Numbers 26

瘟疫之后,耶和华晓谕摩西和祭司亚伦的儿子以利亚撒说:
Apre epidemi an, Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, li di yo konsa:
「你们要将以色列l全会众,按他们的宗族,凡以色列中从二十岁以外、能出去打仗的,计算总数。」
-Nou pral fè resansman tout moun pèp Izrayèl la, tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran, chak fanmi apa, dapre zansèt yo. W'a pran non tout gason nan pèp Izrayèl la ki bon pou fè lagè.
摩西和祭司以利亚撒在摩押平原与耶利哥相对的约旦河边向以色列人说:
Se konsa, antan pèp la nan plenn peyi Moab yo, toupre larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, Moyiz ak Eleaza, prèt la, ba yo lòd
「将你们中间从二十岁以外的计算总数;是照耶和华吩咐出埃及地的摩西和以色列人的话。
pou tout gason ki gen ventan osinon ki pi gran vin bay non yo, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz. Men moun pèp Izrayèl la ki te soti kite peyi Lejip:
以色列的长子是流便。流便的众子:属哈诺的,有哈诺族;属法路的,有法路族;
Nan branch fanmi Woubenn, premye pitit gason Izrayèl la, te gen fanmi moun Enòk yo, fanmi moun Palou yo,
属希斯伦的,有希斯伦族;属迦米的,有迦米族;
fanmi moun Ezwon yo ak fanmi moun Kami yo.
这就是流便的各族;其中被数的,共有四万三千七百三十名。
Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Woubenn lan. Lè resansman an, yo te jwenn karanntwamil sètsantrant (43.730) gason nan branch fanmi sa a.
法路的儿子是以利押。
Palou te papa Eliyab.
以利押的众子是尼母利、大坍、亚比兰。这大坍、亚比兰,就是从会中选召的,与可拉一党同向耶和华争闹的时候也向摩西、亚伦争闹;
Eliyab te papa Nemwèl, Datan ak Abiram. Se Datan ak Abiram sa yo, de nèg moun yo te konsidere anpil, ki te revòlte kont Moyiz ak Arawon. Yo te fè pati bann moun Kore yo ki te revòlte kont Seyè a.
地便开口吞了他们,和可拉、可拉的党类一同死亡。那时火烧灭了二百五十个人;他们就作了警戒。
Lè sa a, tè a te louvri, li vale yo, epi yo mouri ansanm ak Kore ak tout bann moun li yo. Jou sa a, dife te boule desansenkant (250) moun. Se te yon avètisman pou pèp la.
然而可拉的众子没有死亡。
Men, pitit gason Kore yo pa t' mouri lè sa a.
按著家族,西缅的众子:属尼母利的,有尼母利族;属雅悯的,有雅悯族;属雅斤的,有雅斤族;
Men pitit gason Simeyon yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Nemwèl yo, fanmi moun Yamen yo, fanmi moun Yakim yo,
属谢拉的,有谢拉族;属扫罗的,有扫罗族。
fanmi moun Zera yo ak fanmi moun Sayil yo.
这就是西缅的各族,共有二万二千二百名。
Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Simeyon an. Lè resansman an, te gen venndemil desan (22.200) gason nan branch fanmi sa a.
按著家族,迦得的众子:属洗分的,有洗分族;属哈基的,有哈基族;属书尼的,有书尼族;
Men pitit gason Gad yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Sefon yo, fanmi moun Agi yo, fanmi moun Chouni yo,
属阿斯尼的,有阿斯尼族;属以利的,有以利族;
fanmi moun Ozni yo, fanmi moun Eri yo,
属亚律的,有亚律族;属亚列利的,有亚列利族。
fanmi moun Awòd yo, fanmi moun Areli yo.
这就是迦得子孙的各族,照他们中间被数的,共有四万零五百名。
Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Gad la. Lè resansman an, te gen karantmil senksan (40.500) gason nan branch fanmi sa a.
犹大的儿子是珥和俄南。这珥和俄南死在迦南地。
Men pitit gason Jida yo. Te gen Er ak Onan, men yo tou de mouri nan peyi Kanaran san kite pitit.
按著家族,犹大其余的众子:属示拉的,有示拉族;属法勒斯的,有法勒斯族;属谢拉的,有谢拉族。
Apre yo, te gen Chela, Perèz ak Zirak, ki bay yo chak yon kòt fanmi.
法勒斯的儿子:属希斯伦的,有希斯伦族;属哈母勒的,有哈母勒族。
Perèz te gen de pitit gason. Yo chak bay yon fanmi apa. Se te fanmi Eswon an ak fanmi Amoul lan.
这就是犹大的各族,照他们中间被数的,共有七万六千五百名。
Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Jida a. Lè resansman an, te gen swasannsèzmil senksan (76.500) gason nan branch fanmi sa a.
