Judges 12

以法莲人聚集,到了北方,对耶弗他说:「你去与亚扪人争战,为什么没有招我们同去呢?我们必用火烧你和你的房屋。」
Lè sa a, moun branch fanmi Efrayim yo reyini ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden, y' al lavil Zafon. Yo di Jefte konsa: -Poukisa ou travèse al goumen ak moun Amon yo san ou pa rele nou ale avè ou? Se poutèt sa, nou pral boule kay ou a sou ou.
耶弗他对他们说:「我和我的民与亚扪人大大争战;我招你们来,你们竟没有来救我脱离他们的手。
Men Jefte di yo: -Moun pa m' yo ansanm avè m', nou te gen yon gwo kont ak moun Amon yo. Mwen te rele nou, men nou pa t' vle vin delivre m' anba men yo.
我见你们不来救我,我就拚命前去攻击亚扪人,耶和华将他们交在我手中。你们今日为什么上我这里来攻打我呢?」
Lè m' wè nou pa t' soti pou nou vin pote m' sekou, m' al riske vi m'. Mwen travèse al goumen ak moun Amon yo, epi Seyè a lage yo nan men m'. Poukisa pou koulye a nou moute jouk lakay mwen vin chache m' kont?
于是耶弗他招聚基列人,与以法莲人争战。基列人击杀以法莲,是因他们说:「你们基列人在以法莲、玛拿西中间,不过是以法莲逃亡的人。」
Lè sa a menm, Jefte sanble tout gason ki nan peyi Galarad la, y' al goumen ak moun Efrayim yo. Yo bat yo byen bat. Moun Efrayim yo te konn joure moun Galarad yo. Yo te konn di: Moun Galarad yo, se yon bann trèt yo ye. Yo kite peyi yo, Efrayim, y' al rete nan peyi Manase a!
基列人把守约旦河的渡口,不容以法莲人过去。以法莲逃走的人若说:「容我过去。」基列人就问他说:「你是以法莲人不是?」他若说:「不是」,
Apre sa, moun Galarad yo pran kontwole tout pas larivyè Jouden kote pou janbe ale nan peyi Efrayim. Chak fwa yonn nan moun Efrayim yo rive pou yo kouri janbe al nan peyi yo, li te blije mande yo pèmisyon. Lè konsa, moun Galarad yo mande l' èske se moun Efrayim li ye. Si li reponn non,
就对他说:「你说『示播列』。」;以法莲人因为咬不真字音,便说「西播列」。基列人就将他拿住,杀在约旦河的渡口。那时以法莲人被杀的有四万二千人。
lè sa a yo mande l' pou l' di: Chibolèt. Men li di: Sibolèt paske li pa t' ka rive di l' jan yo di l' la. Lamenm yo mete men sou li, yo touye l' la nan pas la. Lè sa a, yo te touye karanndemil (42.000) moun nan branch fanmi Efrayim lan.
耶弗他作以色列的士师六年。基列人耶弗他死了,葬在基列的一座城里。
Jefte, moun Galarad la, te gouvènen pèp Izrayèl la pandan sizan. Apre sa, li mouri, epi yo antere l' nan lavil kote li te fèt la nan peyi Galarad.
耶弗他以后,有伯利恒人以比讚作以色列士师。
Apre Jefte, se Ibzan, moun lavil Betleyèm, ki te gouvènen pèp Izrayèl la.
他有三十个儿子,三十女儿;女儿都嫁出去了。他给众子从外乡娶了三十媳妇。他作以色列的士师七年。
Li te gen trant pitit gason ak trant pitit fi. Li marye trant pitit fi l' yo ak moun ki pa t' nan branch fanmi l' epi li fè chache jenn fi nan lòt branch fanmi pou pitit gason l' yo. Li gouvènen pèp Izrayèl la pandan sètan.
以比讚死了,葬在伯利恒。
Apre sa, Ibzan mouri, yo antere l' lavil Betleyèm.
以比讚之后,,有西布伦人以伦,作以色列的士师十年。
Apre li, se Elon, moun Zabilon an, ki te gouvènen pèp Izrayèl la pandan dizan.
西布伦人以伦死了,葬在西布伦地的亚雅崙。
Lè Elon, moun Zabilon an, mouri, yo antere l' lavil Ajalon nan peyi Zabilon.
以伦之后,有比拉顿人希列的儿子押顿作以色列的士师。
Apre li, se Abdon, pitit gason Ilèl, moun lavil Piraton, ki t'ap gouvènen pèp Izrayèl la.
他有四十个儿子,三十个孙子,骑著七十匹驴驹。押顿作以色列的士师八年。
Li te gen karant pitit gason ak trant pitit pitit gason ki te konn moute sou swasanndis ti bourik. Li gouvènen pèp Izrayèl la pandan witan.
比拉顿人希列的儿子押顿死了,葬在以法莲地的比拉顿,在亚玛力人的山地。
Lè Abdon, pitit gason Ilèl la, mouri, yo antere l' lavil Piraton nan peyi Efrayim, nan mòn moun Amalèk yo.