Joshua 15

犹大支派按著宗族拈阄所得之地是在尽南边,到以东的交界,向南直到寻的旷野。
Lè yo te tire osò a, men pòsyon tè ki vin pou moun branch fanmi Jida yo. Se tè sa a yo te separe bay chak fanmi nan branch lan pòsyon pa yo. Tè a bonè nan sid ak peyi Edon an, depi dezè Zin lan rive Kadès nan direksyon sid.
他们的南界是从盐海的尽边,就是从朝南的海汊起,
Fwontyè tè a konmanse nan pwent sid lanmè Sale a,
通到亚克拉滨坡的南边,接连到寻,上到加低斯‧巴尼亚的南边,又过希斯崙,上到亚达珥,绕到甲加,
li pase anba pas Akrabim lan, li travèse dezè Zin, li moute pou l' pase anba Kadès Banea, li pase Ezwon, li moute Ada, li vire sou Kareka,
接连到押们,通到埃及小河,直通到海为止。这就是他们的南界。
li pase Azmon, li kouri nan ravin ki sou fwontyè Lejip la jouk li rive sou lanmè a. Men limit sid tè moun Jida yo.
东界是从盐海南边到约旦河口。北界是从约旦河口的海汊起,
Sou bò solèy leve, lanmè Sale a te sèvi yo fwontyè rive nan lanbouchi larivyè Jouden an. Se la fwontyè nò a te konmanse.
上到伯‧曷拉,过伯‧亚拉巴的北边,上到流便之子波罕的磐石;
Li moute Bèt-Ogla, li pase anwo Bèt araba, li rive jouk Wòch Boan. Boan, se non yonn nan pitit gason Woubenn yo.
从亚割谷往北,上到底璧,直向河南亚都冥坡对面的吉甲;又接连到隐‧示麦泉,直通到隐‧罗结,
Apre sa, li pase nan fon Akò, li moute jouk Debi. Li vire sou bò nò nan direksyon Gilgal, anfas pas Adoumen ki sou bò sid ravin lan. Li pase moute bò sous Anchemèch, l' al bout sou Anwogèl.
上到欣嫩子谷,贴近耶布斯的南界(耶布斯就是耶路撒冷);又上到欣嫩谷西边的山顶,就是在利乏音谷极北的边界;
Apre sa, li remoute ravin Pitit Ennon an ki nan sid mòn moun Jebis yo, ki vle di Jerizalèm, li moute sou tèt mòn ki anfas ravin Ennon an, sou bò solèy kouche, nan pwent nò plenn refayim yo.
又从山顶延到尼弗多亚的水源,通到以弗崙山的城邑,又延到巴拉(巴拉就是基列‧耶琳);
Li soti nan tèt mòn lan, li desann bò sous Neftoa a. Apre sa li pran direksyon mòn Efwon an, li vire sou lavil Bala (ki rele Kiriyat-Jearim tou).
又从巴拉往西绕到西珥山,接连到耶琳山的北边(耶琳就是基撒崙);又下到伯‧示麦过亭纳,
Li soti Bala, li fè yon ti koub moute nan direksyon solèy kouche, sou mòn Seyi, li lonje flan nò mòn Jearim lan (ki rele Kisalòn tou), li desann Bètchemèch, li travèse Timna,
通到以革伦北边,延到施基崙,接连到巴拉山;又通到雅比聂,直通到海为止。
li rive sou bò nò mòn Ekwon, li vire sou Chikawon, li pase sou ti bit Bala a, li pase Jabneyèl, epi l' al bout nan lanmè.
西界就是大海和靠近大海之地。这是犹大人按著宗族所得之地四围的交界。
Sou bò lwès la, se lanmè Mediterane a ki te sèvi yo limit. Men limit ki te fèmen pòsyon tè yo te bay tout fanmi ki nan branch fanmi Jida a.
约书亚照耶和华所吩咐的,将犹大人中的一段地,就是基列‧亚巴,分给耶孚尼的儿子迦勒。亚巴是亚衲族的始祖(基列‧亚巴就是希伯崙)。
Jan Seyè a te bay Jozye lòd la, yon pòsyon nan tè moun Jida yo vin pou Kalèb, pitit gason Jefoune a. Jozye ba li Kiriyat aba, kapital peyi Anak yo. (Koulye a yo rele lavil la Ebwon).