按著家族,以萨迦的众子:属陀拉的,有陀拉族;属普瓦的,有普瓦族;
Men pitit gason Isaka yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Tola yo, fanmi moun Pouva yo,
属雅述的,有雅述族;属伸崙的,有伸崙族。
fanmi moun Yachoub yo, fanmi moun Chimwon yo.
这就是以萨迦的各族,照他们中间被数的,共有六万四千三百名。
Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Isaka a. Lè resansman an, yo te jwenn swasannkatmil twasan (64.300) gason nan branch fanmi sa a.
按著家族,西布伦的众子:属西烈的,有西烈族;属以伦的,有以伦族;属雅利的,有雅利族。
Men pitit gason Zabilon yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Serèd yo, fanmi moun Elon yo, fanmi moun Yaleyèl yo.
这就是西布伦的各族,照他们中间被数的,共有六万零五百名。
Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Zabilon an. Lè resansman an, yo te jwenn swasantmil senksan (60.500) gason nan branch fanmi sa a.
按著家族,约瑟的儿子有玛拿西、以法莲。
Jozèf te gen de pitit gason: Manase ak Efrayim.
玛拿西的众子:属玛吉的,有玛吉族;玛吉生基列;属基列的,有基列族。
Men pitit gason Manase yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Maki yo. Maki te papa Galarad ki te bay fanmi moun Galarad yo.
基列的众子:属伊以谢的,有伊以谢族;属希勒的,有希勒族;
Galarad te fè sis pitit gason, yo chak bay yon branch fanmi. Te gen fanmi moun Yezè yo, fanmi moun Elèk yo,
属亚斯烈的,有亚斯烈族;属示剑的,有示剑族;
fanmi moun Asriyèl yo, fanmi moun Sichèm yo,
属示米大的,有示米大族;属希弗的,有希弗族;。
fanmi moun Chemida yo, fanmi moun Efè yo.
希弗的儿子西罗非哈没儿子,只有女儿。西罗非哈女儿的名字就是玛拉、挪阿、曷拉、密迦、得撒。
Men Zelofeyad, pitit gason Efè a, pa t' gen pitit gason. Se annik pitit fi li te genyen. Men non yo: Se te Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tisa.
这就是玛拿西的各族;他们中间被数的,共有五万二千七百名。
Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Manase a. Lè resansman an, yo te jwenn senkanndemil sètsan (52.700) gason nan branch fanmi sa a.
按著家族,以法莲的众子:属书提拉的,有书提拉族;属比结的,有比结族;属他罕的,有他罕族。
Men pitit gason Efrayim yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Choutela yo, fanmi moun Bekè yo, fanmi moun Tayan yo.
书提拉的众子:属以兰的,有以兰族。
Choutela poutèt pa l' te gen yon pitit gason. Se te Eran ki bay yon fanmi apa.
这就是以法莲子孙的各族,照他们中间被数的,共有三万二千五百名。按著家族,这都是约瑟的子孙。
Se tout moun sa yo ki te nan branch Efrayim lan. Lè resansman an, yo te jwenn tranndemil senksan (32.500) gason nan branch fanmi sa a.
按著家族,便雅悯众子,属比拉的,有比拉族;属亚实别的,有亚实别族;属亚希兰的,有亚希兰族;
Men pitit gason Benjamen yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Bela yo, fanmi moun Achbèl yo, fanmi moun Ayiram yo,
属书反的,有书反族;属户反的,有户反族。
fanmi moun Choufan yo ak fanmi moun Oufam yo.
比拉的众子是亚勒、乃幔。属亚勒的,有亚勒族;属乃幔的,有乃幔族。
Bela pou tèt pa l' te gen de pitit gason ki bay de lòt branch nan branch fanmi an ankò. Se te Ad ak Naaman.
按著家族,这就是便雅悯的子孙,其中被数的,共有四万五千六百名。
Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Benjamen an. Lè resansman an, yo te jwenn karannsenkmil sisan (45.600) gason nan branch fanmi sa a.
按著家族,但的众子:属书含的,有书含族。按著家族,这就是但的各族。
Men pitit gason Dann lan ak tout kòt fanmi l'. Se te fanmi moun Chwanm yo. Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Dann lan.
照其中被数的,书含所有的各族,共有六万四千四百名。
Lè resansman an, yo te jwenn swasannkatmil katsan (64.400) gason nan branch fanmi sa a.
按著家族,亚设的众子:属音拿的,有音拿族;属亦施韦的,有亦施韦族;属比利亚的,有比利亚族。
Men pitit gason Asè yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Imna yo, fanmi moun Ichvi yo ak fanmi moun Berya yo.
比利亚的众子:属希别的,有希别族;属玛结的,有玛结族。
Berya pou tèt pa l' te gen de pitit gason ki bay de lòt branch nan fanmi an ankò: Se te Ebè ak Malkiyèl.
