Job 4

提幔人以利法回答说:
Elifaz, moun Teman an, pran lapawòl, li di konsa:
人若想与你说话,你就厌烦吗?但谁能忍住不说呢?
-Jòb, si m' pale avè ou, ou p'ap fache, vye frè? Mwen pa ka pa pale.
你素来教导许多的人,又坚固软弱的手。
Yon lè, se ou ki te konn moutre moun anpil bagay, se ou ki te konn bay moun fòs lè yo fèb.
你的言语曾扶助那将要跌倒的人;你又使软弱的膝稳固。
Pawòl nan bouch ou te yon ankourajman pou moun ki te dekouraje. Ou te ede yo kanpe sou de pye yo ankò.
但现在祸患临到你,你就昏迷,挨近你,你便惊惶。
Koulye a, paske se tou pa ou, ou pèdi tèt ou. Malè tonbe sou ou, w'ap depale.
你的倚靠不是在你敬畏 神吗?你的盼望不是在你行事纯正吗?
W'ap sèvi Bondye, ou fèt pou genyen l' konfyans. Ou mennen bak ou byen, ou pa fèt pou dekouraje.
请你追想:无辜的人有谁灭亡?正直的人在何处剪除?
Repase tèt ou byen. Ou janm konnen yon inonsan ki mouri mal? Ou janm wè yo touye yon moun ki mache dwat?
按我所见,耕罪孽、种毒害的人都照样收割。
M'ap di sa m' wè ak je m': Moun ki kouve mechanste nan kè yo epi k'ap mache bay moun lapenn, se mechanste ak lapenn yo rekòlte.
 神一出气,他们就灭亡; 神一发怒,他们就消没。
Lè Bondye fache, li soufle sou yo, yo mouri. Lè van tanpèt Bondye a leve, yo disparèt.
狮子的吼叫和猛狮的声音尽都止息;少壮狮子的牙齿也都敲掉。
Mechan yo rele kou lyon, yo gwonde kou bèt sovaj. Men, Bondye fèmen bouch yo, li kase dan nan bouch yo.
老狮子因绝食而死;母狮之子也都离散。
Yo mouri tankou lyon ki pa jwenn bèt pou yo manje. Tout pitit yo gaye nan bwa.
我暗暗地得了默示;我耳朵也听其细微的声音。
Yon lè, mwen tande Bondye t'ap pale tou dousman nan zòrèy mwen. Mwen pa t' fin tande nèt sa li t'ap di.
在思念夜中、异象之间,世人沉睡的时候,
Tankou yon move rèv nan mitan lannwit, li mete yon bann vye lide nan tèt mwen. M' pa ka dòmi tèlman mwen pè.
恐惧、战兢临到我身,使我百骨打战。
Mwen pran tranble, mwen santi yon frison mache nan tout kò m'. Tout zo nan kò m' ap krake.
有灵从我面前经过,我身上的毫毛直立。
Yon souf pase bò figi m', tout cheve nan tèt mwen kanpe.
那灵停住,我却不能辨其形状;有影像在我眼前。我在静默中听见有声音说:
Mwen rete konsa mwen wè yon moun kanpe devan m'. Mwen pa t' rekonèt ki moun li ye. Men, fòm moun lan te la devan je m'. Mwen pa tande yon ti bri menm. Apre sa, mwen tande yon vwa ki t'ap pale tou dousman, li t'ap di:
必死的人岂能比 神公义吗?人岂能比造他的主洁净吗?
Ki moun ki ka di li mache dwat devan Bondye? Ki moun ki san repwòch devan Bondye ki kreye l' la?
主不信靠他的臣仆,并且指他的使者为愚昧;
Bondye pa janm fin fye sèvitè l' yo nèt. Ata zanj li yo, li jwenn bagay pou l' repwoche yo.
何况那住在土房、根基在尘土里、被蠹虫所毁坏的人呢?
Ale wè atò pou moun ki fèt ak labou, pou moun ki soti nan pousyè tè, pou moun yo kapab kraze tankou poudbwa!
早晚之间,就被毁灭,永归无有,无人理会。
Yon sèl jou kont pou yo tounen pousyè, yo disparèt nèt. Pesonn pa wè sa.
他帐棚的绳索岂不从中抽出来呢?他死,且是无智慧而死。
Yo rete konsa yo kase kòd. Yo mouri san yo pa janm rive fin gen bon konprann.