Nehemiah 3

那时,大祭司以利亚实和他的弟兄众祭司起来建立羊门,分别为圣,安立门扇,又筑城墙到哈米亚楼,直到哈楠业楼,分别为圣。
Men ki jan yo rebati miray ranpa a. Elyachib, granprèt la, ansanm ak prèt parèy li yo rebati Pòtay Mouton yo. Yo fè sèvis pou mete l' apa pou Bondye, yo moute batan yo. Apre sa, yo rebati miray la jouk Fò Meya ak Fò Ananeyèl.
其次是耶利哥人建造。其次是音利的儿子撒刻建造。
Moun lavil Jeriko yo rebati ti pòsyon ki vin apre pa Elyachib, granprèt la. Zakòv, pitit gason Imri a, rebati pòsyon ki vin apre pa moun Jeriko yo.
哈西拿的子孙建立鱼门,架横梁、安门扇,和闩锁。
Moun branch fanmi Sena yo rebati Pòtay Pwason yo. Yo plante gwo poto pòtay yo nan tè, yo moute batan yo, yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay yo.
其次是哈哥斯的孙子、乌利亚的儿子米利末修造。其次是米示萨别的孙子、比利迦的儿子米书兰修造。其次是巴拿的儿子撒督修造。
Meremòt, pitit Ouri, pitit pitit Akòk la, repare pòsyon ki vin apre a. Mechoulam, pitit gason Berekya a, pitit pitit Mechezabeyèl la, rebati pòsyon ki vin apre a. Zadòk, pitit gason Bana a, rebati pòsyon ki vin apre a.
其次是提哥亚人修造;但是他们的贵冑不用肩(原文是颈项)担他们主的工作。
Moun lavil Tekoa yo rebati pòsyon ki vin apre a. Men, grannèg lavil Tekoa yo te refize fè travay chèf la te ba yo fè a.
巴西亚的儿子耶何耶大与比所玳的儿子米书兰修造古门,架横梁,安门扇和闩锁。
Jojada, pitit gason Paseyak, ak Mechoulam, pitit gason Besodya a, travay ansanm pou rebati Pòtay Ansyen an. Yo plante gwo poto pòtay yo nan tè, yo moute batan yo, yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la.
其次是基遍人米拉提,米伦人雅顿与基遍人,并属河西总督所管的米斯巴人修造。
Melatya, moun lavil Gabawon, Jadon, moun lavil Mewonòt, avèk moun lavil Gabawon yo ansanm ak moun lavil Mispa yo rebati pòtay miray ki vin apre a, rive jouk bò kay gouvènè Pwovens lòt bò larivyè Lefrat la.
其次是银匠哈海雅的儿子乌薛修造。其次是做香的哈拿尼雅修造。这些人修坚耶路撒冷,直到宽墙。
Ouzyèl, pitit gason Araja, yon òfèv, te rebati pòsyon ki vin apre a. Ananya, yon nonm ki konn fè odè, te repare pòsyon ki vin apre a. Se konsa yo te ranfòse ranpa lavil Jerizalèm lan jouk gwo miray laj la.
其次是管理耶路撒冷一半、户珥的儿子利法雅修造。
Refaja, pitit gason Our la, chèf mwatye lavil Jerizalèm, te repare pòsyon ki vin apre a.
其次是哈路抹的儿子耶大雅对著自己的房屋修造。其次是哈沙尼的儿子哈突修造。
Jedaya, pitit gason Awoumaf, te rebati pòsyon miray ki devan lakay li a. Atouch, pitit gason Achabneja a, rebati pòsyon ki vin apre a.
哈琳的儿子玛基雅和巴哈摩押的儿子哈述修造一段,并修造炉楼。
Malkija, pitit gason Arim lan, ak Achoub, pitit gason Pakat Moab la, te repare tou pòsyon ki vin apre a, jouk Fò Founacho a.
其次是管理耶路撒冷那一半、哈罗黑的儿子沙龙和他的女儿们修造。
Chaloum, pitit gason Aloèch la, chèf lòt mwatye lavil Jerizalèm la, te rebati pòsyon ki vin apre a. Pitit fi li yo te ede l' nan travay la.
哈嫩和撒挪亚的居民修造谷门,立门,安门扇和闩锁,又建筑城墙一千肘,直到粪厂门。
Anoun avèk moun ki rete lavil Zanoak yo rebati Pòtay Ti-Fon an. Yo plante gwo poto pòtay yo nan tè, yo moute batan yo, epi yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la. Epi yo repare yon bout nan miray la ki te mezire milsenksan (1.500) pye longè rive jouk bò Pòtay Depotwa a.
管理伯.哈基琳、利甲的儿子玛基雅修造粪厂门,立门,安门扇和闩锁。
Se Malkija, pitit gason Rekab la, chèf lavil Bèt akerèm lan, ki te rebati Pòtay Depotwa a, li menm ansanm ak pitit gason l' yo. Yo plante gwo poto pòtay yo nan tè, yo moute batan yo, epi yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la.
管理米斯巴、各荷西的儿子沙崙修造泉门,立门,盖门顶,安门扇和闩锁,又修造靠近王园西罗亚池的墙垣,直到那从大卫城下来的台阶。
Se Chaloum, pitit gason Koloze a, gouvènè lavil Mispa a, ki te rebati Pòtay Fontenn lan. Li mete yon twati sou li, yo moute batan yo, epi yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la. Li refè miray ki soti bò letan Chela a tou, toupre jaden wa a, rive jouk bò macheskalye ki desann soti nan lavil David la.