亚设的女儿名叫西拉。
Asè te gen yon pitit fi yo te rele Sera.
这就是亚设子孙的各族,照他们中间被数的,共有五万三千四百名。
Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Asè a. Lè resansman an, yo te jwenn senkanntwamil katsan (53.400) gason nan branch fanmi sa a.
按著家族,拿弗他利的众子:属雅薛的,有雅薛族;属沽尼的,有沽尼族;
Men pitit gason Neftali yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Yazeyèl yo, fanmi moun Gouni yo,
属耶色的,有耶色族;属示冷的,有示冷族。
fanmi moun Yesè yo ak fanmi moun Chilèm yo.
按著家族,这就是拿弗他利的各族;他们中间被数的,共有四万五千四百名。
Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Neftali a, fanmi pa fanmi. Lè resansman an, yo te konte karannsenkmil katsan (45.400) gason nan fanmi sa yo.
以色列人中被数的,共有六十万零一千七百三十名。
Konsa, te gen antou sisan enmil sètsantrant (601.730) gason nan tout pèp Izrayèl la.
耶和华晓谕摩西说:
Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
「你要按著人名的数目将地分给这些人为业。
-Nou pral separe peyi a bay chak fanmi pòsyon pa yo dapre kantite gason yo jwenn nan chak.
人多的,你要把产业多分给他们;人少的,你要把产业少分给他们;要照被数的人数,把产业分给各人。
Fanmi ki gen anpil gason va resevwa yon pi gwo pòsyon. Fanmi ki pa gen anpil gason va resevwa yon pi piti pòsyon. Chak fanmi va resevwa yon pòsyon dapre kantite gason ki gen ladan l'.
虽是这样,还要拈阄分地。他们要按著祖宗各支派的名字承受为业。
Men, pou fè separasyon peyi a, n'a tire osò: chak fanmi va resevwa pòsyon pa l' dapre kantite moun yo te konte nan chak.
要按著所拈的阄,看人数多,人数少,把产业分给他们。」
Y'a tire osò pou yo separe bay chak branch fanmi pòsyon pa yo: yon gwo pòsyon pou chak branch fanmi ki anpil, yon ti pòsyon pou chak branch fanmi ki pa anpil.
利未人,按著他们的各族被数的:属革顺的,有革顺族;属哥辖的,有哥辖族;属米拉利的,有米拉利族。
Men, nan branch fanmi Levi a, men moun yo te konte dapre fanmi yo. Te gen fanmi Gèchon an, fanmi Keyat la ak fanmi Merari a.
利未的各族有立尼族、希伯伦族、玛利族、母示族、可拉族。哥辖生暗兰。
Men lòt fanmi Levi yo: moun Libni yo, moun Ebwon yo, moun Makli yo, moun Mouchi yo ak moun Kore yo. Keyat te papa Amram.
暗兰的妻名叫约基别,是利未女子,生在埃及。他给暗兰生了亚伦、摩西,并他们的姊姊米利暗。
Madan Amram te rele Yokebèd. Se te yon pitit fi Levi. Li te fèt nan peyi Lejip. Li te fè twa pitit pou Amram: Arawon, Moyiz ak Miryam, sè yo.
亚伦生拿答、亚比户、以利亚撒、以他玛。
Arawon te papa kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama.
拿答、亚比户在耶和华面前献凡火的时候就死了。
Nadab ak Abiyou te mouri lè yo te ofri bay Seyè a yon dife yo pa t' dwe ofri.
利未人中,凡一个月以外、被数的男丁,共有二万三千。他们本来没有数在以色列人中;因为在以色列人中,没有分给他们产业。
Lè resansman an, yo te jwenn nan branch fanmi sa a venntwamil (23.000) gason ki te gen yon mwa depi yo te fèt osinon ki te pi gran. Yo pa t' konte yo ansanm ak rès pèp Izrayèl la, paske yo pa t'ap resevwa okenn pòsyon nan tè ki pou pèp la.
这些就是被摩西和祭司以利亚撒所数的;他们在摩押平原与耶利哥相对的约旦河边数点以色列人。
Men tout moun Moyiz ak Eleaza te konte lè yo t'ap fè resansman moun pèp Izrayèl la nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.
但被数的人中,没有一个是摩西和祭司亚伦从前在西奈的旷野所数的以色列人,
Pami yo pa t' gen yonn menm nan sa Moyiz ak Arawon te konte lè yo t'ap fè premye resansman pèp Izrayèl la nan dezè Sinayi a.
因为耶和华论到他们说:「他们必要死在旷野。」所以,除了耶孚尼的儿子迦勒和嫩的儿子约书亚以外,连一个人也没有存留。
Paske Seyè a te di yo tout gen pou mouri nan dezè a. Yo tout te mouri vre, esepte Kaleb, pitit gason Jefoune a ak Jozye, pitit gason Noun lan.