Mark 8

那时,又有许多人聚集,并没有什么吃的。耶稣叫门徒来,说:
Menm epòk sa a, yon gwo foul moun te sanble ankò. Yo pa t' gen anyen pou yo manje. Jezi rele disip li yo, li di yo konsa:
我怜悯这众人;因为他们同我在这里已经三天,也没有吃的了。
-Kè m' fè m' mal pou moun sa yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m', yo fin manje tou sa yo te pote.
我若打发他们饿著回家,就必在路上困乏,因为其中有从远处来的。
Si m' voye yo al lakay yo konsa san manje, y'a tonbe feblès nan chemen paske gen ladan yo ki soti byen lwen.
门徒回答说:在这野地,从那里能得饼,叫这些人吃饱呢?
Disip li yo reponn li: -Nan dezè sa a, ki bò poun jwenn pen pou plen vant tout moun sa yo?
耶稣问他们说:你们有多少饼?他们说:七个。
Jezi mande yo: -Konbe pen nou gen la a? Yo reponn: -Nou gen sèt pen.
他吩咐众人坐在地上,就拿著这七个饼祝谢了,擘开,递给门徒,叫他们摆开,门徒就摆在众人面前。
Lè sa a, li fè foul moun yo chita atè; li pran sèt pen yo; li di Bondye mèsi, li kase yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo pou yo mache bay tout moun. Disip yo mache bay tout moun pen.
又有几条小鱼;耶稣祝了福,就吩咐也摆在众人面前。
Te gen kèk ti pwason la tou. Jezi di Bondye mèsi pou yo tou, li mande disip li yo mache bay tout foul moun yo.
众人都吃,并且吃饱了,收拾剩下的零碎,有七筐子。
Tout moun te manje vant plen. Yo plen sèt panyen pote ale avèk moso ki te rete.
人数约有四千。耶稣打发他们走了,
Te gen katmil (4.000) moun konsa antou. Apre sa, Jezi voye yo ale.
随即同门徒上船,来到大玛努他境内。
Touswit apre sa, li moute nan kannòt la avèk disip li yo, li ale nan yon peyi yo rele Dalmanouta.
法利赛人出来盘问耶稣,求他从天上显个神迹给他们看,想要试探他。
Farizyen yo vin rive. Yo tanmen diskite avèk Jezi: yo te vle pran li nan pèlen. Yo mande l' pou l' fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba li tout pouvwa sa a.
耶稣心里深深的叹息,说:这世代为什么求神迹呢?我实在告诉你们,没有神迹给这世代看。
Jezi bay yon gwo soupi nan kè l', li di yo konsa: -Poukisa moun alèkile yo renmen mande mirak konsa? Se vre wi sa m'ap di nou la a: yo p'ap jwenn okenn mirak.
他就离开他们,又上船往海那边去了。
Apre sa, li vire do l' ba yo, li tounen nan kannòt la; li pati pou lòt bò lanmè a.
门徒忘了带饼;在船上除了一个饼,没有别的食物。
Men, disip yo te bliye pran lòt pen: yo te gen yon sèl grenn pen avè yo nan kannòt la.
耶稣嘱咐他们说:你们要谨慎,防备法利赛人的酵和希律的酵。
Jezi ba yo lòd sa a: -Fè atansyon. Pran prekosyon nou avèk ledven farizyen yo ansanm avèk ledven Ewòd la.
他们彼此议论说:这是因为我们没有饼吧。
Disip yo pran pale pou kont yo, yonn t'ap di lòt: -Se paske nou pa gen pen kifè l' di nou sa.
耶稣看出来,就说:你们为什么因为没有饼就议论呢?你们还不省悟,还不明白么?你们的心还是愚顽么?
Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: -Poukisa n'ap di: se paske nou pa gen pen? Se konnen nou pa konnen? Nou poko ka konprann toujou? Se bouche lespri nou bouche konsa?
你们有眼睛,看不见吗?有耳朵,听不见吗?也不记得吗?
Gen lè nou pa wè nan je nou? Nou pa tande nan zòrèy nou? Se bliye nou gen tan bliye?
我擘开那五个饼分给五千人,你们收拾的零碎装满了多少篮子呢?他们说:十二个。
Lè m' te separe senk pen bay senkmil (5,000) moun yo, konbe panyen plen moso nou te pote ale? Yo reponn li: -Douz panyen.
