Matthew 27

到了早晨,众祭司长和民间的长老大家商议要治死耶稣,
Nan granmaten, tout chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la, yo mete tèt yo ansanm sou do Jezi. Yo pran desizyon pou fè touye li.
就把他捆绑,解去,交给巡抚彼拉多。
Apre yo fin mare l', yo mennen l' ale, yo renmèt li bay Pons Pilat, gouvènè peyi a.
这时候,卖耶稣的犹大看见耶稣已经定了罪,就后悔,把那三十块钱拿回来给祭司长和长老,说:
Jida menm, nonm ki te trayi Jezi a, lè l' wè yo te kondannen Jezi, remò pran l', li pote trant pyès lajan yo tounen bay chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi yo. Li di konsa:
我卖了无辜之人的血是有罪了。他们说:那与我们有什么相干?你自己承当吧!
Sa m' fè a mal. Se yon inonsan mwen lage nan men nou. Yo reponn li: Ki mele nou sa? Sa se zafè pa ou.
犹大就把那银钱丢在殿里,出去吊死了。
Jida jete pyès lajan yo nan tanp lan, li soti, li ale pann tèt li.
祭司长拾起银钱来,说:这是血价,不可放在库里。
Chèf prèt yo ranmase lajan an, yo di konsa: Sa se lajan san. Lalwa nou pa pèmèt nou mete lajan konsa nan kès tanp lan.
他们商议,就用那银钱买了窑户的一块田,为要埋葬外乡人。
Apre sa, yo tonbe dakò pou yo achte yon jaden nan men yon nonm ki te konn fè krich. Yo pran tè a sèvi simityè pou etranje ki mouri nan peyi a.
所以那块田直到今日还叫做血田。
Se poutèt sa, jouk jounen jòdi a, yo rele jaden sa a: Jaden san.
这就应验了先知耶利米的话,说:他们用那三十块钱,就是被估定之人的价钱,是以色列人中所估定的,
Se konsa pawòl pwofèt Jeremi te di a rive vre: Yo pran trant pyès lajan yo. Se pri sa a moun ras Izrayèl yo te dakò peye pou li.
买了窑户的一块田;这是照著主所吩咐我的。
Ak lajan an, yo achte jaden nonm ki konn fè krich la, dapre lòd Bondye te ban mwen an.
耶稣站在巡抚面前;巡抚问他说:你是犹太人的王吗?耶稣说:你说的是。
Jezi parèt devan gouvènè a. Gouvènè a keksyonnen l', li mande li: Ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: Se ou ki di li.
他被祭司长和长老控告的时候,什么都不回答。
Chèf prèt yo ak chèf fanmi yo t'ap depoze anpil plent kont Jezi. Jezi menm pa t' reponn anyen.
彼拉多就对他说:他们作见证告你这么多的事,你没有听见么?
Pilat di li: Ou pa tande tout plent yo depoze sou do ou?
耶稣仍不回答,连一句话也不说,以致巡抚甚觉希奇。
Men Jezi pa ba l' repons sou anyen. Sa te fè Pilat sezi anpil.
巡抚有一个常例,每逢这节期,随众人所要的释放一个囚犯给他们。
Pou chak fèt Delivrans gouvènè a te konn lage yon prizonye. Se pèp la ki te konn chwazi kilès.
当时有一个出名的囚犯叫巴拉巴。
Lè sa a, te gen yon prizonye yo te rele Jezi Barabas. Tout moun te konnen ki moun li ye.
众人聚集的时候,彼拉多就对他们说:你们要我释放那一个给你们?是巴拉巴呢?是称为基督的耶稣呢?
Lè Pilat wè pèp la sanble deyò a, li di yo: Kilès nou vle m' lage ban nou: Jezi Barabas osinon Jezi yo rele Kris la?
巡抚原知道他们是因为嫉妒才把他解了来。
Pilat te byen konnen se jalouzi ki te fè yo mennen Jezi ba li.
正坐堂的时候,他的夫人打发人来说:这义人的事,你一点不可管,因为我今天在梦中为他受了许多的苦。
Antan Pilat te chita sou fotèy jij li nan tribinal la, madanm li voye di li: Nonm sa a inonsan tande. Pa mele nan zafè sa a. Paske yèswa, mwen soufri anpil poutèt li nan dòmi.
祭司长和长老挑唆众人,求释放巴拉巴,除灭耶稣。
Chèf prèt yo ak chèf fanmi yo pran tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l' lage Barabas ba yo, pou l' fè touye Jezi.
巡抚对众人说:这两个人,你们要我释放那一个给你们呢?他们说:巴拉巴。
Gouvènè a pran lapawòl, li di yo: Kilès nan de a nou vle m' lage ban nou? Yo reponn: Barabas.
彼拉多说:这样,那称为基督的耶稣我怎么办他呢?他们都说:把他钉十字架!