其次是管理伯夙一半、押卜的儿子尼希米修造,直到大卫坟地的对面,又到挖成的池子,并勇士的房屋。
Neemi, pitit Azbouk, chèf mwatye lavil Bèt-Sou a, te rebati pòsyon ki vin apre a, rive bò tonm David la, bò sitèn dlo a, ak bò kazèn Vanyan gason yo.
其次是利未人巴尼的儿子利宏修造。其次是管理基伊拉一半、哈沙比雅为他所管的本境修造。
Men moun Levi ki te ede rebati miray ranpa yo: Reyoum, pitit gason Bani a, te rebati pòsyon ki vin apre pa Neemi an. Achabya, chèf mwatye lavil Keyla a, rebati pòsyon ki vin apre a pou tout moun ki sou bò pa l' nan lavil la.
其次是利未人弟兄中管理基伊拉那一半、希拿达的儿子巴瓦伊修造。
Bavayi, pitit gason Enadad, ki te chèf lòt mwatye lavil Keyla a, te rebati pòsyon ki vin apre a.
其次是管理米斯巴、耶书亚的儿子以谢修造一段,对著武库的上坡、城墙转弯之处。
Ezè, pitit gason Jechwa a, chèf lavil Mispa, repare yon dezyèm lòt pòsyon ankò, pòsyon ki vin apre a, anfas kote pou moute lasnal la, nan direksyon kwen miray ranpa a.
其次是萨拜的儿子巴录竭力修造一段,从城墙转弯,直到大祭司以利亚实的府门。
Bawouk, pitit gason Zabayi a, te repare pòsyon ki vin apre a, depi kwen an rive devan pòt kay Elyachib, granprèt la.
其次是哈哥斯的孙子、乌利亚的儿子米利末修造一段,从以利亚实的府门,直到以利亚实府的尽头。
Meremòt, pitit gason Ouri a, pitit pitit gason Akòz, te rebati pòsyon ki vin apre a, pran depi devan papòt kay Elyachib la rive jouk nan dènye bout kay la.
其次是住平原的祭司修造。
Men non prèt ki te ede nan rebati miray ranpa lavil Jerizalèm lan tou. Prèt ki rete nan tout zòn bò lavil la rebati pòsyon miray ki vin apre kay Elyachib la.
其次是便雅悯与哈述对著自己的房屋修造。其次是亚难尼的孙子、玛西雅的儿子亚撒利雅在靠近自己的房屋修造。
Benjamen ak Achoub te repare pòsyon miray ki devan lakay yo a, pòsyon ki vin apre a. Azarya, pitit gason Maseya a, pitit pitit gason Ananya a, te rebati pòsyon miray ki vin apre a, devan lakay li a.
其次是希拿达的儿子宾内修造一段,从亚撒利雅的房屋直到城墙转弯,又到城角。
Bennwi, pitit gason Enadad la, te repare yon lòt pòsyon ankò, pòsyon ki vin apre a, depi bò kay Azarya a rive jouk nan kwen an.
乌赛的儿子巴拉修造对著城墙的转弯和王上宫凸出来的城楼,靠近护卫院的那一段。其次是巴录的儿子毗大雅修造。
Palal, pitit gason Ouzayi a, te repare pòsyon ki vin apre a. Li konmanse nan kwen an, li pran miray Fò Palè Wa ki anwo nan lakou prizon an. Pedaja, pitit gason Pareòch la, repare pòsyon ki vin apre a,
(尼提宁住在俄斐勒,直到朝东水门的对面和凸出来的城楼。)
moute sou bò solèy leve, rive anfas Pòtay Dlo yo, bò fò ki pwoteje Tanp lan. (Tout moun k'ap travay nan tanp lan te rete nan zòn Ofèl la.)
其次是提哥亚人又修一段,对著那凸出来的大楼,直到俄斐勒的墙。
Moun lavil Tekoa yo te repare yon lòt pòsyon ankò nan miray la, pòsyon ki vin apre a, anfas gwo fò ki pwoteje tanp lan, rive toupre miray Ofèl la.
从马门往上,众祭司各对自己的房屋修造。
Yon gwoup prèt te rebati pòsyon ki vin apre a, nan direksyon nò. Chak moun te rebati pòsyon ki devan kay yo a.
其次是音麦的儿子撒督对著自己的房屋修造。其次是守东门、示迦尼的儿子示玛雅修造。
Zadòk, pitit Imè a, te repare pòsyon ki vin apre a, anfas lakay li a. Chemaya, pitit Chekanya a, nonm ki te wachmann Pòtay Solèy leve a, te rebati pòsyon ki vin apre a.
其次是示利米雅的儿子哈拿尼雅和萨拉的第六子哈嫩又修一段。其次是比利迦的儿子米书兰对著自己的房屋修造。
Ananya, pitit Chelemaya a, ak Anoun, sizyèm gason Zalaf la, rebati pòsyon ki vin apre a. Se te dezyèm pòsyon yo te repare. Mechoulam, pitit gason Berekya a, rebati pòsyon ki te vin apre a, anfas lakay li a.
其次是银匠玛基雅修造到尼提宁和商人的房屋,对著哈米弗甲门,直到城的角楼。
Malchiya, yon òfèv, te repare pòsyon ki vin apre a, jouk kote travayè tanp yo ak kòmèsan yo rete, anfas Pòtay Mifkad la ki bay sou tanp lan, toupre pyès chanm ki anwo kwen sou bò miray la.
银匠与商人在城的角楼和羊门中间修造。
Efèv yo ak kòmèsan yo te rebati pòsyon miray ki soti bò pyès chanm anwo kwen nò a rive Pòtay Mouton yo.