Luke 21

耶稣抬头观看,见财主把捐项投在库里,
Jezi pwonmennen je l' toupatou nan tanp lan, epi li wè moun rich yo ki t'ap mete lajan nan bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan.
又见一个穷寡妇投了两个小钱,
Li wè yon pòv vèv tou ki t'ap mete de ti kòb kwiv.
就说:我实在告诉你们,这穷寡妇所投的比众人还多;
Li di: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: pòv vèv sa a bay plis pase tout lòt moun yo.
因为众人都是自己有余,拿出来投在捐项里,但这寡妇是自己不足,把她一切养生的都投上了。
Paske, tout moun sa yo, se sa yo pa bezwen yo mete nan bwat la; men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l' te gen pou l' viv.
有人谈论圣殿是用美石和供物妆饰的;
Te gen kèk moun ki t'ap pale sou tanp lan; yo t'ap di jan li te byen dekore avèk bèl wòch li yo ansanm ak tout bèl bagay moun te ofri bay Bondye. Lè sa a, Jezi di:
耶稣就说:论到你们所看见的这一切,将来日子到了,在这里没有一块石头留在石头上,不被拆毁了。
Nou wè tout bagay sa yo, yon jou, p'ap gen de wòch k'ap kanpe yonn sou lòt. Tou sa pral kraze nèt vide atè.
他们问他说:夫子!什么时候有这事呢?这事将到的时候有什么豫兆呢?
Yo mande li: Mèt, kilè sa va rive? Kisa ki va fè nou konnen lè tout bagay sa yo prèt pou rive?
耶稣说:你们要谨慎,不要受迷惑;因为将来有好些人冒我的名来,说:我是基督,又说:时候近了,你们不要跟从他们!
Jezi di yo: Atansyon pou pesonn pa twonpe nou. Paske, plizyè moun va vin sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la, ou ankò jou a rive! Pa koute yo.
你们听见打仗和扰乱的事,不要惊惶;因为这些事必须先有,只是末期不能立时就到。
Lè n'a pran nouvèl lagè ak revolisyon k'ap fèt, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive anvan. Men, se p'ap ankò lafen an sa.
当时,耶稣对他们说:民要攻打民,国要攻打国;
Li di yo ankò: Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp; yon peyi va atake yon lòt peyi.
地要大大震动,多处必有饥荒、瘟疫,又有可怕的异象和大神迹从天上显现。
Va gen gwo tranblemanntè. Nan divès kote va gen grangou ak epidemi. Lè sa a, va gen bagay terib ak gwo kokenn chenn siy k'ap parèt nan syèl la.
但这一切的事以先,人要下手拿住你们,逼迫你们,把你们交给会堂,并且收在监里,又为我的名拉你们到君王诸侯面前。
Men anvan tou sa, y'ap arete nou, y'ap maltrete nou; y'ap trennen nou nan sinagòg pou yo jije nou; y'ap mete nou nan prizon, y'ap fè nou konparèt devan wa ak chèf gouvènman poutèt mwen.
但这些事终必为你们的见证。
Se va yon bèl okazyon pou nou kanpe pale verite a.
所以,你们当立定心意,不要预先思想怎样分诉;
Mete sa byen nan tèt nou: nou pa bezwen bat tèt nou pou nou konnen davans ki jan nou pral fè defans nou.
因为我必赐你们口才、智慧,是你们一切敌人所敌不住、驳不倒的。
Se mwen menm ki va mete pawòl nan bouch nou, ki va ban nou konprann. Konsa, nan moun ki nan kont avèk nou yo, yo yonn p'ap ka kenbe tèt ak nou, ni yo p'ap kapab demanti sa n'a di.
连你们的父母、弟兄、亲族、朋友也要把你们交官;你们也有被他们害死的。
Lè sa a, se papa nou ak manman nou, frè nou, pwòp fanmi nou ak bon zanmi nou ki va denonse nou, y'ap fè touye anpil nan nou.
你们要为我的名被众人恨恶,
Tout moun pral rayi nou poutèt mwen.
然而,你们连一根头发也必不损坏。
Men, pa yon grenn cheve nan tèt nou p'ap pèdi.
你们常存忍耐,就必保全灵魂(或作:必得生命)。
Kenbe fèm, se konsa n'a sove lavi nou.