迦勒就从那里赶出亚衲族的三个族长,就是示筛、亚希幔、挞买;
Kalèb mete twa pitit gason Anak yo deyò nan lavil la. Se te Chechayi, Ayiman ak Talmayi,
又从那里上去,攻击底璧的居民。(这底璧从前名叫基列‧西弗。)
Apre sa, li kite Ebwon, l' al atake moun lavil Debi yo. (Nan tan lontan, yo te rele lavil sa a Kiriyat-Sefè).
迦勒说:「谁能攻打基列‧西弗将城夺取,我就把我女儿押撒给他为妻。」
Lè sa a, Kalèb di konsa: -Moun ki va resi kraze moun Kiriyat-Sefè yo, epi ki va pran lavil la nan men yo, m'a ba li Aksa, pitit fi mwen an, pou madanm.
迦勒兄弟基纳斯的儿子俄陀聂夺取了那城,迦勒就把女儿押撒给他为妻。
Se pwòp frè Kalèb, Otonyèl, pitit Kenaz, ki te pran lavil la. Kalèb ba li Aksa, pitit fi li a, pou madanm.
押撒过门的时候,劝丈夫向她父亲求一块田,押撒一下驴,迦勒问她说:「你要什么?」
Lè Aksa rive lakay mari l', mari a di l' poukisa li pa mande papa l' yon bon jaden. Aksa al jwenn papa l'. Desann li desann bourik li, Kalèb mande l': -Sa ki genyen, pitit mwen?
她说:「求你赐福给我,你既将我安置在南地,求你也给我水泉。」她父亲就把上泉下泉赐给她。
Aksa reponn: -Mwen vin mande ou yon favè. Ou voye m' byen lwen nan dezè Negèv la. Tanpri, ban m' kek sous kote pou m' jwenn dlo non. Se konsa Kalèb ba li Sous Dlo Anwo ak Sous Dlo Anba yo.
以下是犹大支派按著宗族所得的产业。
Men tout tè ki te vini pou branch fanmi Jida a. Yo separe l' bay yon pòsyon pou chak fanmi.
犹大支派尽南边的城邑,与以东交界相近的,就是甲薛、以得、雅姑珥、
Men non lavil kote moun Jida yo te rete nan Negèv la, anba pwent sid peyi a, bò fwontyè peyi Edon an: Kabseyèl, Edè, Jagou,
基拿、底摩拿、亚大达、
Kina, Dimona, Adada,
基低斯、夏琐、以提楠、
Kedèch, Azò-Yitnan,
西弗、提鍊、比亚绿、
Zif, Telèm, Bejalòt,
夏琐‧哈大他、加略‧希斯崙(加略‧希斯崙就是夏琐)、
Azò adata, Keriyòt-Ezwon (ki rele Azò tou),
亚曼、示玛、摩拉大、
Aman, Chema, Molada,
哈萨‧迦大、黑实门、伯‧帕列、
Aza-Gada, Echmon, Bèt-Pelèt,
哈萨‧书亚、别是巴、比斯约他、
Aza-Chwal, Bècheba, Biziotya,
巴拉、以因、以森、
Bala, Iyim, Azèm,
伊勒多腊、基失、何珥玛、
Eltola, Kesil, Oma,
洗革拉、麦玛拿、三撒拿、
Ziklag, Madmana, Sansana,
利巴勿、实忻、亚因、临门,共二十九座城,还有属城的村庄。
Lebaòt, Chilim, Ayin ak Rimon. Sa te fè antou vennèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
在高原有以实陶、琐拉、亚实拿、
Men non lavil kote yo te rete nan plenn yo: Echtawòl, Zorea, Akna,
撒挪亚、隐‧干宁、他普亚、以楠、
Zanoa, An-Gannim, Tapwak, Enan,
耶末、亚杜兰、梭哥、亚西加、
Jamout, Adoulam, Soko, Azeka,
沙拉音、亚底他音、基底拉、基底罗他音,共十四座城,还有属城的村庄。
Charayim, Aditayim, Gedera ak Gedewotayim. Sa te fè antou katòz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
又有洗楠、哈大沙、麦大‧迦得、
Te gen tou Etzenan, Adaka, Migdal-Gad,
底连、米斯巴、约帖、
Dilean, Am Mizpe, Jokteyèl,
拉吉、波斯加、伊矶伦、
Lakis, Boska, Eglon,
迦本、拉幔、基提利、
Kabon, Lamas, Kitlis,
基低罗、伯‧大衮、拿玛、玛基大,共十六座城,还有属城的村庄。
Jedewòt, Bèt-Dagon, Nama, Makeda. Sa te fè antou sèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
又有立拿、以帖、亚珊、
Te gen tou Libna, Etè, Akan,
益弗他、亚实拿、尼悉、
Jifta, Akna, Nezib,
基伊拉、亚革悉、玛利沙,共九座城,还有属城的村庄。
Keyila, Akzib, Marecha. Sa te fè antou nèf lavil ansanm ak tout ti bouk ki sou lòd yo
又有以革伦和属以革伦的镇市村庄;
Te gen Ekwon ak tout ti bouk ki sou lòd li.
