是摩西照耶和华所吩咐的将约书亚领来,使他站在祭司以利亚撒和全会众面前。
Moyiz fè jan Seyè a te ba li lòd fè a. Li pran Jozye, li fè l' kanpe devan Eleaza, prèt la, ak tout pèp la.
按手在他头上,嘱咐他,是照耶和华借摩西所说的话。
Li mete men l' sou tèt li, epi li ba li lòd li yo, jan Seyè a te di l' la.