Joshua 13

约书亚年纪老迈,耶和华对他说:「你年纪老迈了,还有许多未得之地,
Lè sa a, Jozye t'ap antre nan laj, li te fin granmoun. Seyè a di l' konsa: -Koulye a, ou fin granmoun, ou antre nan laj serye. Men, gen yon bon pòsyon nan peyi a toujou ki rete pou nou pran.
就是非利士人的全境和基述人的全地。
Rete nou tout teritwa moun Filisti yo ak tout peyi moun Jechou yo,
从埃及前的西曷河往北,直到以革伦的境界,就算属迦南人之地。有非利士人五个首领所管的迦萨人、亚实突人、亚实基伦人、迦特人、以革伦人之地,并有南方亚卫人之地。
ki vle di depi larivyè Chikò k'ap koule sou fwontyè lès peyi Lejip la, moute nan nò, jouk sou fwontyè Ekwon an. Tout teritwa sa a te pase pou peyi moun Kanaran yo. Te gen senk chèf pami moun Filisti yo: yonn te rete lavil Gaza, yon lòt te rete lavil Asdòd, yon lòt lavil Askalon, yon lòt lavil Gat, yon lòt lavil Ekwon. Te rete peyi moun Avit yo tou,
又有迦南人的全地,并属西顿人的米亚拉到亚弗,直到亚摩利人的境界。
sou bò sid la, tout peyi moun Kanaran yo, depi lavil Meara ki pou moun Sidon yo jouk Afeka, sou fwontyè peyi Amori a.
还有迦巴勒人之地,并向日出的全黎巴嫩,就是从黑门山根的巴力‧迦得,直到哈马口。
Te rete ankò tè moun Jebal yo ak tout peyi Liban sou bò solèy leve, depi Baal-Gad nan pye mòn Emon jouk kote Pas Amat la konmanse a.
山地的一切居民,从黎巴嫩直到米斯利弗‧玛音,就是所有的西顿人,我必在以色列人面前赶出他们去。你只管照我所吩咐的,将这地拈阄分给以色列人为业。
Tout moun ki rete nan mòn yo, depi peyi Liban jouk lavil Misrefòt Mayim, tout moun Sidon yo, se mwen menm ki pral mete yo deyò pou fè plas pou pèp Izrayèl la. Men, se ou menm ki pral separe tè a bay chak moun pèp Izrayèl yo pòsyon pa yo, jan mwen te ba ou lòd la.
现在你要把这地分给九个支派和玛拿西半个支派为业。」
Lè a rive koulye a pou nou separe peyi a bay nèf lòt branch fanmi yo ak lòt mwatye nan branch fanmi Manase a pòsyon pa yo.
玛拿西那半支派和流便、迦得二支派已经受了产业,就是耶和华的仆人摩西在约旦河东所赐给他们的:
Branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la ansanm ak mwatye nan branch fanmi Manase a te deja resevwa pòsyon tè pa yo lòt bò larivyè Jouden sou solèy leve. Se Moyiz, sèvitè Seyè a, ki te ba yo li.
是从亚嫩谷边的亚罗珥和谷中的城,并米底巴的全平原,直到底本,
Peyi yo a te soti depi lavil Awoyè ki sou bò gwo ravin Anon an ak lavil ki nan mitan ravin lan, li pran tout plenn Medeba a rive lavil Dibon.
和在希实本作王亚摩利王西宏的诸城,直到亚扪人的境界;
Li pran tout lavil ki te pou Siyon, wa moun Amori yo, ki te rete lavil Esbon pandan tout rèy li, li rive jouk sou fwontyè moun Amon yo.
又有基列地、基述人、玛迦人的地界,并黑门全山、巴珊全地,直到撒迦;
Li pran tout peyi Galarad la, tout teritwa moun Jechou yo ak moun Maaka yo ansanm ak tout mòn Emon ak mòn Bachan jouk Salka.
又有巴珊王噩的全国─他在亚斯他录和以得来作王(利乏音人所存留的只剩下他)。这些地的人都是摩西所击杀、所赶逐的。
Nan peyi Bazan an, yo pran tout zòn kote wa Og t'ap gouvènen an. Wa Og sa a te rete lavil Astawòt ak lavil Edreyi lè sa a. Se te dènye moun nan ras refayim yo ki te vivan. Moyiz te goumen ak pèp sa yo, li bat yo byen bat, li pran tout peyi a nan men de wa yo.
以色列人却没有赶逐基述人、玛迦人;这些人仍住在以色列中,直到今日。
Men, pèp Izrayèl la pa t' mete moun Jechou yo ak moun Maaka yo deyò. Se konsa, jouk jòdi a de pèp sa yo ap viv nan mitan pèp Izrayèl la toujou.
只是利未支派,摩西(原文作他)没有把产业分给他们。他们的产业乃是献与耶和华─以色列 神的火祭,正如耶和华所应许他们的。
Sèl branch fanmi Levi a pa t' resevwa ankenn pòsyon tè ki rele l' pa l' nan pataj la, paske Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te kite tou sa yo ofri ba li pou yo, jan li te di l' la.
摩西按著流便支派的宗族分给他们产业。
Moyiz te separe tè branch fanmi Woubenn lan, li bay chak fanmi pòsyon pa yo.