Pilat mande yo: Bon. Kisa pou m' fè ak Jezi yo rele Kris la? Yo tout reponn: Kloure l' sou yon kwa!
巡抚说:为什么呢?他作了什么恶事呢?他们便极力的喊著说:把他钉十字架!
Pilat di yo: Ki movezak li fè konsa? Yo rele pi fò toujou: Kloure l' sou yon kwa!
彼拉多见说也无济于事,反要生乱,就拿水在众人面前洗手,说:流这义人的血,罪不在我,你们承当吧。
Lè Pilat wè li pa t' kapab fè anyen ankò, paske pèp la te soti pou l' te fè plis dezòd toujou, li pran dlo, li lave men l' devan tout foul moun yo. Li di yo: Mwen menm, mwen pa reskonsab lanmò nonm sa a. Sa, se sou kont nou li ye.
众人都回答说:他的血归到我们和我们的子孙身上。
Tout pèp la reponn: Se pou reskonsablite lanmò l' tonbe sou nou ak sou tout pitit nou yo.
于是彼拉多释放巴拉巴给他们,把耶稣鞭打了,交给人钉十字架。
Apre sa, Pilat lage Barabas ba yo. Li fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt yo li pou y al kloure l' sou yon kwa.
巡抚的兵就把耶稣带进衙门,叫全营的兵都聚集在他那里。
Sòlda Pilat yo mennen Jezi nan kay gouvènè a. Yo sanble tout batayon sòlda yo fè wonn li.
他们给他脱了衣服,穿上一件朱红色袍子,
Yo dezabiye l', yo mete yon gwo rad koulè wouj violèt sou li.
用荆棘编做冠冕,戴在他头上,拿一根苇子放在他右手里,跪在他面前,戏弄他,说:恭喜,犹太人的王啊!
Yo trese yon kouwòn pikan mete nan tèt li, yo ba l' yon ti bwa wozo kenbe nan men dwat li. Apre sa, yo mete ajenou devan l', yo pran pase l' nan betiz. Yo di li: Bonjou, wa jwif yo!
又吐唾沫在他脸上,拿苇子打他的头。
Yo krache sou li, yo pran wozo a, yo ba l' kou nan tèt.
戏弄完了,就给他脱了袍子,仍穿上他自己的衣服,带他出去,要钉十字架。
Apre yo fin pase l' anba kont betiz yo, yo wete gwo rad la, yo mete rad pa l' sou li ankò. Epi yo mennen l' ale pou yo kloure l' sou yon kwa.
他们出来的时候,遇见一个古利奈人,名叫西门,就勉强他同去,好背著耶稣的十字架。
Lè yo soti, yo kontre yon nonm peyi Sirèn ki te rele Simon. Yo fòse msye pote kwa Jezi a.
到了一个地方名叫各各他,意思就是髑髅地。
Lè yo rive kote ki rele Gòlgota a (ki vle di: Plas zo bwa tèt la)
兵丁拿苦胆调和的酒给耶稣喝。他尝了,就不肯喝。
yo bay Jezi bwè diven mele ak fyèl. Men, lè l' goute l', li pa t' vle bwè li.
他们既将他钉在十字架上,就拈阄分他的衣服,
Apre yo fin kloure l' sou kwa a, yo tire osò pou separe rad li yo.
又坐在那里看守他。
Apre sa, yo chita ap veye li.
在他头以上安一个牌子,写著他的罪状,说:这是犹太人的王耶稣。
Yo mete yon ti pankat anlè tèt li pou fè konnen kòz ki fè yo te kondannen l' la.
当时,有两个强盗和他同钉十字架,一个在右边,一个在左边。
Yo te kloure de ansasen sou de lòt kwa an menm tan avè l', yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch.
从那里经过的人讥诮他,摇著头,说:
Moun ki t'ap pase bò la a t'ap plede joure li. Yo t'ap fè siy sou li.
你这拆毁圣殿、三日又建造起来的,可以救自己吧!你如果是 神的儿子,就从十字架上下来吧!
Yo t'ap di: Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou te rebati l' nan twa jou, sove tèt ou non! Si ou se pitit Bondye a, desann sou kwa a!
祭司长和文士并长老也是这样戏弄他,说:
Konsa tou, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo t'ap pase l' nan rizib. Yo t'ap di:
他救了别人,不能救自己。他是以色列的王,现在可以从十字架上下来,我们就信他。
Gade! Li sove lòt moun, li pa kapab sove tèt pa li. Si l' se wa pèp Izrayèl la, se pou l' desann sou kwa a koulye a. Lè sa a, n'a kwè nan li.
他倚靠 神, 神若喜悦他,现在可以救他;因为他曾说:我是 神的儿子。
Li te mete konfyans li nan Bondye, li te di se pitit Bondye li ye. Ann wè koulye a si Bondye va vin delivre li.
那和他同钉的强盗也是这样的讥诮他。
Ata ansasen ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l' menm jan an tou.
从午正到申初,遍地都黑暗了。
Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè apre midi.
