Joshua 19

为西缅支派的人,按著宗族,拈出第二阄。他们所得的地业是在犹大人地业中间。
Dezyèm pòsyon an te vin pou moun Simeyon yo, pou yo separe bay chak fanmi pa yo. Pòsyon tè yo a te nan mitan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Jida yo.
他们所得为业之地就是:别是巴(或名示巴)、摩拉大、
Men lavil yo te ba yo pou yo separe pou yo: Bècheba, Cheba, Molada
哈萨‧书亚、巴拉、以森、
Asa-Chwal, Bala, Atsèm,
伊利多拉、比土力、何珥玛、
Eltolad, Betoul, Oma,
洗革拉、伯‧玛加博、哈萨苏撒、
Ziklag, Bèt Makabòt Asa-Sousa,
伯‧利巴勿、沙鲁险,共十三座城,还有属城的村庄;
Bèt Lebayòt ak Chawouyèm. Sa te fè antou trèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
又有亚因、利门、以帖、亚珊,共四座城,还有属城的村庄;
Yo te ba yo ankò Ayin, Rimon, Etè ak Achan, kat lòt lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
并有这些城邑四围一切的村庄,直到巴拉‧比珥,就是南地的拉玛。这是西缅支派按著宗族所得的地业。
Fòk nou konte tou tout ti bouk nan vwazinaj lavil sa yo rive jouk Baalat-Beyè ak Rama nan dezè a. Men pòsyon tè yo te bay branch fanmi Simeyon yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
西缅人的地业是从犹大人地业中得来的;因为犹大人的分过多,所以西缅人在他们的地业中得了地业。
Nan pòsyon tè moun Jida yo, yo te pran yon pòsyon bay moun Simeyon yo, paske pòsyon tè ki te pou moun Jida yo te twòp pou yo. Se konsa, moun branch fanmi Simeyon yo te jwenn yon pòsyon tè ki te nan mitan pòsyon tè moun Jida yo.
为西布伦人,按著宗族,拈出第三阄。他们地业的境界是到撒立;
Twazyèm pòsyon tè a te vin pou moun branch fanmi Zabilon yo, pou yo separe bay chak fanmi pa yo. Pòsyon tè yo te resevwa a te rive jouk Sarid.
往西上到玛拉拉,达到大巴设,又达到约念前的河;
Limit la moute bò lwès, li rive Mareala, li pase Dabechèt. Apre sa, li rive nan ravin ki pase anfas Jokneyam,
又从撒立往东转向日出之地,到吉斯绿‧他泊的境界,又通到大比拉,上到雅非亚;
lòt bò lavil Sarid, nan direksyon solèy leve, jouk yo rive sou limit Kislòt-Tabò. Apre sa, li pran chemen Daberat, li moute Jafya.
从那里往东,接连到迦特‧希弗,至以特‧加汛,通到临门,临门延到尼亚;
Li soti Jafya nan menm direksyon solèy leve a, li rive sou Gat-Efè ak Itakasen. Li pase sou Rimon, li vire sou Nea.
又绕过尼亚的北边,转到哈拿顿,通到伊弗他‧伊勒谷。
Sou bò nò, limit la vire sou Anaton, l' al bout nan fon Jiftayèl.
还有加他、拿哈拉、伸崙、以大拉、伯利恒,共十二座城,还有属城的村庄。
Yo te ba yo lavil sa yo tou: Katat, Naala, Chimwon, Jideala ak Betleyèm. Sa te fè antou douz lavil ak tout ti bouk ki te sou lòd yo.
这些城并属城的村庄就是西布伦人按著宗族所得的地业。
Tout lavil sa yo ak tout ti bouk ki te sou lòd yo te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Zabilon yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
为以萨迦人,按著宗族,拈出第四阄。
Katriyèm pòsyon tè a te vin pou moun branch fanmi Isaka yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
他们的境界是到耶斯列、基苏律、书念、
Pòsyon sa a te rive jouk lavil Jizreyèl. Men lòt lavil ki te ladan l': Kesoulòt, Choumèm,
哈弗连、示按、亚拿哈拉、
Afarayim, Chiyon, Anakarat,
拉璧、基善、亚别、
Rabit, Kichyon, Abèz,
利篾、隐‧干宁、隐哈大、伯帕薛;
Remèt ak An-Gannim, An ada ak Bèt-Pasèz.
又达到他泊、沙哈洗玛、伯‧示麦,直通到约旦河为止,共十六座城,还有属城的村庄。
Fwontyè a te rive lavil Tabò, lavil Charasima ak lavil Bèt-Chemèch. Epi l' al bout nan larivyè Jouden. Antou sa te fè sèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
这些城并属城的村庄就是以萨迦支派按著宗族所得的地业。
Tout lavil sa yo ak tout ti bouk ki te sou lòd yo te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Isaka yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
为亚设支派,按著宗族,拈出第五阄。
Senkyèm pòsyon tè a soti pou branch fanmi Asè a pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
他们的境界是黑甲、哈利、比田、押煞、
Men lavil ki te nan pòsyon tè pa yo a: Elkat, Ali, Betèn, Akchaf,
亚拉米勒、亚末、米沙勒;往西达到迦密,又到希曷‧立纳,
Alamelèk, Ameyad, Micheyal. Sou bò solèy kouche, li te rive mòn Kamèl ak ravin Libnat.
转向日出之地,到伯‧大衮,达到细步纶往北到伊弗他‧伊勒谷,到伯‧以墨和尼业,也通到迦步勒的左边;
Sou bò solèy leve, tè a rive jouk Bèt-Dagon, li rive sou limit tè moun Zabilon yo, li pran fon Jiftayèl la moute nan direksyon nò, li pase Bèt-Emèk ak Neyèl, li bout sou Kaboul bò nan nò nèt.
又到义伯崙、利合、哈们、加拿,直到西顿大城;
Konsa men lòt lavil ki te nan pòsyon tè sa a: Abdon, Reyòb, Amon ak Kana jouk gwo lavil Sidon an.
转到拉玛和坚固城泰尔;又转到何萨,靠近亚革悉一带地方,直通到海;
Apre sa, limit la vire tounen nan direksyon Rama jouk li rive nan gwo fò lavil Tir la, li pouse pou Osa epi l' al bout nan lanmè Mediterane a. Nan menm pòsyon tè yo a, te vin gen tou Maralèb, Aksib,
又有乌玛、亚弗、利合,共二十二座城,还有属城的村庄。
Ako, Afèk, Reyòb. Sa te fè antou vennde lavil ak tout ti bouk ki te sou lòd yo.
这些城并属城的村庄就是亚设支派按著宗族所得的地业。
Tout lavil sa yo ak tout ti bouk ki te sou lòd yo te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Asè yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
为拿弗他利人,按著宗族,拈出第六阄。
Se pou moun branch fanmi Neftali yo sizyèm pòsyon tè a vini pou yo te ka separe bay chak fanmi pa yo.
他们的境界是从希利弗从撒拿音的橡树,从亚大米‧尼吉和雅比聂,直到拉共,通到约旦河;
Limit la soti lavil Elèf, bò pye chenn Sanannim lan, li pase Adami-Nekèd, Jabneyèl jouk li rive Lakoum, pou l' al bout sou larivyè Jouden an.
又转向西到亚斯纳‧他泊,从那里通到户割,南边到西布伦,西边到亚设,又向日出之地,达到约旦河那里的犹大。
Sou bò solèy kouche, limit la vire sou Aznòt-Tabò. Lè l' soti la, l' al Oukòk, li pase sou limit tè moun Zabilon yo bò nan sid, sou baliz tè moun Asè yo sou bò lwès. Sou bò lès, li pase sou limit tè moun Jida yo kote li lonje larivyè Jouden an.
坚固的城就是:西丁、侧耳、哈末、拉甲、基尼烈、
Men lavil ki te gen fò ak ranpa pou pwoteje yo: Se te Sidim, Sèr, Amat, Raka, Kinerèt,
亚大玛、拉玛、夏琐、
Adama, Rama, Asò,
基低斯、以得来、隐‧夏琐、
Kadès, Edreyi, An asò,
以利稳、密大‧伊勒、和琏、伯亚纳、伯‧示麦,共十九座城,还有属城的村庄。
Jireyon, Migdalèl, Orèm, Bèt anat, Bèt-Chemèch. Sa te fè antou disnèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
这些城并属城的村庄就是拿弗他利支派按著宗族所得的地业。
Men tout lavil ansanm ak tout ti bouk sou lòd yo ki te nan pòsyon tè yo bay moun Neftali yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
为但支派,按著宗族,拈出第七阄。
Se pou moun branch fanmi Dann yo setyèm pòsyon tè a te vini pou yo te ka separe bay chak fanmi pa yo.
他们地业的境界是琐拉、以实陶、伊珥‧示麦、
Men lavil yo te jwenn nan pòsyon tè pa yo a: Se te Soreya, Echtawòl, Ichemèch,
沙拉宾、亚雅崙、伊提拉、
Chalabin, Ajalon, Jitla,
以伦、亭拿他、以革伦、
Elon, Timnata, Ekwon,
伊利提基、基比顿、巴拉、
Eltekè, Gibeton, Baalat,
伊胡得、比尼‧比拉、迦特‧临门、
Jewoud, Bene-Berak Gat-Rimon,
美‧耶昆、拉昆,并约帕对面的地界。
Me-jakon ak Rakon, ansanm avèk tout tè ki anfas lavil Jope.
但人的地界越过原得的地界;因为但人上去攻取利善,用刀击杀城中的人,得了那城,住在其中,以他们先祖但的名将利善改名为但。
Men, moun branch fanmi Dann yo kite lòt moun pran peyi a nan men yo. Se konsa, yo moute al atake lavil Lechèm. Yo anvayi lavil la, yo touye tout moun ki te rete ladan l'. Yo pran lavil la pou yo, yo rete ladan l'. Epi yo chanje non l'. Yo pa rele l' Lechèm ankò. Yo ba li non zansèt yo, yo rele l' Dann.
这些城并属城的村庄就是但支派按著宗族所得的地业。
Men pòsyon tè ansanm ak tout lavil ak ti bouk ki te sou lòd yo, ki te vin pou moun branch fanmi Dann yo pou yo te separe bay chak fanmi pa yo.
以色列人按著境界分完了地业,就在他们中间将地给嫩的儿子约书亚为业,
Aprè moun pèp Izrayèl yo te fin separe rès peyi a bay chak branch fanmi pòsyon pa yo, yo bay Jozye, pitit gason Noun lan, yon pòsyon nan tè a ki pou rele l' pa l'.
是照耶和华的吩咐,将约书亚所求的城,就是以法莲山地的亭拿‧西拉城,给了他。他就修那城,住在其中。
Jan Seyè a te ba yo lòd la, yo ba li lavil li te mande a: Timnat-Sera nan mòn Efrayim. Li rebati lavil la epi li rete ladan l'.
这就是祭司以利亚撒和嫩的儿子约书亚,并以色列各支派的族长,在示罗会幕门口,耶和华面前,拈阄所分的地业。这样,他们把地分完了。
Men divès pòsyon tè Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak chèf fanmi yo te separe bay branch fanmi pèp Izrayèl la, devan Seyè a, nan papòt Tant Randevou a, apre yo te fin tire osò. Se konsa yo te fin separe peyi a nèt.