Matthew 20

因为天国好像家主清早去雇人进他的葡萄园做工,
Men ki jan sa ye nan Peyi Wa ki nan syèl la: Se tankou yon mèt jaden rezen ki soti granmaten al chache moun vin travay nan jaden rezen l' lan.
和工人讲定一天一钱银子,就打发他们进葡萄园去。
Li antann ak yo pou l' ba yo sa yo peye pou yon jounen travay. Li voye yo al travay nan jaden rezen an.
约在巳初出去,看见市上还有闲站的人,
Li soti ankò vè nevè nan maten, li wè kèk lòt moun ki te kanpe sou plas la san yo p'ap fè anyen.
就对他们说:你们也进葡萄园去,所当给的,我必给你们。他们也进去了。
Li di yo: Nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m' lan, m'a peye nou pou sa n'a fè.
约在午正和申初又出去,也是这样行。
Epi y al travay nan jaden an. Apre sa, mèt jaden an soti ankò vè midi, ak yon lòt fwa ankò vè twazè nan apremidi, li fè menm bagay la.
约在酉初出去,看见还有人站在那里,就问他们说:你们为什么整天在这里闲站呢?
Li te vè senkè nan apremidi lè li soti ankò. Li jwenn kèk lòt moun ki te kanpe la sou plas la, li di yo: Poukisa nou rete tout jounen an la san fè anyen konsa?
他们说:因为没有人雇我们。他说:你们也进葡萄园去。
Yo reponn li: Se paske pesonn pa ban nou travay. Mèt la di yo: Enben, nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m' lan.
到了晚上,园主对管事的说:叫工人都来,给他们工钱,从后来的起,到先来的为止。
Lè solèy fin kouche, mèt jaden an di jeran l' lan: Rele travayè yo, peye yo lajan yo. Kòmanse ak sa ki te vin an dènye yo pou fini ak premye yo.
约在酉初雇的人来了,各人得了一钱银子。
Mesye ki te antre nan travay vè senkè nan apremidi yo vini, yo chak yo resevwa lajan yon jounen travay.
及至那先雇的来了,他们以为必要多得;谁知也是各得一钱。
Lè mesye ki te la depi granmaten yo vin rive, yo te kwè yo tapral resevwa plis. Men, yo chak resevwa lajan yon jounen travay tou.
他们得了,就埋怨家主说:
Lè yo resevwa lajan an, yo tonbe bougonnen sou do mèt jaden an.
我们整天劳苦受热,那后来的只做了一小时,你竟叫他们和我们一样吗?
Yo di konsa: Moun sa yo vin an dènye, yo travay yon sèl ti moman, epi ou peye yo menm lajan ak nou ki fatige kò n' travay tout jounen an anba chalè solèy la.
家主回答其中的一人说:朋友,我不亏负你,你与我讲定的不是一钱银子吗?
Mèt la reponn yonn nan yo: Zanmi, mwen pa fè ou okenn lenjistis. Nou te antann pou yon pri, pa vre?
拿你的走吧!我给那后来的和给你一样,这是我愿意的。
Enben, pran lajan ou, al fè wout ou. Se mwen menm ki vle bay moun ki vin an dènye yo menm lajan avè ou.
我的东西难道不可随我的意思用吗?因为我作好人,你就红了眼吗?
Eske m' pa gen dwa fè sa m' vle ak lajan mwen? Osinon, èske sa fè ou mal si m' gen bon kè?
这样,那在后的,将要在前;在前的,将要在后了。(有古卷在此有:因为被召的人多,选上的人少。)
Apre sa, Jezi di yo ankò: Se konsa moun ki dèyè yo va pran devan, moun ki devan yo va rete dèyè nèt.
耶稣上耶路撒冷去的时候,在路上把十二个门徒带到一边,对他们说:
Apre sa, Jezi t'ap moute Jerizalèm. Antan li t'ap mache sou wout la, li pran douz disip li yo apa, li di yo:
看哪,我们上耶路撒冷去,人子要被交给祭司长和文士。他们要定他死罪,
Tande. Men n'ap moute Jerizalèm kote yo pral lage m', mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m' amò,
又交给外邦人,将他戏弄,鞭打,钉在十字架上;第三日他要复活。
y'ap lage m' bay moun lòt nasyon yo. Etranje sa yo pral pase m' nan rizib, yo pral bat mwen ak kout fwèt, apre sa yo pral kloure m' sou yon kwa. Men, sou twa jou, m'a leve soti vivan nan lanmò.
那时,西庇太儿子的母亲同他两个儿子上前来拜耶稣,求他一件事。
Lè sa a, manman pitit Zebede yo pwoche bò kote Jezi ak pitit li yo. Li bese tèt li byen ba devan Jezi pou mande l' yon favè.
耶稣说:你要什么呢?她说:愿你叫我这两个儿子在你国里,一个坐在你右边,一个坐在你左边。
Jezi di li: Kisa ou vle? Madanm lan reponn: Men de pitit mwen yo. Bay lòd pou yo chita, yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè ou va wa.
耶稣回答说:你们不知道所求的是什么;我将要喝的杯,你们能喝么?他们说:我们能。
Jezi reponn li? Nou pa konnen sa n'ap mande la a. Eske nou kapab bwè nan menm gode doulè mwen gen pou m' bwè a? Yo di li: Nou kapab.
耶稣说:我所喝的杯,你们必要喝;只是坐在我的左右,不是我可以赐的,乃是我父为谁预备的,就赐给谁。
Jezi reponn yo: Se vre. n'a bwè nan gode m' lan. Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Papa m' rezève yo pou moun li vle.
那十个门徒听见,就恼怒他们弟兄二人。
Lè dis lòt disip yo tande sa, yo pa t' manke fache sou de frè yo.
耶稣叫了他们来,说:你们知道外邦人有君王为主治理他们,有大臣操权管束他们。
Jezi rele yo, li di yo: Nou konnen ki jan chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav. Grannèg yo renmen fè moun santi jan yo gen pouvwa.
只是在你们中间,不可这样;你们中间谁愿为大,就必作你们的用人;
Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin grannèg, se pou l' sèvi nou tout.
谁愿为首,就必作你们的仆人。
Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou l' esklav nou tout.
正如人子来,不是要受人的服事,乃是要服事人,并且要舍命,作多人的赎价。
Se konsa, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m' rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m' pou peye delivrans anpil moun.
他们出耶利哥的时候,有极多的人跟随他。
Antan yo t'ap soti lavil Jeriko, yon gwo foul moun pran swiv Jezi.
有两个瞎子坐在路旁,听说是耶稣经过,就喊著说:主啊,大卫的子孙,可怜我们吧!
Te gen de avèg chita bò chemen an. Yo annik tande se Jezi ki t'ap pase, yo pran rele: Mèt, pitit David la, pitye pou nou.
众人责备他们,不许他们作声;他们却越发喊著说:主啊,大卫的子孙,可怜我们吧!
Moun yo t'ap kouri dèyè yo pou fè yo pe bouch yo. Men, yo t'ap rele pi rèd: Mèt, pitit David la, gen pitye pou nou!
耶稣就站住,叫他们来,说:要我为你们做什么?
Jezi rete, li rele avèg yo, li mande yo: Kisa nou vle m' fè pou nou?
他们说:主啊,要我们的眼睛能看见!
Yo di li: Mèt, fè nou wè nan je nou ankò.
耶稣就动了慈心,把他们的眼睛一摸,他们立刻看见,就跟从了耶稣。
Kè Jezi fè l' mal pou yo, li manyen je yo. Menm lè a de mesye yo wè, epi yo swiv Jezi.