Numbers 1

以色列人出埃及地后,第二年二月初一日,耶和华在西奈的旷野、会幕中晓谕摩西说:
Premye jou dezyèm mwa nan dezyèm lanne depi moun pèp Izrayèl yo te soti kite peyi Lejip la, antan yo te nan dezè Sinayi a, Seyè a pale ak Moyiz nan Tant Randevou a. Li di l' konsa:
「你要按以色列全会众的家室、宗族、人名的数目计算所有的男丁。
-Se pou ou menm ak Arawon, nou fè yon resansman pou konte tout moun nan pèp Izrayèl la, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi yo. W'a pran non tout gason, yonn apre lòt.
凡以色列中,从二十岁以外,能出去打仗的,你和亚伦要照他们的军队数点。
N'a konte tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran, depi yo bon pou fè lagè. N'a fè resansman an dapre jan lame a òganize.
每支派中必有一人作本支派的族长,帮助你们。
N'a pran yon chèf nan chak branch fanmi, dapre zansèt yo, pou ede nou.
他们的名字:属流便的,有示丢珥的儿子以利蓿;
Men non moun ki va ede nou nan resansman an: Nan branch fanmi Woubenn lan, se va Elizou, pitit gason Chedeyou.
属西缅的,有苏利沙代的儿子示路蔑;
Nan branch fanmi Simeyon an, se va Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi.
属犹大的,有亚米拿达的儿子拿顺;
Nan branch fanmi Jida a, se va Nakchon, pitit gason Aminadab.
属以萨迦的,有苏押的儿子拿坦业;
Nan branch fanmi Isaka a, se va Netanèl, pitit gason Swa.
属西布伦的,有希伦的儿子以利押;
Nan branch fanmi Zabilon an, se va Eliyab, pitit gason Elon.
约瑟子孙、属以法莲的,有亚米忽的儿子以利沙玛;属玛拿西的,有比大蓿的儿子迦玛列;
Nan branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la, se va Elichama, pitit gason Amiyoud. Nan branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la, se va Gamliyèl, pitit gason Pedachou.
属便雅悯的,有基多尼的儿子亚比但;
Nan branch fanmi Benjamen an, se va Abidan, pitit gason Gideyoni.
属但的,有亚米沙代的儿子亚希以谢;
Nan branch fanmi Dann lan, se va Ayezè, pitit gason Amichadayi.
属亚设的,有俄兰的儿子帕结;
Nan branch fanmi Asè a, se va Pagiyèl, pitit gason Okran.
属迦得的,有丢珥的儿子以利雅萨;
Nan branch fanmi Gad la, se va Elyasaf, pitit gason Dewèl.
属拿弗他利的,有以南的儿子亚希拉。
Nan branch fanmi Neftali a, se va Ayira, pitit gason Enan.
这都是从会中选召的,各作本支派的首领,都是以色列军中的统领。」
Se moun sa yo yo te chwazi nan pèp la pou fè travay la. Se yo ki te chèf lakay yo, chèf branch fanmi zansèt yo.
于是,摩西、亚伦带著这些按名指定的人,
Moyiz ak Arawon pran douz mesye Bondye te nonmen yo,
当二月初一日招聚全会众。会众就照他们的家室、宗族、人名的数目,从二十岁以外的,都述说自己的家谱。
yo reyini tout pèp la, premye jou dezyèm mwa a. Yo pran non tout moun dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. Yo konte tout gason, yonn apre lòt, tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran,
耶和华怎样吩咐摩西,他就怎样在西奈的旷野数点他们。
dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la. Se nan dezè Sinayi a yo te fè resansman tout pèp la.
以色列的长子,流便子孙的后代,照著家室、宗族、人名的数目,从二十岁以外,凡能出去打仗、被数的男丁,共有四万六千五百名。
Se konsa yo konte tout gason nan branch fanmi Woubenn, premye pitit Jakòb la, tou sa ki gen ventan ak tou sa ki pi gran epi ki bon pou fè lagè. Yo pran non yo yonn apre lòt, yo di pitit ki moun yo ye, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo.
并入上一节
Yo jwenn karannsimil senksan (46.500) gason pou branch fanmi Woubenn lan.
西缅子孙的后代,照著家室、宗族、人名的数目,从二十岁以外,凡能出去打仗、被数的男丁,共有五万九千三百名。
Yo fè menm bagay la tou pou tout lòt branch fanmi yo. Pou branch fanmi Simeyon an,
并入上一节
yo jwenn senkantnèfmil twasan (59.300) gason.
迦得子孙的后代,照著家室、宗族、人名的数目,从二十岁以外,凡能出去打仗、被数的,共有四万五千六百五十名。
Pou branch fanmi Gad la,
并入上一节
yo jwenn karannsenkmil sisansenkant (45.650) gason.
犹大子孙的后代,照著家室、宗族、人名的数目,从二十岁以外,凡能出去打仗、被数的,共有七万四千六百名。
Pou branch fanmi Jida a,
并入上一节
yo jwenn swasannkatòzmil sisan (74.600) gason.
