Numbers 13

耶和华晓谕摩西说:
Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
「你打发人去窥探我所赐给以色列人的迦南地,他们每支派中要打发一个人,都要作首领的。」
-Ou pral chwazi douz nan chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yonn pou chak branch fanmi. Ou pral voye yo pou y' al wè ki jan peyi Kanaran an ye, peyi m'ap bay moun Izrayèl yo.
摩西就照耶和华的吩咐,从巴兰的旷野打发他们去;他们都是以色列人的族长。
Dapre lòd Moyiz te resevwa nan men Seyè a, li pran douz gason ki te chèf fanmi nan pèp Izrayèl la. Antan li te nan dezè Paran an, li voye yo al rekonèt peyi a.
他们的名字:属流便支派的有撒刻的儿子沙母亚。
Men non yo: Pou branch Woubenn lan, se te Chamwa, pitit gason Zakou a.
属西缅支派的有何利的儿子的沙法。
Pou branch fanmi Simeyon an, se te Chafa, pitit gason Ori a.
属犹大支派的有耶孚尼的儿子迦勒。
Pou branch fanmi Jida a, se te Kalèb, pitit gason Jefoune a.
属以萨迦支派的有约色的儿子以迦。
Pou branch fanmi Isaka a, se te Jigal, pitit gason Jozèf la.
属以法莲支派的有嫩的儿子何西阿。
Pou branch fanmi Efrayim lan, se te Oze, pitit gason Noun lan.
属便雅悯支派的有拉孚的儿子帕提。
Pou branch fanmi Benjamen an, se te Palti, pitit gason Rafou a.
属西布伦支派的有梭底的儿子迦叠。
Pou branch fanmi Zabilon an, se te Gadiyèl, pitit gason Sodi a.
约瑟的子孙属玛拿西支派的有稣西的儿子迦底。
Pou branch fanmi Jozèf la, nan branch Manase a, se te Gadi, pitit gason Souzi a.
属但支派的有基玛利的儿子亚米利。
Pou branch fanmi Dann lan, se te Amiyèl, pitit gason Jemali a.
属亚设支派的有米迦勒的儿子西帖。
Pou branch fanmi Asè a, se te Setou, pitit gason Mikayèl la.
属拿弗他利支派的有缚西的儿子拿比。
Pou branch fanmi Neftali a, se te Nakbi, pitit gason Wopsi a.
属迦得支派的有玛基的儿子臼利。
Pou branch fanmi Gad la, se te Geouyèl, pitit gason Maki a.
这就是摩西所打发窥探那地之人的名字。摩西就称嫩的儿子何西阿为约书亚。
Se te non douz mesye Moyiz te voye al rekonèt peyi Kanaran an. Moyiz te chanje non Oze, pitit gason Noun lan, li rele l' Jozye.
摩西打发他们去窥探迦南地,说:「你们从南地上山地去,
Lè Moyiz voye yo ale nan peyi Kanaran an, li di yo: -Moute nan peyi a. N'a pase pa Negèv la, n'a pran chemen mòn pou nou.
看那地如何,其中所住的民是强是弱,是多是少,
Ale gade peyi a. Chache konnen ki jan li ye, ki kalite moun ki rete ladan l', konbe yo ye, ak ki fòs yo.
所住之地是好是歹,所住之处是营盘是坚城。
Chache konnen si tè a se yon bon tè osinon yon move tè, si moun yo rete nan lavil ki gen ranpa pou pwoteje yo osinon nan kan anba tant twal.
又看那地土是肥美是瘠薄,其中有树木没有。你们要放开胆量,把那地的果子带些来。」﹙那时正是葡萄初熟的时候。﹚
Chache konnen si peyi a rich osinon pòv, si gen anpil pyebwa sou tè a ou si pa genyen. Nou pa bezwen pè anyen. Lè n'ap tounen, pote kèk nan fwi ki donnen laba a. Se te sezon rezen te konmanse ap mi.
他们上去窥探那地,从寻的旷野到利合,直到哈马口。
Se konsa mesye yo moute, y' al chache konnen tout bagay ki gen nan peyi a, depi dezè Zin ki nan sid peyi a rive jouk Reyòb toupre pas Amat la, nan nò.