他们的境界是亚嫩谷边的亚罗珥和谷中的城,靠近米底巴的全平原;
Se konsa, pòsyon pa yo a te konmanse depi lavil Awoyè, ki sou bò ravin Anon an, li pran lavil ki nan mitan ravin lan, tout platon Medeba a,
希实本并属希实本平原的各城,底本、巴末‧巴力、伯‧巴力‧勉、
lavil Esbon ak tout lòt lavil ki te sou platon an, ki vle di Dibon, Bamòt, Baal, Bèt-Baal Meyon,
雅杂、基底莫、米法押、
Jaza, Kedemòt, Mefrat,
基列亭、西比玛、谷中山的细列‧哈沙辖、
Kiryatayim, Libna ak Zerèt acha Jechimòt, sou ti bit ki nan fon an,
伯‧毗珥、毘斯迦山坡、伯‧耶西末;
Bèt-Peyò, sou pant Pizga a, Bèt ajechimòt,
平原的各城,并亚摩利王西宏的全国。这西宏曾在希实本作王,摩西把他和米甸的族长以未、利金、苏珥、户珥、利巴击杀了;这都是住那地属西宏为首领的。
tout lavil ki sou platon an, tout peyi wa Siyon ki t'ap gouvènen moun Amori yo nan lavil Esbon. Se Moyiz ki te kraze l' ansanm avèk chèf peyi Madyan yo: Evi, Rekèm, Zou, Our, Reba. Tout chèf sa yo t'ap viv nan peyi a sou lòd wa Siyon.
那时以色列人在所杀的人中,也用刀杀了比珥的儿子术士巴兰。
Pami moun moun pèp Izrayèl yo te touye yo, te gen pwofèt yo te rele Balaram, pitit Beyò a.
流便人的境界就是约旦河与靠近约旦河的地。以上是流便人按著宗族所得为业的诸城,并属城的村庄。
Pòsyon tè moun branch fanmi Woubenn yo te rive jouk larivyè Jouden. Se tout lavil ak tout ti bouk sa yo yo te bay moun branch fanmi Woubenn yo. Yo te separe bay chak fanmi pòsyon pa yo, dapre kantite fanmi yo te genyen.
摩西按著迦得支派的宗族分给他们产业。
Moyiz te separe tè branch fanmi Gad la, li bay chak fanmi pòsyon pa yo.
他们的境界是雅谢和基列的各城,并亚扪人的一半地,直到拉巴前的亚罗珥;
Se konsa, pòsyon pa yo a te pran tout peyi Jazè a, tout lavil ki nan peyi Galarad la, mwatye nan peyi moun Amon yo, rive sou lavil Awoyè sou bò solèy leve lavil Raba.
从希实本到拉抹‧米斯巴和比多宁,又从玛哈念到底璧的境界,
Li te pran depi Esbon jouk Ramat Mizpe ak Betonim, depi Manayim jouk fwontyè peyi Lodeba.
并谷中的伯‧亚兰、伯‧宁拉、疏割、撒分,就是希实本王西宏国中的余地,以及约旦河与靠近约旦河的地,直到基尼烈海的极边,都在约旦河东。
Nan fon an yo te gen lavil sa yo: Bèt aram, Bèt-Nimra, Soukòt ak Zafon, rès peyi wa Siyon ki te rete Esbon an. Larivyè Jouden te sèvi yo fwontyè rive letan Galile nan nò. Tout pòsyon pa yo a te lòt bò solèy leve.
以上是迦得人按著宗族所得为业的诸城,并属城的村庄。
Se tout lavil ak tout ti bouk sa yo yo te bay moun branch fanmi Gad yo. Yo te separe bay chak fanmi pòsyon pa yo, dapre kantite fanmi yo te genyen.
摩西把产业分给玛拿西半支派,是按著玛拿西半支派的宗族所分的。
Moyiz te separe tè ki pou mwatye nan branch fanmi Manase a, li bay chak fanmi pòsyon pa yo.
他们的境界是从玛哈念起,包括巴珊全地,就是巴珊王噩的全国,并在巴珊、睚珥的一切城邑,共六十个。
Se konsa, pòsyon pa yo a te konmanse depi Manayim, li pran tout peyi Bazan an, tout peyi wa Og t'ap gouvènen an, ak swasant bouk ki te pou Jayi nan peyi Bazan an,
基列的一半,并亚斯他录、以得来,就是属巴珊王噩国的二城,是按著宗族给玛拿西的儿子玛吉的一半子孙。
mwatye nan peyi Galarad la ansanm ak Astawòt ak Edreyi, lavil ki te pou wa Og nan peyi Bazan an. Se tout zòn sa yo ki vin pou mwatye nan branch fanmi Maki, pitit gason Manase a. Yo bay chak fanmi pòsyon pa yo.
以上是摩西在约旦河东对著耶利哥的摩押平原所分给他们的产业。
Se konsa Moyiz te separe tè ki lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, sou bò solèy leve, lè li te nan plenn Moab yo.
只是利未支派,摩西没有把产业分给他们。耶和华─以色列的 神是他们的产业,正如耶和华所应许他们的。
Men, Moyiz pa t' bay moun branch fanmi Levi yo ankenn pòsyon nan peyi a pou rele yo pa yo. Li te di yo sèl byen yo se Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.