从以革伦直到海,一切靠近亚实突之地,并属其地的村庄。
Soti Ekwon pou al bò lanmè, tout lavil ki nan zòn Asdòd ak tout ti bouk ki sou lòd yo,
亚实突和属亚实突的镇市村庄;迦萨和属迦萨的镇市村庄;直到埃及小河,并大海和靠近大海之地。
Asdòd ak tout ti vil ak tout ti bouk ki sou lòd li, Gaza ak tout ti bouk osinon ti vil ki sou lòd li, depi ravin ki sou fwontyè Lejip la rive sou lanmè ki sèvi yo limit la.
在山地有沙密、雅提珥、梭哥、
Men lavil yo te genyen nan mòn yo: Chami, Jati, Soko,
大拿、基列‧萨拿(基列‧萨拿就是底璧)、
Dana, Kiriyat-Sefè (Koulye a li rele Debi),
亚拿伯、以实提莫、亚念、
Anad, Estemoa, Anim,
歌珊、何伦、基罗,共十一座城,还有属城的村庄。
Gochenn, Alon, Gilo. Sa te fè antou onz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
又有亚拉、度玛、以珊、
Te gen tou Arab, Douma, Echean,
雅农、伯‧他普亚、亚非加、
Janoum, Bèt-Tapwa, Afeka,
宏他、基列‧亚巴(基列‧亚巴就是希伯崙)、洗珥,共九座城,还有属城的村庄。
Oumeta, Kiriyat aba (Jòdi a li rele Ebwon), ak Ziò. Sa te fè antou nèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
又有玛云、迦密、西弗、淤他、
Te gen ankò Maon, Kamèl, Zif, Jouta,
耶斯列、约甸、撒挪亚、
Jizrèyèl, Jokdeam, Zanoa,
该隐、基比亚、亭纳,共十座城,还有属城的村庄。
Kayin, Gibeya, Tima, Antou sa te fè dis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
又有哈忽、伯‧夙、基突、
Te gen ankò Aloul, Bètsou, Gidò,
玛腊、伯‧亚诺、伊勒提君,共六座城,还有属城的村庄。
Maarat, Bèt anòt, Eltekon. Antou sa te fè sis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
又有基列‧巴力(基列‧巴力就是基列‧耶琳)、拉巴,共两座城,还有属城的村庄。
Te gen ankò Kiriyat-Baal (Jòdi a li rele Kiriyat-Jearim) ak Araba. Antou sa te fè de lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
在旷野有伯‧亚拉巴、密丁、西迦迦、
Men non lavil kote yo te rete nan dezè a: Bèt araba, Miden, Sekaka,
匿珊、盐城、隐‧基底,共六座城,还有属城的村庄。
Nibkan, Site Sèl la ak Angedi. Antou sa te fè sis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
至于住耶路撒冷的耶布斯人,犹大人不能把他们赶出去,耶布斯人却在耶路撒冷与犹大人同住,直到今日。
Men, moun Jida yo pa t' janm rive mete bann moun Jebis ki te rete lavil Jerizalèm yo deyò. Kifè, jouk jòdi a moun Jebis yo rete lavil Jerizalèm ansanm ak moun Jida yo.