他们从南地上去,到了希伯崙;在那里有亚衲族人亚希幔、示筛、挞买。原来希伯崙城被建造比埃及的锁安城早七年。
Yo travèse zòn Negèv la, yo rive lavil Ebwon kote moun Ayiman yo, moun Chechayi yo ak moun Talmayi yo rete. Yo tout te fè pati ras moun Anak yo. Ebwon sa a, se yon lavil ki te bati sètan anvan yo te bati lavil Zoan nan peyi Lejip.
他们到了以实各谷,从那里砍了葡萄树的一枝,上头有一挂葡萄,两个人用杠抬著,又带了些石榴和无花果来。
Yo rive nan ravin Echkòl, yo koupe yon branch rezen ki te gen yon sèl gwo grap rezen nan li. Yo mete l' sou yon gòl pou de moun te ka pote l' sou zepòl yo, si tèlman li te lou. Yo pote grenad ak fig frans tou.
﹙因为以色列人从那里砍来的那挂葡萄,所以那地方叫做以实各谷。﹚
Yo rele kote sa a Ravin Echkòl, poutèt gwo grap rezen moun pèp Izrayèl yo te koupe la a.
过了四十天,他们窥探那地才回来,
Apre karant jou, lè yo fin vizite toupatou nan peyi a, yo tounen,
到了巴兰旷野的加低斯,见摩西、亚伦,并以色列的全会众,回报摩西、亚伦,并全会众,又把那地的果子给他们看;
yo vin jwenn Moyiz, Arawon ak tout moun pèp Izrayèl yo Kadès, nan dezè Paran an. Yo detaye ba yo tou sa yo te wè, yo moutre yo fwi yo te pote yo.
又告诉摩西说:「我们到了你所打发我们去的那地,果然是流奶与蜜之地;这就是那地的果子。
Yo di Moyiz konsa: -Nou vizite toupatou nan peyi ou te voye nou al chache konnen an. Se yon peyi ki rich anpil, kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se vre wi. Gade fwi nou jwenn ladan l'.
然而住那地的民强壮,城邑也坚固宽大,并且我们在那里看见了亚衲族的人。
Men, moun ki rete nan peyi a gwonèg anpil. Lavil yo gran, yo byen pwoteje. Sa ki pi rèd nou wè yon kalite ras moun gwonèg bèl wotè.
亚玛力人住在南地;赫人、耶布斯人、亚摩利人、住在山地;迦南人住在海边并约旦河旁。」
Moun Amalèk yo rete nan sid peyi a, nan zòn Negèv la. Moun It yo, moun Jebis yo ak moun Amon yo rete nan mòn yo. Moun Kanaran yo rete bò lanmè Mediterane a ak bò larivyè Jouden an.
迦勒在摩西面前安抚百姓,说:「我们立刻上去得那地吧!我们足能得胜。」
Kalèb fè moun yo sispann bougonnen sou do Moyiz, li di yo konsa: -Ann moute koulye a. Ann al pran peyi a pou nou. Pa gen anyen la a nou pa ka fè!
但那些和他同去的人说:「我们不能上去攻击那民,因为他们比我们强壮。」
Men mesye ki te moute ansanm ak Kalèb yo di konsa: -Non. Nou pa ka al atake moun sa yo. Yo pi fò pase nou.
探子中有人论到所窥探之地,向以色列人报恶信,说:「我们所窥探、经过之地是吞吃居民之地,我们在那里所看见的人民都身量高大。
Se konsa yo pran pale mal sou peyi yo te al vizite a devan pèp Izrayèl la. Yo t'ap di: -Peyi nou ta l' vizite a, peyi nou ta l' chache konnen an, se yon peyi ki pa menm bay kont manje pou moun k'ap viv sou li yo. Epi, tout moun nou wè la se moun ki wo anpil.
我们在那里看见亚衲族人,就是伟人;他们是伟人的后裔。据我们看,自己就如蚱蜢一样;据他们看,我们也是如此。」
Sa ki pi rèd, nou wè yon kalite gwonèg bèl wotè, moun ras Anak yo. Devan moun sa yo se krebete nou ye, tèlman nou piti. Se konsa nou te santi nou devan yo.