以萨迦子孙的后代,照著家室、宗族、人名的数目,从二十岁以外,凡能出去打仗、被数的,共有五万四千四百名。
Pou branch fanmi Isaka a,
并入上一节
yo jwenn senkannkatmil katsan (54.400) gason.
西布伦子孙的后代,照著家室、宗族、人名的数目,从二十岁以外,凡能出去打仗、被数的,共有五万七千四百名。
Pou branch fanmi Zabilon an,
并入上一节
yo jwenn senkannsètmil katsan (57.400) gason.
约瑟子孙属以法莲子孙的后代,照著家室、宗族、人名的数目,从二十岁以外,凡能出去打仗、被数的,共有四万零五百名。
Pou branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la,
并入上一节
yo jwenn karantmil senksan (40.500) gason.
玛拿西子孙的后代,照著家室、宗族、人名的数目,从二十岁以外,凡能出去打仗、被数的,共有三万二千二百名。
Pou branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la,
并入上一节
yo jwenn tranndemil desan (32.200) gason.
便雅悯子孙的后代,照著家室、宗族、人名的数目,从二十岁以外,凡能出去打仗、被数的,共有三万五千四百名。
Pou branch fanmi Benjamen an,
并入上一节
yo jwenn trannsenkmil katsan (35.400) gason.
但子孙的后代,照著家室、宗族、人名的数目,从二十岁以外,凡能出去打仗,被数的,共有六万二千七百名。
Pou branch fanmi Dann lan,
并入上一节
yo jwenn swasanndemil sètsan (62.700) gason.
亚设子孙的后代,照著家室、宗族、人名的数目,从二十岁以外,凡能出去打仗、被数的,共有四万一千五百名。
Pou branch fanmi Asè a,
并入上一节
yo jwenn karanteyenmil senksan (41.500) gason.
拿弗他利子孙的后代,照著家室、宗族、人名的数目,从二十岁以外,凡能出去打仗、被数的,共有五万三千四百名。
Pou branch fanmi Neftali a,
并入上一节
yo jwenn senkanntwamil katsan (53.400) gason.
这些就是被数点的,是摩西、亚伦,和以色列中十二个首领所数点的;这十二个人各作各宗族的代表。
Se non tout moun sa yo Moyiz ak Arawon te pran lè sa a. Te gen douz chèf, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, ki t'ap ede yo nan travay la.
这样,凡以色列人中被数的,照著宗族,从二十岁以外,能出去打仗、被数的,共有六十万零三千五百五十名。
Pou tout branch fanmi yo ansanm,
并入上一节
yo jwenn sisantwamil senksansenkant (603.550) gason.
利未人却没有按著支派数在其中,
Men yo pa t' fè resansman branch fanmi Levi a ansanm ak lòt branch fanmi yo,
因为耶和华晓谕摩西说:
paske Seyè a te di Moyiz konsa:
「惟独利未支派你不可数点,也不可在以色列人中计算他们的总数。
-Ou pa bezwen fè resansman branch fanmi Levi a. Ou pa bezwen konte moun fanmi Levi yo ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo.
只要派利未人管法柜的帐幕和其中的器具,并属乎帐幕的;他们要抬(抬或作:搬运)帐幕和其中的器具,并要办理帐幕的事,在帐幕的四围安营。
Men, w'a mete moun fanmi Levi yo reskonsab Tant Randevou a ak tou sa ki ladan l' ansanm ak tou sa ki pou li. Se yo ki pou pote l' ansanm ak tou sa ki ladan l'. Se yo ki pou sèvi ladan l' epi yo gen pou yo moute kay yo fè wonn Tant Randevou a.
帐幕将往前行的时候,利未人要拆卸;将支搭的时候,利未人要竖起。近前来的外人必被治死。
Lè pou Tant Bondye a deplase, se moun fanmi Levi yo ki va demoute l'. Lè yo rive kote pou yo rete a, se moun fanmi Levi yo ki va moute l' tou. Nenpòt lòt moun ki pa nan branch fanmi Levi a epi ki ta pwoche bò tant lan, se pou yo touye l'.
以色列人支搭帐棚,要照他们的军队,各归本营,各归本纛。
Lòt moun pèp Izrayèl yo menm va moute tant yo apa, chak fanmi ansanm bò làbanyè yo, dapre pozisyon yo nan lame a.
但利未人要在法柜帐幕的四围安营,免得忿怒临到以色列会众;利未人并要谨守法柜的帐幕。」
Men, moun fanmi Levi yo va moute kay yo fè wonn Tant Randevou a pou kòlè Bondye pa tonbe sou pèp Izrayèl la. Se yo menm tou ki la pou veye sou Tant Randevou a.
以色列人就这样行。凡耶和华所吩咐摩西的,他们就照样行了。
Moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. Se konsa yo te fè l' vre.