你们看见耶路撒冷被兵围困,就可知道它成荒场的日子近了。
Lè n'a wè yon bann lame ap sènen lavil Jerizalèm toupatou, n'a konnen lè sa a yo prèt pou kraze l' nèt.
那时,在犹太的应当逃到山上;在城里的应当出来;在乡下的不要进城;
Wi, lè sa a tout moun ki nan peyi Jide, se sove al nan mòn; moun ki nan mitan lavil Jerizalèm, se kouri met deyò. Moun ki nan jaden p'ap bezwen antre lavil.
因为这是报应的日子,使经上所写的都得应验。
Jou sa yo, se va Jou Chatiman, lè tou sa ki te ekri nan Liv la pral rive.
当那些日子,怀孕的和奶孩子的有祸了!因为将有大灾难降在这地方,也有震怒临到这百姓。
Lè sa a, se p'ap ti lapenn pou fanm ansent ak nouris yo, paske va gen yon gwo dezolasyon nan peyi a: kòlè Bondye pral tonbe sou pèp sa a.
他们要倒在刀下,又被掳到各国去。耶路撒冷要被外邦人践踏,直到外邦人的日期满了。
Y'ap touye yo ak nepe, y'ap mete men sou yo, y'ap depòte yo nan tout lòt peyi. Pou lavil Jerizalèm lan menm, moun lòt nasyon yo gen pou yo foule l' anba pye yo, jouk tan dèle yo ba yo a va bout.
日、月、星辰要显出异兆,地上的邦国也有困苦;因海中波浪的响声,就慌慌不定。
Gen siy ki pou parèt nan solèy, nan lalin ak nan zetwal yo. Sou latè menm, tout pèp yo pral pran tranble, yo p'ap konn sa pou yo fè devan gwo bri lanmè a ap fè ak lanm li yo.
天势都要震动,人想起那将要临到世界的事,就都吓得魂不附体。
Gen moun k'ap mouri tèlman y'ap pè lè y'a chonje malè ki pral rive sou tout latè, paske pouvwa ki nan syèl yo va tranble.
那时,他们要看见人子有能力,有大荣耀驾云降临。
Lè sa a, y'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini nan yon nwaj, avèk anpil pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.
一有这些事,你们就当挺身昂首,因为你们得赎的日子近了。
Lè bagay sa yo va kòmanse rive, leve kanpe, leve tèt nou, paske Bondye p'ap lwen vin delivre nou.
耶稣又设比喻对他们说:你们看无花果树和各样的树;他发芽的时候,你们一看见,自然晓得夏天近了。
Epi Jezi di yo yon parabòl: Gade pye fig frans lan ak tout lòt pyebwa yo.
a
Lè nou wè yo kòmanse ap boujonnen, nou tou konnen lete sou nou.
这样,你们看见这些事渐渐的成就,也该晓得 神的国近了。
Menm jan an tou, lè n'a wè bagay sa yo rive, nou mèt konnen Gouvènman Bondye ki Wa a toupre.
我实在告诉你们,这世代还没有过去,这些事都要成就。
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun k'ap viv koulye a ki p'ap gen tan mouri anvan tout bagay sa yo rive.
天地要废去,我的话却不能废去。
Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase.
你们要谨慎,恐怕因贪食、醉酒,并今生的思虑累住你们的心,那日子就如同网罗忽然临到你们;
Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n' pa ta kwè.
因为那日子要这样临到全地上一切居住的人。
Paske, jou sa a ap tonbe tankou yon privye sou tout moun ki rete sou latè.
你们要时时儆醒,常常祈求,使你们能逃避这一切要来的事,得以站立在人子面前。
Pa kite dòmi pran nou, lapriyè tout tan; konsa n'a gen fòs pou n' chape anba tou sa ki gen pou rive, pou n' ka kanpe dwat devan Moun Bondye voye nan lachè a.
耶稣每日在殿里教训人,每夜出城在一座山,名叫橄榄山住宿。
Tout lajounen Jezi te nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Men, lè solèy fin kouche, li te konn soti al pase nwit sou mòn Oliv la.
众百姓清早上圣殿,到耶稣那里,要听他讲道。
Chak maten, byen bonè, tout pèp la te konn al jwenn li nan tanp lan pou tande sa l' t'ap di.