Job 32

于是这三个人,因约伯自以为义就不再回答他。
Jòb te sitèlman sèten li te inonsan, twa mesye yo kite sa, yo pa chache reponn li ankò.
那时有布西人兰族巴拉迦的儿子以利户向约伯发怒;因约伯自以为义,不以 神为义。
Men, Eliyou ki te kanpe la fè yon sèl kòlè. Eliyou sa a, se pitit Barakèl, moun fanmi Bouz, nan branch fanmi Ranm lan. Li fè yon sèl kòlè sou Jòb, paske Jòb t'ap bay tèt li rezon, li t'ap bay Bondye tò.
他又向约伯的三个朋友发怒;因为他们想不出回答的话来,仍以约伯为有罪。
Li te ankòlè sou twa zanmi Jòb yo tou. Yo pa t' jwenn anyen pou yo reponn Jòb. Konsa, yo menm tou, se Bondye yo te bay tout tò a.
以利户要与约伯说话,就等候他们,因为他们比自己年老。
Antan yo twa a t'ap pale, Eliyou te rete la san di anyen, paske yo te pi gran pase l'.
以利户见这三个人口中无话回答,就怒气发作。
Lè li wè mesye yo pa t' jwenn anyen ankò pou reponn Jòb, li fè yon sèl kòlè.
布西人巴拉迦的儿子以利户回答说:我年轻,你们老迈;因此我退让,不敢向你们陈说我的意见。
Li pran lapawòl, li di konsa: -Mwen menm, se jenn gason mwen ye. Nou menm, se granmoun nou ye. Se poutèt sa mwen te yon ti jan wont. Mwen te pè antre nan koze a.
我说,年老的当先说话;寿高的当以智慧教训人。
Mwen t'ap di nan kè m': Kite granmoun pale! Kite sa ki gen laj sou tèt yo mete bon konprann yo deyò.
但在人里面有灵;全能者的气使人有聪明。
Men, pou di vre, se lespri Bondye ki gen tout pouvwa a sèl ki pou antre nan tèt yon moun pou ba li bon konprann!
尊贵的不都有智慧;寿高的不都能明白公平。
Se pa laj ki bay moun bon konprann. Se pa cheve blan ki fè moun konnen sa ki dwat.
因此我说:你们要听我言;我也要陈说我的意见。
Koulye a, mwen ta renmen nou koute m'. Kite m' di nou sa m' konnen sou koze a.
你们查究所要说的话;那时我等候你们的话,侧耳听你们的辩论,
Mwen tande byen tande tou sa nou di. Mwen te louvri zòrèy mwen gran louvri pou m' pa manke anyen nan pawòl nou yo, pandan n'ap chache mo pou nou di.
留心听你们;谁知你们中间无一人折服约伯,驳倒他的话。
Mwen t'ap swiv sa n'ap di. Men, yonn nan nou pa rive fè Jòb fèmen bouch li. Nou yonn pa rive demanti msye.
你们切不可说:我们寻得智慧; 神能胜他,人却不能。
Pa vin di m' nou konprann koulye a se Bondye ki pou reponn. Lèzòm pa kapab.
约伯没有向我争辩;我也不用你们的话回答他。
Se avè nou Jòb t'ap pale. Se pa avè m'. Konsa, mwen pral reponn msye yon lòt jan.
他们惊奇不再回答,一言不发。
Jòb, ou wè mesye yo pa konn sa pou yo di ou. Yo pa jwenn anyen pou reponn ou ankò.
我岂因他们不说话,站住不再回答,仍旧等候呢?
Mwen t'ap tann yo. Men, koulye a yo fèmen bouch yo. Yo sispann pale, yo pa reponn ou.
我也要回答我的一分话,陈说我的意见。
Atòkile, se mwen ki pral pale, mwen pral di ou sa m' konnen nan koze a.
因为我的言语满怀;我里面的灵激动我。
Mwen plen pawòl nan bouch mwen. Si m' pa pale m'a toufe.
我的胸怀如盛酒之囊没有出气之缝,又如新皮袋快要破裂。
Pawòl ki nan tèt mwen, ou ta di yon diven k'ap fèmante. Li prèt pou pete veso kote l' ye a.
我要说话,使我舒畅;我要开口回答。
Se pou m' pale pou m' ka soulaje konsyans mwen. Se pou m' louvri bouch mwen reponn ou.
我必不看人的情面,也不奉承人。
Mwen p'ap pran defans pyès moun. Mwen pa pral achte figi nou yonn la a.
我不晓得奉承;若奉承,造我的主必快快除灭我。
Mwen pa konn flate moun. Lèfini, si m' ta fè sa, Bondye ki kreye m' lan ta disparèt mwen lapoula.