John 20

七日的第一日清早,天还黑的时候,抹大拉的马利亚来到坟墓那里,看见石头从坟墓挪开了,
Nan dimanch maten, byen bonè, li pa t' ankò fin jou, Mari, moun Magdala a, al nan kavo a. Li wè yo te wete wòch ki te fèmen bouch kavo a.
就跑来见西门彼得和耶稣所爱的那个门徒,对他们说:有人把主从坟墓里挪了去,我们不知道放在那里。
Li kouri, li al jwenn Simon Pyè ansanm ak lòt disip Jezi te renmen an, li di yo: Yo wete Seyè a kote l' te ye nan kavo a. Nou pa konn kote yo mete li.
彼得和那门徒就出来,往坟墓那里去。
Pyè pati ansanm ak lòt disip la, y' al nan kavo a.
两个人同跑,那门徒比彼得跑的更快,先到了坟墓,
Yo t'ap kouri ansanm, men lòt disip la t'ap kouri pi vit pase Pyè. Li rive bò kavo a anvan li.
低头往里看,就见细麻布还放在那里,只是没有进去。
Li bese pou l' gade anndan an. Li wè bann twal fin yo te fè yon pil atè a. Men, li pa antre.
西门彼得随后也到了,进坟墓里去,就看见细麻布还放在那里,
Lè Simon Pyè rive dèyè l', li antre nan kavo a. Li wè bann twal fin yo anpile atè a
又看见耶稣的裹头巾没有和细麻布放在一处,是另在一处捲著。
ansanm ak moso twal ki te mare tèt Jezi a. Men, moso twal sa a pa t' menm kote ak bann twal fin yo. Li te vlope apa yon lòt kote.
先到坟墓的那门徒也进去,看见就信了。
Se lè sa a, lòt disip ki te rive bò kavo a anvan an antre tou. Li wè, li kwè.
因为他们还不明白圣经的意思,就是耶稣必要从死里复活。
(Disip yo pa t' ankò konprann sa ki te ekri nan Liv la kote yo te di Jezi te gen pou l' te leve soti vivan pami mò yo.)
于是两个门徒回自己的住处去了。
Apre sa, tou de disip yo tounen lakay yo.
马利亚却站在坟墓外面哭。哭的时候,低头往坟墓里看,
Mari menm te rete deyò toupre kavo a. Li t'ap kriye. Antan l' t'ap kriye konsa, li bese tèt li pou l' gade anndan kavo a.
就见两个天使,穿著白衣,在安放耶稣身体的地方坐著,一个在头,一个在脚。
Li wè de zanj Bondye abiye tout an blan, chita kote yo te mete kò Jezi a, yonn nan plas tèt la, lòt la nan plas pye yo.
天使对他说:妇人,你为什么哭?他说:因为有人把我主挪了去,我不知道放在那里。
Zanj yo mande li: Madanm, poukisa w'ap kriye konsa? Li reponn yo: Yo wete Seyè mwen an, m' pa konn kote yo mete li.
说了这话,就转过身来,看见耶稣站在那里,却不知道是耶稣。
Lè l' fin di sa, li vire tèt li, li wè Jezi ki te kanpe la, men li pa t' rekonèt si se te Jezi.
耶稣问他说:妇人,为什么哭?你找谁呢?马利亚以为是看园的,就对他说:先生,若是你把他移了去,请告诉我,你把他放在那里,我便去取他。
Jezi mande li: Madanm, poukisa w'ap kriye konsa? Ki moun w'ap chache? Mari menm te kwè se te mèt jaden an. Se poutèt sa li di li: Mèt, si se ou menm ki wete l', di m' ki bò ou mete li. M'a v al pran li.
耶稣说:马利亚。马利亚就转过来,用希伯来话对他说:拉波尼!(拉波尼就是夫子的意思。)
Jezi di li: Mari! Mari vire bò kot Jezi, li di l' an lang ebre: Rabouni (sa vle di: Mèt).
