Job 40

耶和华又对约伯说:
Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa:
强辩的岂可与全能者争论吗?与 神辩驳的可以回答这些吧!
-Jòb monchè, ou menm ki t'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a, ou p'ap kite pou li? Ou menm ki t'ap kritike Bondye a, ou vle reponn li koulye a?
于是,约伯回答耶和华说:
Jòb reponn Seyè a, li di l' konsa:
我是卑贱的!我用什么回答你呢?只好用手摀口。
-Mwen pa t' konn sa m' t'ap di. Kisa pou m' reponn ou? Se fèmen pou m' fèmen bouch mwen.
我说了一次,再不回答;说了两次,就不再说。
Mwen pale twòp deja. Mwen pa gen anyen pou m' di ankò.
于是,耶和华从旋风中回答约伯说:
Seyè a rete nan van tanpèt la, li pale ak Jòb ankò. Li di l':
你要如勇士束腰;我问你,你可以指示我。
-Koulye a, kanpe! Mete gason sou ou! Mwen pral poze ou keksyon, se pou ou reponn mwen.
你岂可废弃我所拟定的?岂可定我有罪,好显自己为义吗?
Eske ou soti vre pou moutre se lenjistis m'ap fè ou? Se mwen menm ki antò, ou menm ou gen rezon?
你有 神那样的膀臂吗?你能像他发雷声吗?
Eske ou gen menm fòs avè m'? Eske vwa ou ka gwonde tankou vwa pa m'?
你要以荣耀庄严为妆饰,以尊荣威严为衣服;
Si se konsa, kanpe non! Kenbe tèt ou byen dwat! Gade tout moun nan je! Mete chèf sou ou! Fè wè pouvwa ou!
要发出你满溢的怒气,见一切骄傲的人,使他降卑;
Gade moun k'ap gonfle lestonmak yo nan je. Move sou yo! Kraze kouraj yo!
见一切骄傲的人,将他制伏,把恶人践踏在本处;
Wi. Gade yo nan je. Fè yo bese tèt yo! Kraze mechan yo la kote yo ye a!
将他们一同隐藏在尘土中,把他们的脸蒙蔽在隐密处;
Mete yo tout anba tè. Mare bouch yo tout nan twou kote mò yo ye a.
我就认你右手能以救自己。
Lè sa a, mwen menm, m'a fè lwanj ou, dèske avèk pwòp fòs ou ou te rive kraze yo.
你且观看河马;我造你也造牠。牠吃草与牛一样;
Gade gwo bèt lèd yo rele Beyemòt la. Se mwen ki fè l', menm jan se mwen ki fè ou. Se zèb li manje tankou bèf.
牠的气力在腰间,能力在肚腹的筋上。
Tout fòs li, se nan ren l'. Tout kouraj li, se nan venn vant li.
牠摇动尾巴如香柏树;牠大腿的筋互相联络。
Ke l' kanpe tankou yon pye sèd. Venn janm li yo fè boul.
牠的骨头好像铜管;牠的肢体彷彿铁棍。
Zo l' yo di tankou fè tiyo. Janm li yo tankou de bout fè.
牠在 神所造的物中为首;创造牠的给牠刀剑。
Nan tout bèt mwen fè, se li ki pote premye pri. Se mwen ki kreye l' la sèlman ki ka fè l' bat ba.
诸山给牠出食物,也是百兽游玩之处。
Li manje zèb ki pouse sou mòn kote lòt bèt nan bwa ap pran plezi yo.
牠伏在莲叶之下,卧在芦苇隐密处和水洼子里。
Li kouche anba raje. Li kache nan mitan wozo marekay yo.
莲叶的阴凉遮蔽牠;溪旁的柳树环绕牠。
Raje yo fè lonbray pou li. Pye sikren bò larivyè yo ap pwoteje l'.
河水泛滥,牠不发战;就是约旦河的水涨到牠口边,也是安然。
Larivyè ap desann, sa pa di l' anyen. Larivyè Jouden gonfle rive wotè bouch li, li kè pòpòz.
在牠防备的时候,谁能捉拿牠?谁能牢笼牠穿牠的鼻子呢?
Ki moun ki ka pete je l' pou mete men sou li? Ki moun ki ka pèse bwa nen l' ak yon fwenn bwa.