约在申初,耶稣大声喊著说:以利!以利!拉马撒巴各大尼?就是说:我的 神!我的 神!为什么离弃我?
Vè twazè, Jezi rele byen fò, li di: Eli, Eli lema sabaktani? (ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m' konsa?)
站在那里的人,有的听见就说:这个人呼叫以利亚呢!
Nan moun ki te la yo genyen ki tande l' pale. Yo di: Men l'ap rele Eli.
内中有一个人赶紧跑去,拿海绒蘸满了醋,绑在苇子上,送给他喝。
Lamenm, yonn nan yo kouri al pran yon eponj, li tranpe l' nan venèg, li mete l' nan pwent yon gòl wozo, li lonje l' bò bouch Jezi ba l' bwè.
其余的人说:且等著,看以利亚来救他不来。
Men, lòt moun yo di: Tann non, monchè. Ann wè si Eli ap vin delivre li.
耶稣又大声喊叫,气就断了。
Jezi bay yon gwo rèl ankò, epi li mouri.
忽然,殿里的幔子从上到下裂为两半,地也震动,磐石也崩裂,
Menm lè a, rido ki te nan tanp lan chire an de moso, depi anwo jouk anba. Tè a tranble. Wòch yo fann.
坟墓也开了,已睡圣徒的身体多有起来的。
Tonm mò yo louvri, kò anpil moun pèp Bondye a ki te mouri leve vivan ankò, yo soti nan tonm yo.
到耶稣复活以后,他们从坟墓里出来,进了圣城,向许多人显现。
Apre Jezi li menm te leve soti vivan nan lanmò, yo antre lavil Jerizalèm kote anpil moun te wè yo.
百夫长和一同看守耶稣的人看见地震并所经历的事,就极其害怕,说:这真是 神的儿子了!
Lè ofisye lame a ansanm ak gad ki t'ap veye Jezi ansanm avè l' yo wè tranblemanntè a ak tou sa ki te pase, yon sèl lapè pran yo. Yo di: Se vre wi, nonm sa a te Pitit Bondye.
有好些妇女在那里,远远的观看;他们是从加利利跟随耶稣来服事他的。
Te gen plizyè fanm la tou. Men, yo te rete lwen ap gade. Se moun ki t'ap swiv Jezi, ki t'ap okipe l' depi lè l' te nan peyi Galile.
内中有抹大拉的马利亚,又有雅各和约西的母亲马利亚,并有西庇太两个儿子的母亲。
Nan yo te genyen: Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Jak ak Jozèf, ansanm ak manman pitit Zebede yo.
到了晚上,有一个财主,名叫约瑟,是亚利马太来的,他也是耶稣的门徒。
Lè solèy fin kouche, yon nonm rich, moun lavil Arimate, vin rive. Yo te rele l' Jozèf. Li menm tou li te yon disip Jezi.
这人去见彼拉多,求耶稣的身体;彼拉多就吩咐给他。
li al jwenn Pilat, li mande l' kò Jezi a. Pilat bay lòd pou yo renmèt li kò a.
约瑟取了身体,用干净细麻布裹好,
Jozèf pran kò a, li vlope l' nan yon bèl dra blan tou nèf.
安放在自己的新坟墓里,就是他凿在磐石里的。他又把大石头滚到墓门口,就去了。
Apre sa, li mete kò a nan yon kavo li te fèk fè fouye nan wòch la pou tèt pa l'. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. Epi li al fè wout li.
有抹大拉的马利亚和那个马利亚在那里,对著坟墓坐著。
Mari, moun lavil Magdala a, ansanm ak lòt Mari a te chita la, anfas kavo a.
次日,就是预备日的第二天,祭司长和法利赛人聚集来见彼拉多,说:
Nan denmen, ki vle di jou repo a menm, chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo ale bò kot Pilat.
大人,我们记得那诱惑人的还活著的时候曾说:三日后我要复活。
Yo di li: Chèf, nou chonje lè nonm ki t'ap bay manti a te vivan, li te di apre twa jou li pral leve soti vivan.
因此,请吩咐人将坟墓把守妥当,直到第三日,恐怕他的门徒来,把他偷了去,就告诉百姓说:他从死里复活了。这样,那后来的迷惑比先前的更利害了!
Bay lòd pou yo veye kavo a byen veye pandan twa jou. Konsa, disip li yo p'ap kapab vin pran kò a pou yo di pèp la apre sa msye leve soti vivan nan lanmò. Dènye kout manti sa a ta pi rèd pase premye a.
彼拉多说:你们有看守的兵,去吧!尽你们所能的把守妥当。
Pilat di yo: Men yon eskwad gad. Ale, veye kavo a jan nou vle a.
他们就带著看守的兵同去,封了石头,将坟墓把守妥当。
Y ale. Pou yo pi asire kavo a te byen fèmen, yo poze sele sou wòch ki te devan bouch kavo a, epi yo mete eskwad gad la veye li.