Matthew 3

那时,有施洗的约翰出来,在犹太的旷野传道,说:
Lè sa a, Jan Batis parèt nan dezè Jide a. Li t'ap mache bay mesaj sa a.
「天国近了,你们应当悔改!」
Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men l'.
这人就是先知以赛亚所说的。他说:「在旷野有人声喊著说:预备主的道,修直他的路!」
Se sou Jan pwofèt Ezayi t'ap pale lè l' te di: Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Seyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li.
这约翰身穿骆驼毛的衣服,腰束皮带,吃的是蝗虫、野蜜。
Jan te gen yon rad fèt ak pwal chamo sou li, li te mare ren l' ak yon sentiwon an po. Li te manje krikèt ak gato myèl li te jwenn nan bwa.
那时,耶路撒冷和犹太全地,并约旦河一带地方的人,都出去到约翰那里,
Moun soti lavil Jerizalèm, nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinaj larivyè Jouden an, yo tout te vin jwenn Jan.
承认他们的罪,在约旦河里受他的洗。
Yo te konfese peche yo devan tout moun. Apre sa, Jan te batize yo nan larivyè Jouden an.
约翰看见许多法利赛人和撒都该人也来受洗,就对他们说:「毒蛇的种类!谁指示你们逃避将来的忿怒呢?
Lè Jan wè te gen anpil farizyen ak sadiseyen ki t'ap vin jwenn li pou resevwa batèm nan men l', li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an?
你们要结出果子来,与悔改的心相称。
Fè bagay ki pou fè wè lavi nou chanje tout bon.
不要自己心里说:『有亚伯拉罕为我们的祖宗。』我告诉你们, 神能从这些石头中给亚伯拉罕兴起子孙来。
Pa konprann nou ka di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye. Paske, mwen p'ap kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram.
现在斧子已经放在树根上,凡不结好果子的树就砍下来,丢在火里。
Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife.
我是用水给你们施洗,叫你们悔改。但那在我以后来的,能力比我更大,我就是给他提鞋也不配。他要用圣灵与火给你们施洗。
Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Men, moun k'ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m'. Mwen pa bon ase menm pou m' ta wete sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife.
他手里拿著簸箕,要扬净他的场,把麦子收在仓里,把糠用不灭的火烧尽了。」
Li gen laye l' nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li; men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.
当下耶稣从加利利来到约旦河,见了约翰,要受他的洗。
Lè sa a, Jezi soti nan peyi Galile, li vin larivyè Jouden, bò kote Jan pou Jan batize li.
约翰想要拦住他,说:「我当受你的洗,你反倒上我这里来吗?」
Men, Jan pa t' dakò pou sa menm. Li di l': Se ou ki pou ta batize m', epi se ou menm ki vin jwenn mwen pou m' batize ou?
耶稣回答说:「你暂且许我,因为我们理当这样尽诸般的义(或作:礼)。」于是约翰许了他。
Jezi reponn li: Kite sa fèt konsa koulye a. Se konsa pou nou fè tou sa Bondye mande. Jan pa t' kenbe tèt avè l' ankò.
耶稣受了洗,随即从水里上来。天忽然为他开了,他就看见 神的灵彷彿鸽子降下,落在他身上。
Fini Jan fin batize l', Jezi soti nan dlo a. Menm lè a, syèl la louvri, Jezi wè Lespri Bondye a desann sou fòm yon ti pijon vin sou li.
从天上有声音说:「这是我的爱子,我所喜悦的。」
Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil.