Judges 15

过了些日子,到割麦子的时候,参孙带著一只山羊羔去看他的妻,说:「我要进内室见我的妻。」他岳父不容他进去,
Kèk tan apre sa, pandan rekòt ble a, Samson al rann madanm li vizit. Li te pote yon jenn ti kabrit pou li. Li di bòpè li: -Mwen pral antre nan chanm madanm mwen! Men, bòpè a pa t' kite l' antre.
说:「我估定你是极其恨她,因此我将她给了你的陪伴。她的妹子不是比她还美丽吗?你可以娶来代替她吧!」
Li di Samson konsa: -Mwen te kwè ou te rayi l'! Se konsa, mwen pran l' bay pi bon zanmi ou lan. Men, ti sè l' la pi bèl pase l'. Ou te mèt pran ti sè a nan plas gran sè a.
参孙说:「这回我加害于非利士人不算有罪。」
Samson di yo: -Fwa sa a, si m' fè moun Filisti yo kichòy, piga pesonn vin di m' anyen.
于是参孙去捉了三百只狐狸(或译:野狗),将狐狸尾巴一对一对地捆上,将火把捆在两条尾巴中间,
L' ale, li pran twasan (300) chen mawon. Li mare yo nan ke de pa de, ak yon bwa chandèl nan mitan ke yo.
点著火把,就放狐狸进入非利士人站著的禾稼,将堆集的禾捆和未割的禾稼,并橄榄园尽都烧了。
Apre sa, li mete dife nan bwa chandèl yo, epi li lage chen mawon yo nan jaden ble moun Filisti yo. Dife boule dènye ble moun yo, non sèlman ble ki kase deja yo, men tou ble ki te sou pye toujou. Dife a boule ata jaden rezen yo ak jaden oliv yo.
非利士人说:「这事是谁做的呢?」有人说:「是亭拿人的女婿参孙,因为他岳父将他的妻给了他的陪伴。」于是非利士人上去,用火烧了妇人和她的父亲。
Lè sa a, moun Filisti yo mande: -Ki moun ki fè sa? Yo di yo: -Se Samson, bofi nonm lavil Timna a, ki fè l', paske bòpè l' te pran madan Samson, li bay yon bon zanmi Samson. Se konsa moun Filisti yo ale yo boule madanm lan ansanm ak papa l' nan kay la.
参孙对非利士人说:「你们既然这样行,我必向你们报仇才肯罢休。」
Samson di yo: -Anhan! Se konsa nou fè sa? Bon. Mwen p'ap sispann toutotan mwen pa fin fè nou peye sa nou fè m' la a.
参孙就大大击杀他们,连腿带腰都砍断了。他便下去,住在以坦磐的穴内。
Se konsa, li atake yo avèk raj, li touye anpil ladan yo. Apre sa, l' ale rete nan yon twou wòch bò lavil Etam.
非利士人上去安营在犹大,布散在利希。
Moun Filisti yo al moute kan yo nan peyi Jida, epi yo atake lavil Leki.
犹大人说:「你们为何上来攻击我们呢?」他们说:「我们上来是要捆绑参孙;他向我们怎样行,我们也要向他怎样行。」
Moun peyi Jida yo mande yo: -Poukisa nou vin atake nou? Yo reponn: -Nou vin isit la pou n' mare Samson, pou n' fè l' pase menm sa li te fè nou pase a.
于是有三千犹大人下到以坦磐的穴内,对参孙说:「非利士人辖制我们,你不知道么?你向我们行的是什么事呢?」他回答说:「他们向我怎样行,我也要向他们怎样行。」
Lè sa a, twamil (3000) gason peyi Jida desann bò twou wòch Etam lan, epi yo di Samson: -Gen lè ou pa konnen se moun Filisti yo ki chèf nan peyi nou an? Poukisa ou fè nou sa? Li reponn yo: -Mwen fè yo menm sa yo te fè m' lan.
犹大人对他说:「我们下来是要捆绑你,将你交在非利士人手中。」参孙说:「你们要向我起誓,应承你们自己不害死我。」
Yo di l': -Nou vin isit la pou nou mare ou, pou nou ka mennen ou bay moun Filisti yo. Samson di yo: -Fè m' sèman nou p'ap touye m', nou menm!
他们说:「我们断不杀你,只要将你捆绑交在非利士人手中。」于是用两条新绳捆绑参孙,将他从以坦磐带上去。
Yo di l': -O non! N'ap annik mare ou, epi n'ap mennen ou bay moun Filisti yo. Nou p'ap touye ou! Yo pran de kòd tou nèf, yo mare l' byen mare epi yo tounen avè l' soti nan twou wòch la.
参孙到了利希,非利士人都迎著喧嚷。耶和华的灵大大感动参孙,他臂上的绳就像火烧的麻一样,他的绑绳都从他手上脱落下来。
Lè yo rive lavil Leki, moun Filisti yo kouri vin kontre avè l', yo t'ap rele sitèlman yo te kontan yo te pran li. Lespri Seyè a desann sou Samson. Epi li kase kòd ki te mare de bra l' yo. Moso kòd yo tonbe atè, ou ta di fil ki boule nan dife.
他见一块未干的驴腮骨,就伸手拾起来,用以击杀一千人。
Li jwenn zo machwè yon bourik ki te fenk mouri, li lonje men l', li pran l', li touye mil (1000) moun avè l'.
参孙说:我用驴腮骨杀人成堆,用驴腮骨杀了一千人。
Lèfini, li pran chante, li di: -Avèk yon zo machwè bourik mwen touye mil moun. Avèk yon zo machwè bourik mwen bat yo byen bat.
说完这话,就把那腮骨从手里抛出去了。那地便叫拉末‧利希。
Lè li fin di sa, li voye zo machwè bourik la jete. Li rele kote l' te ye a: Mòn zo machwè.
参孙甚觉口渴,就求告耶和华说:「你既借仆人的手施行这么大的拯救,岂可任我渴死、落在未受割礼的人手中呢?」
Apre sa, Samson vin anvi bwè dlo. Li rele Seyè a, li di: -Ou fin fè m' genyen bèl batay sa a. Koulye a, w'ap kite m' mouri swaf dlo pou bann moun ki p'ap sèvi ou yo mete men sou mwen!
 神就使利希的洼处裂开,有水从其中涌出来。参孙喝了,精神复原;因此那泉名叫隐‧哈歌利,那泉直到今日还在利希。
Lè sa a, Bondye louvri yon twou nan tè a bò lavil Leki a, epi dlo pete soti ladan l'. Samson bwè dlo, li santi l' refè. Se poutèt sa yo rele sous sa a Sous Akore. Sous sa a la bò lavil Leki jouk jòdi a.
当非利士人辖制以色列人的时候,参孙作以色列的士师二十年。
Samson gouvènen pèp Izrayèl la pandan ventan sou rèy moun Filisti yo.