耶稣说:不要摸我,因我还没有升上去见我的父。你往我弟兄那里去,告诉他们说,我要升上去见我的父,也是你们的父,见我的 神,也是你们的 神。
Jezi di li: Pa manyen m'! Mwen poko moute al jwenn Papa mwen. Men, ale jwenn frè m' yo, di yo m'ap moute bò kot Papa m' ki papa nou tou, m'ap moute bò kot Bondye m' ki Bondye nou tou.
抹大拉的马利亚就去告诉门徒说:我已经看见了主。他又将主对他说的这话告诉他们。
Se konsa Mari, moun Magdala a, al di disip yo: Mwen wè Seyè a. Epi li rakonte yo sa Jezi te di li.
那日(就是七日的第一日)晚上,门徒所在的地方,因怕犹太人,门都关了。耶稣来,站在当中,对他们说:愿你们平安!
Menm jou dimanch sa a, nan aswè, disip yo te reyini nan yon kay. Yo te fèmen pòt yo akle paske yo te pè jwif yo. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout!
说了这话,就把手和肋旁指给他们看。门徒看见主,就喜乐了。
Apre li fin di yo sa, li moutre yo de pla men l' ak bò kòt li. Disip yo pa t' manke kontan lè yo wè Seyè a.
耶稣又对他们说:愿你们平安!父怎样差遣了我,我也照样差遣你们。
Jezi di yo ankò: benediksyon Bondye sou nou tout! Menm jan Papa a te voye m' lan, se konsa m'ap voye nou tou.
说了这话,就向他们吹一口气,说:你们受圣灵!
Apre pawòl sa yo, li soufle sou yo, li di yo: Resevwa Sentespri.
你们赦免谁的罪,谁的罪就赦免了;你们留下谁的罪,谁的罪就留下了。
Moun n'a padone peche yo, y'a resevwa padon vre. Moun n'a refize padone, yo p'ap resevwa padon.
那十二个门徒中,有称为低土马的多马;耶稣来的时候,他没有和他们同在。
Men, twouve Toma, yonn nan douz disip yo ki te rele Jimo, pa t' la avèk yo lè Jezi te vini an.
那些门徒就对他说:我们已经看见主了。多马却说:我非看见他手上的钉痕,用指头探入那钉痕,又用手探入他的肋旁,我总不信。
Lòt disip yo di li: Nou wè Seyè a. Men, Toma reponn yo: Si m' pa wè mak klou yo nan pla men l', si m' pa mete dwèt mwen nan plas kote klou yo te ye a, si m' pa mete men m' nan bò kòt li, mwen p'ap kwè.
过了八日,门徒又在屋里,多马也和他们同在,门都关了。耶稣来,站在当中说:愿你们平安!
Yon senmenn apre sa, disip Jezi yo te reyini ankò anndan kay la. Fwa sa a Toma te la avèk yo. Tout pòt yo te fèmen akle. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di: benediksyon Bondye sou nou tout.
就对多马说:伸过你的指头来,摸(原文是看)我的手;伸出你的手来,探入我的肋旁。不要疑惑,总要信。
Apre sa li di Toma: Mete dwèt ou isit la. Men. Gade men m' yo. Lonje men ou, mete l' la bò kòt mwen. Wete doutans nan kè ou. Kwè, tande.
多马说:我的主!我的 神!
Toma reponn li: Seyè mwen, Bondye mwen!
耶稣对他说:你因看见了我才信;那没有看见就信的有福了。
Jezi di li: Koulye a, se paske ou wè m' kifè ou kwè? benediksyon pou tout moun ki va kwè san yo pa wè mwen!
耶稣在门徒面前另外行了许多神迹,没有记在这书上。
Jezi te fè anpil lòt mirak ankò devan disip li yo, men nou pa rapòte yo nan liv sa a.
但记这些事要叫你们信耶稣是基督,是 神的儿子,并且叫你们信了他,就可以因他的名得生命。
Tou sa ki ekri nan Liv sa a, mwen ekri yo pou nou ka kwè Jezi se Kris la, Pitit Bondye, pou lè nou kwè a nou ka gen lavi nan li.