Numbers 17

耶和华对摩西说:
Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
「你晓谕以色列人,从他们手下取杖,每支派一根;从他们所有的首领,按著支派,共取十二根。你要将各人的名字写在各人的杖上,
-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Di yo pou yo pote douz branch bwa, yon branch bwa pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la. Wi, y'a pran yon branch bwa nan men chèf chak branch fanmi. Epi w'a ekri non chak chèf sou branch bwa pa yo.
并要将亚伦的名字写在利未的杖上,因为各族长必有一根杖。
W'a ekri non Arawon sou branch bwa Levi a. Va gen yon sèl branch bwa pou chak moun ki chèf nan branch fanmi pa l'.
你要把这些杖存在会幕内法柜前,就是我与你们相会之处。
W'a mete yo nan Tant Randevou a, devan Bwat Kontra a, kote mwen ban nou randevou a.
后来我所拣选的那人,他的杖必发芽。这样,我必使以色列人向你们所发的怨言止息,不再达到我耳中。」
Branch bwa ki pote non moun mwen chwazi a, se li menm ki va fè flè. Se konsa m'a fè moun Izrayèl yo sispann bougonnen sou do ou.
于是摩西晓谕以色列人,他们的首领就把杖交给他,按著支派,每首领一根,共有十二根;亚伦的杖也在其中。
Moyiz pale ak moun pèp Izrayèl yo. Epi chak chèf pote ba li yon branch bwa, yonn pou chak branch fanmi. Sa te fè douz branch bwa antou. Branch bwa Arawon an te nan mitan tout lòt yo.
摩西就把杖存在法柜的帐幕内,在耶和华面前。
Moyiz pran tout branch bwa yo, li mete yo devan Bwat Kontra Seyè a, nan Tant Randevou a.
第二天,摩西进法柜的帐幕去。谁知利未族亚伦的杖已经发了芽,生了花苞,开了花,结了熟杏。
Nan denmen, lè Moyiz antre nan Tant Randevou a, li wè branch bwa Arawon an, ki pou branch fanmi Levi a, te fè flè. Li te gen tan fè bouton, flè yo te louvri, zanmann yo te mi.
摩西就把所有的杖从耶和华面前拿出来,给以色列众人看;他们看见了,各首领就把自己的杖拿去。
Moyiz pran tout branch bwa yo ki te devan lotèl Seyè a, li pote yo bay moun pèp Izrayèl yo. Yo wè sa ki rive, epi chak chèf pran branch bwa ki te pou yo a.
耶和华吩咐摩西说:「把亚伦的杖还放在法柜前,给这些背叛之子留作记号。这样,你就使他们向我发的怨言止息,免得他们死亡。」
Seyè a di Moyiz: -Remete branch bwa Arawon an devan Bwat Kontra a. Se pou yo konsève l' pou sa sèvi yon siy pou moun tèt di sa yo, pou yo ka sispann bougonnen. Si yo pa sispann bougonnen, y'ap mouri!
摩西就这样行。耶和华怎样吩咐他,他就怎样行了。
Moyiz fè jan Seyè a te ba li lòd fè a.
以色列人对摩西说:「我们死啦!我们灭亡啦!都灭亡啦!
Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pale ak Moyiz, yo di l' konsa: -Gade jan n'ap mouri, n'ap deperi, nou tout ap fini.
凡挨近耶和华帐幕的是必死的。我们都要死亡吗?」
Depi yon moun pwoche bò Tant Randevou a, li mouri. Si se konsa, nou tout ap mouri!