Luke 15

众税吏和罪人都挨近耶稣,要听他讲道。
Tout pèseptè kontribisyon yo ak moun k'ap fè sa ki mal yo t'ap pwoche bò kot Jezi pou tande sa l' t'ap di.
法利赛人和文士私下议论说:这个人接待罪人,又同他们吃饭。
Farizyen yo ak dirèktè lalwa yo t'ap babye. Yo t'ap di: Nonm sa a ap resevwa moun k'ap fè sa ki mal, epi l'ap manje ak yo.
耶稣就用比喻说:
Lè sa a, Jezi di yo parabòl sa a:
你们中间谁有一百只羊失去一只,不把这九十九只撇在旷野、去找那失去的羊,直到找著呢?
Sipoze yonn nan nou gen san (100) mouton. Si l' pèdi yonn ladan yo, èske li p'ap kite katrevendisnèf lòt mouton yo nan dezè a, pou li al dèyè sak pèdi a? L'ap chache l' jouk li jwenn li.
找著了,就欢欢喜喜的扛在肩上,回到家里,
Lè l' jwenn li, l'ap mete l' sou zepòl li ak kè kontan.
就请朋友邻舍来,对他们说:我失去的羊已经找著了,你们和我一同欢喜吧!
Lè l' tounen lakay li avè l', l'ap rele tout zanmi l' ak tout vwazen l' yo, l'ap di yo: vin fè fèt avè m', mwen jwenn mouton m' ki te pèdi a.
我告诉你们,一个罪人悔改,在天上也要这样为他欢喜,较比为九十九个不用悔改的义人欢喜更大。
Konsa tou, m'ap di nou, va gen plis kontantman nan syèl la pou yon sèl moun ki t'ap fè sa ki mal epi ki tounen vin jwenn Bondye, pase pou katrevendisnèf moun k'ap mache dwat, ki pa bezwen tounen vin jwenn Bondye.
或是一个妇人有十块钱,若失落一块,岂不点上灯,打扫屋子,细细的找,直到找著吗?
Osinon ankò, sipoze yon fanm ki gen dis pyès lajan. Si li pèdi yonn ladan yo, èske li p'ap limen lanp, bale tout kay la, chache nan tout ti kwen jouk li jwenn li?
找著了,就请朋友邻舍来,对他们说:我失落的那块钱已经找著了,你们和我一同欢喜吧!
Lè l' jwenn li, l'ap rele zanmi l' ak vwazen li yo, l'ap di yo: vin fè fèt avè m'; mwen jwenn pyès lajan m' ki te pèdi a.
我告诉你们,一个罪人悔改,在 神的使者面前也是这样为他欢喜。
Konsa tou, m'ap di nou sa, gen kontantman nan mitan zanj Bondye yo pou yon sèl moun ki t'ap viv nan peche epi ki tounen vin jwenn Bondye.
耶稣又说:一个人有两个儿子。
Jezi di ankò: Vwala, se te yon nonm ki te gen de pitit gason.
小儿子对父亲说:父亲,请你把我应得的家业分给我。他父亲就把产业分给他们。
Pi piti a di papa l': Papa, ban m' pa m' nan byen nou yo. Lè sa a, papa a separe byen l' yo bay tou de.
过了不多几日,小儿子就把他一切所有的都收拾起来,往远方去了。在那里任意放荡,浪费赀财。
Kèk jou apre, ti gason an ranmase tout afè l', li pati, li ale nan yon peyi byen lwen. Antan li la, li lage kò l' nan banbòch, li gaspiye tout lajan l'.
既耗尽了一切所有的,又遇著那地方大遭饥荒,就穷苦起来。
Lè msye fin depanse tout lajan l', yon gwo grangou tonbe sou peyi a. Lè sa a, li vin nan nesesite.
于是去投靠那地方的一个人;那人打发他到田里去放猪。
li al mande travay lakay yon abitan nan peyi a. Abitan an voye l' nan jaden l' al gade kochon.
他恨不得拿猪所吃的豆荚充饥,也没有人给他。
Lè sa a, li ta byen renmen plen vant li ak sa kochon yo t'ap manje a, men pesonn pa t' ba li.