又擘开那七个饼分给四千人,你们收拾的零碎装满了多少筐子呢?他们说:七个。
Jezi mande yo anko: -Lè m' te separe sèt pen bay katmil (4.000) moun yo, konbe panyen plen moso nou te pote ale? Yo reponn li: -Sèt panyen.
耶稣说:你们还是不明白吗?
Lè sa a li di yo: -Nou pa konprann toujou?
他们来到伯赛大,有人带一个瞎子来,求耶稣摸他。
Apre sa, y' ale Betsayda. Yo mennen yon nonm avèg bay Jezi. Yo mande li pou l' te manyen li.
耶稣拉著瞎子的手,领他到村外,就吐唾沫在他眼睛上,按手在他身上,问他说:你看见什么了?
Jezi pran men avèg la, li mennen l' soti nan bouk la. Li pran ti gout krache, li mete nan je avèg la. Apre sa, li mete men l' sou tèt avèg la: Li mande li: -Eske ou wè kichòy?
他就抬头一看,说:我看见人了;他们好像树木,并且行走。
Avèg la louvri je l', li di: -Mwen wè moun k'ap mache; yo sanble pyebwa.
随后又按手在他眼睛上,他定睛一看,就复了原,样样都看得清楚了。
Jezi remete men l' ankò nan je l' yo. Lè sa a, avèg la wè klè nèt. Li te geri, li te wè tout bagay klè.
耶稣打发他回家,说:连这村子你也不要进去。
Jezi voye l' al lakay li, li di l' konsa: -Pa antre nan bouk la.
耶稣和门徒出去,往凯撒利亚‧腓立比的村庄去;在路上问门徒说:人说我是谁?
Jezi pati apre sa avèk disip li yo; li ale nan tout bouk ki te nan rejyon Sezare Filip la. Antan yo t'ap mache, li poze yo keksyon sa a: -Ki moun yo di mwen ye en?
他们说:有人说是施洗的约翰;有人说是以利亚;又有人说是先知里的一位。
Yo reponn li: -Gen moun ki di se Jan Batis ou ye. Gen lòt ki di ou se Eli; gen lòt ankò ki di ou se yonn nan pwofèt yo.
又问他们说:你们说我是谁?彼得回答说:你是基督。
Li mande yo ankò: -Bon, nou menm, ki moun nou di mwen ye? Pyè reponn li: -Ou se Kris la.
耶稣就禁戒他们,不要告诉人。
Lè sa a, Jezi ba yo lòd byen sevè pou yo pa di pèsonn sa.
从此,他教训他们说:人子必须受许多的苦,被长老、祭司长,和文士弃绝,并且被杀,过三天复活。
Apre sa, li kòmanse di disip li yo yon bann bagay. Li di yo konsa: -Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè touye m'. Men sou twa jou, mwen gen pou m' leve soti vivan pami mò yo.
耶稣明明的说这话,彼得就拉著他,劝他。
Li t'ap pale konsa aklè ak yo. Pyè rele l' sou kote, li di li: -Pa pale konsa non.
耶稣转过来,看著门徒,就责备彼得说:撒但,退我后边去吧!因为你不体贴 神的意思,只体贴人的意思。
Men Jezi vire tèt li, li gade disip li yo. Li pale sevè ak Pyè, li di li konsa: -Wete kò ou sou mwen, Satan! Paske, lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle.
于是叫众人和门徒来,对他们说:若有人要跟从我,就当舍己,背起他的十字架来跟从我。
Lè sa a Jezi rele foul moun yo ansanm avèk disip li yo, li di yo konsa: -Si yon moun vle mache dèyè m', se pou l' bliye tèt li, se pou l' chaje kwa l' sou zepòl li epi swiv mwen.
因为,凡要救自己生命(或作:灵魂;下同)的,必丧掉生命;凡为我和福音丧掉生命的,必救了生命。
Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen ak bon nouvèl la, li va sove li.
人就是赚得全世界,赔上自己的生命,有什么益处呢?
Kisa sa ta sèvi yon moun pou li ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li?
人还能拿什么换生命呢?
Ou ankò, kisa yon nonm kapab bay pou l' gen lavi?
凡在这淫乱罪恶的世代,把我和我的道当作可耻的,人子在他父的荣耀里,同圣天使降临的时候,也要把那人当作可耻的。
Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen nan mitan bann moun alèkile yo ki vire do bay Bondye pou viv nan peche, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen avèk zanj Bondye yo nan tout bèl pouvwa Papa m' lan, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.