John 2

第三日,在加利利的迦拿有娶亲的筵席,耶稣的母亲在那里。
De jou apre sa, te gen yon maryaj lavil Kana nan peyi Galile. Manman Jez te la,
耶稣和他的门徒也被请去赴席。
yo te envite Jezi ak disip li yo nan nòs la tou.
酒用尽了,耶稣的母亲对他说:「他们没有酒了。」
Rive yon lè pa t' gen diven ankò. Manman Jezi di l' konsa: Yo pa gen diven ankò non.
耶稣说:「母亲(原文是妇人),我与你有什么相干?我的时候还没有到。」
Men Jezi reponn li: Nan kisa mwen ye avè ou, madanm? Lè pa m' lan poko rive.
他母亲对用人说:「他告诉你们什么,你们就做什么。」
Lè sa a, manman Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: Fè tou sa l' di nou fè.
照犹太人洁净的规矩,有六口石缸摆在那里,每口可以盛两三桶水。
Te gen sis gwo ja fèt an wòch ki te sèvi pou jwif yo lave kò yo dapre koutim yo. Yo te gwo ase pou chak te kenbe vin trant galon konsa.
耶稣对用人说:「把缸倒满了水。」他们就倒满了,直到缸口。
Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: Plen ja yo dlo. Yo plen yo ra bouch.
耶稣又说:「现在可以舀出来,送给管筵席的。」他们就送了去。
Lè yo fini, Jezi di yo: Pran ti gout nan dlo sa a, pote bay chèf kanbiz la goute. Yo pote ti gout bay chèf kanbiz la.
管筵席的尝了那水变的酒,并不知道是那里来的,只有舀水的用人知道。管筵席的便叫新郎来,
Chèf kanbiz la goute dlo ki te tounen diven an. Li pa t' konnen ki bò diven sa a te soti. (Men, domestik yo ki te pran dlo a te konnen.) Li rele nonm ki t'ap marye a,
对他说:「人都是先摆上好酒,等客喝足了,才摆上次的,你倒把好酒留到如今!」
li di li konsa: Tout moun sèvi pi bon diven an anvan. Se apre tout envite yo fin sou, se lè sa a yo sèvi diven ki pa twò bon an. Men ou menm, ou te sere pi bon diven an. Se koulye a w'ap sèvi l'.
这是耶稣所行的头一件神迹,是在加利利的迦拿行的,显出他的荣耀来;他的门徒就信他了。
Se konsa Jezi te fè premye mirak li lavil Kana nan peyi Galile. Li te fè wè pouvwa li. Sa te fè disip li yo kwè nan li.
这事以后,耶稣与他的母亲、弟兄、和门徒都下迦百农去,在那里住了不多几日。
Apre sa, li ale lavil Kapènawòm ansanm ak manman l', frè l' yo ak disip li yo. Yo pase de twa jou la.
犹太人的逾越节近了,耶稣就上耶路撒冷去。
Fèt Delivrans jwif yo te vanse rive. Se konsa Jezi moute Jerizalèm.
看见殿里有卖牛、羊、鸽子的,并有兑换银钱的人坐在那里,
Li jwenn yon bann moun nan tanp lan ki t'ap vann bèf, mouton ak pijon. Gen lòt menm ki te chita dèyè tab yo ap chanje lajan.
耶稣就拿绳子做成鞭子,把牛羊都赶出殿去,倒出兑换银钱之人的银钱,推翻他们的桌子,
Li pran kèk kòd, li mare yo ansanm, li fè yon fwèt ak yo. Epi li mete tout moun yo deyò nan tanp lan ansanm ak tout mouton yo ak tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo, li jete tout kòb yo atè.
又对卖鸽子的说:「把这些东西拿去!不要将我父的殿当作买卖的地方。」
Li di moun ki t'ap vann pijon yo: Wete sa la. Pa fè kay Papa m' lan tounen yon boutik kote yo fè komès.
他的门徒就想起经上记著说:「我为你的殿心里焦急,如同火烧。」
Disip li yo vin chonje pawòl sa yo ki te ekri nan Liv la: O Bondye, mwen sitèlman renmen kay ou a, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen.
因此犹太人问他说:「你既做这些事,还显什么神迹给我们看呢?」
Jwif yo mande li: Ki mirak ou ka fè pou moutre nou ou gen dwa fè sa w'ap fè la a?
耶稣回答说:「你们拆毁这殿,我三日内要再建立起来。」
Jezi reponn yo: Kraze tanp sa a koulye a. Nan twa jou m'ap rebati l' ban nou.
犹太人便说:「这殿是四十六年才造成的,你三日内就再建立起来吗?」
Jwif yo di li: Yo pran karannsizan pou yo bati tanp sa a, pou ou menm, pou ou ta pran twa sèl jou pou rebati li?
但耶稣这话是以他的身体为殿。
Men Jezi li menm, lè l' t'ap di mo tanp lan se pwòp kò li li te gen nan tèt li.
所以到他从死里复活以后,门徒就想起他说过这话,便信了圣经和耶稣所说的。
Lè Jezi leve soti vivan nan lanmò, disip li yo vin chonje li te di sa. Se konsa yo te kwè sa ki te ekri nan Liv la ansanm ak tout pawòl Jezi te di yo.
当耶稣在耶路撒冷过逾越节的时候,有许多人看见他所行的神迹,就信了他的名。
Pandan Jezi te Jerizalèm pou fèt Delivrans lan anpil moun te kwè nan li lè yo te wè mirak li t'ap fè.
耶稣却不将自己交托他们;因为他知道万人,
Men, Jezi pa t' fè okenn ladan yo konfyans, paske li te konnen yo tout byen.
也用不著谁见证人怎样,因他知道人心里所存的。
Li pa t' bezwen moun te di l' anyen sou pesonn, paske li menm li te konnen sa ki nan kè yo.