他醒悟过来,就说:我父亲有多少的雇工,口粮有余,我倒在这里饿死吗?
Se lè sa a atò li pran kalkile sou sitiyasyon l'. Li di konsa: Gade kantite moun k'ap travay kay papa m' pou lajan! Yo jwenn manje depase sa yo ka manje. Epi mwen menm, m'ap mouri grangou isit la.
我要起来,到我父亲那里去,向他说:父亲!我得罪了天,又得罪了你;
M'ap leve, mwen pral tounen jwenn papa m', m'ap di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou.
从今以后,我不配称为你的儿子,把我当作一个雇工吧!
Mwen pa merite pou ou konsidere m' pou pitit ou ankò. Gade m' tankou yonn nan moun k'ap travay avè ou yo.
于是起来,往他父亲那里去。相离还远,他父亲看见,就动了慈心,跑去抱著他的颈项,连连与他亲嘴。
Li leve vre, li pran chemen tounen kay papa li. Msye te byen lwen kay la toujou lè papa a wè li. Kè papa a fè l' mal, li kouri al rankontre l', li pase men l' nan kou pitit la epi li bo li.
儿子说:父亲!我得罪了天,又得罪了你;从今以后,我不配称为你的儿子。
Pitit la di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou; mwen pa merite pou ou konsidere m' pou pitit ou ankò.
父亲却吩咐仆人说:把那上好的袍子快拿出来给他穿;把戒指戴在他指头上;把鞋穿在他脚上;
Men, papa a di domestik li yo: Ale vit. Pote pi bèl rad la, mete l' sou li pou mwen. Mete yon bag nan dwèt li, mete soulye nan pye li.
把那肥牛犊牵来宰了,我们可以吃喝快乐;
Al chache jenn ti towo nou t'ap angrese a, touye l'. Ann fete, ann manje.
因为我这个儿子是死而复活,失而又得的。他们就快乐起来。
Paske, pitit gason m' sa a te mouri, men li tounen vivan ankò; li te pèdi, koulye a mwen jwenn li. Epi, yo kòmanse fè fèt.
那时,大儿子正在田里。他回来,离家不远,听见作乐跳舞的声音,
Lè sa a, pi gran gason an te nan jaden. Antan l'ap soti nan jaden, lè l' rive pre kay la, li tande mizik la ak vwa moun k'ap danse yo.
便叫过一个仆人来,问是什么事。
Li rele yonn nan domestik yo, li mande li: Sak genyen?
仆人说:你兄弟来了;你父亲因为得他无灾无病的回来,把肥牛犊宰了。
Domestik la di li: Ti frè ou la tounen. Papa ou fè touye jenn ti towo nou t'ap angrese a, paske li jwenn msye an sante.
大儿子却生气,不肯进去;他父亲就出来劝他。
Gran frè a fè kòlè, li derefize antre nan kay la. Papa a soti, li mande l' pou l' antre.
他对父亲说:我服事你这多年,从来没有违背过你的命,你并没有给我一只山羊羔,叫我和朋友一同快乐。
Men, gran frè a reponn papa a: Gade tout tan mwen genyen depi m'ap sèvi ou; mwen pa janm derespekte lòd ou. Men, ou pa janm ban m' yon ti kabrit menm pou m' fè fèt ak zanmi m' yo.
但你这个儿子和娼妓吞尽了你的产业,他一来了,你倒为他宰了肥牛犊。
Men, lè pitit gason ou lan tounen, li menm ki fin gaspiye tout byen ou yo ak jennès, se pou li ou fè touye jenn towo nou t'ap angrese a.
父亲对他说:儿啊!你常和我同在,我一切所有的都是你的;
Papa a di li: Pitit mwen, ou toujou la avè m'; tout sa m' genyen se pou ou.
只是你这个兄弟是死而复活、失而又得的,所以我们理当欢喜快乐。
Men, fòk kanmenm nou te fè fèt, nou pa t' ka pa kontan, paske frè ou la te mouri, men li tounen vivan, li te pèdi, mwen jwenn li koulye a.