Jeremiah 49

论亚扪人。耶和华如此说:以色列没有儿子吗?没有后嗣吗?玛勒堪为何得迦得之地为业呢?属他的民为何住其中的城邑呢?
Men sa Seyè a di sou moun peyi Amon yo: -Gen lè pa gen gason ankò nan peyi Izrayèl la? Pa gen moun pou defann tè zansèt yo a? Poukisa yo kite se moun k'ap sèvi Milkòm yo ki pran pòsyon tè fanmi Gad la pou yo? Poukisa se moun Amon yo ki rete nan lavil yo?
耶和华说:日子将到,我必使人听见打仗的喊声,是攻击亚扪人拉巴的喊声。拉巴要成为乱堆;属她的乡村(原文是女子)要被火焚烧。先前得以色列地为业的,此时以色列倒要得他们的地为业。这是耶和华说的。
Se sa ki fè men jou a ap rive. Se mwen menm Seyè a k'ap pale la a. Mwen pral fè moun ki rete Raba, kapital peyi Amon an, tande bri lagè. Lavil la pral tounen yon pil wòch. Yo pral boule ti bouk li yo ratè. Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo va reprann tè ki te pou yo a.
希实本哪,你要哀号,因为爱地变为荒场。拉巴的居民(原文是女子)哪,要呼喊,以麻布束腰;要哭号,在篱笆中跑来跑去;因玛勒堪和属他的祭司、首领要一同被掳去。
Nou menm moun lavil Esbon, plenn sò nou! Lavil Ayi fini! Medam lavil Raba yo, mare ren nou! Mete rad sak sou nou! Rele! Pran lari pou nou! Y'ap depòte Milkòm, bondye nou an, ansanm ak tout pè li yo ak tout chèf li yo!
背道的民(原文是女子)哪,你们为何因有山谷,就是水流的山谷夸张呢?为何倚靠财宝说:谁能来到我们这里呢?
Poukisa n'ap fè grandizè konsa? Jan nou te kontan fon nou yo! Men fon yo tonbe. Bann moun tèt di, nou te mete konfyans nou nan richès nou. Nou t'ap di: Pa gen moun ki ka penmèt yo atake nou!
主─万军之耶和华说:我要使恐吓从四围的人中临到你们;你们必被赶出,各人一直前往,没有人收聚逃民。
Mwen pral fè yon sèl laperèz pran nou. Se mwen menm sèl mèt la, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa. Mwen pral fè tout vwazen nou yo fè nou tranble. Yo pral gaye nou. Chak moun pral kouri ale sou bò pa yo. P'ap gen pesonn pou fè yo sanble ankò.
后来我还要使被掳的亚扪人归回。这是耶和华说的。
Men apre sa, m'ap mete peyi Amon an kanpe ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
论以东。万军之耶和华如此说:提幔中再没有智慧吗?明哲人不再有谋略吗?他们的智慧尽归无有吗?
Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di sou peyi Edon: -Pa gen moun ki gen bon konprann ankò lavil Teman an? Moun lespri yo pa konn sa pou yo di. Yo pèdi tout konprann yo!
底但的居民哪,要转身逃跑,住在深密处;因为我向以扫追讨的时候,必使灾殃临到他。
Nou menm moun lavil Dedan, vire do nou, kouri ale! Fè twou pou kache kò nou! Mwen pral fini ak moun Ezaou yo, paske lè pou m' regle ak yo a rive.
摘葡萄的若来到他那里,岂不剩下些葡萄呢?盗贼若夜间而来,岂不毁坏直到够了呢?
Lè moun ap ranmase rekòt rezen, yo toujou kite dèyè pou moun k'ap vin grapiye yo. Lè vòlò antre lakay moun lannwit, yo annik pran sa yo bezwen.
我却使以扫赤露,显出他的隐密处;他不能自藏。他的后裔、弟兄、邻舍尽都灭绝;他也归于无有。
Men mwen menm, mwen pral kite moun Ezaou yo toutouni. Mwen pral fè moun konnen tout kachèt li yo. Konsa, nanpwen kache pou yo ankò. Tout ras moun Edon yo, tout fanmi yo ak tout moun nan vwazinaj yo pral disparèt.
你撇下孤儿,我必保全他们的命;你的寡妇可以倚靠我。
Pa gen pesonn k'ap rete pou di: Kite timoun ki san papa yo avè m'. M'a okipe yo. Vèv nou yo mèt konte sou mwen.
耶和华如此说:「原不该喝那杯的一定要喝。你能尽免刑罚吗?你必不能免,一定要喝!」
Men sa Seyè a di ankò: -Ata moun ki pa merite pou m' pini yo pral gen pou yo bwè gode chatiman an nèt ale. Se nou menm atò pou yo pa ta pini! Non. Yo p'ap pini nou? Se pou nou bwè nan gode chatiman an tou.
耶和华说:「我指著自己起誓,波斯拉必令人惊骇、羞辱、咒诅,并且荒凉。她的一切城邑必变为永远的荒场。」
Se mwen menm, Seyè a, k'ap pale: Mwen fè sèman sou tèt mwen, m'ap fè lavil Bozra tounen yon dezè, yon pil vye mazi. Moun ap pase l' nan betiz, y'ap sèvi ak non l' pou bay madichon. Tout ti bouk nan vwazinaj li yo pral tounen yon pil vye mazi pou tout tan.
我从耶和华那里听见信息,并有使者被差往列国去,说:你们聚集来攻击以东,要起来争战。
Jeremi di ankò: -Mwen te tande mesaj Seyè a bay la. Li te voye mesaje nan tout nasyon yo pou di yo sanble tout lame yo pou yo mache pran Edon, pou y' al goumen avè l'.
我使你在列国中为最小,在世人中被藐视。
Seyè a pral fè peyi a vin tou fèb nan mitan nasyon yo. Pesonn p'ap respekte nou.
住在山穴中据守山顶的啊,论到你的威吓,你因心中的狂傲自欺;你虽如大鹰高高搭窝,我却从那里拉下你来。这是耶和华说的。
Se awogans ou ki fè ou pèdi tèt ou. Pa gen moun ki pè ou jan ou kwè l' la. Ou rete sou tèt gwo wòch yo, byen wo nan mòn yo. Ou te mèt bati kay ou byen wo tankou nich malfini, m'ap fè ou desann. Se Seyè a menm ki di sa.
以东必令人惊骇;凡经过的人就受惊骇,又因她一切的灾祸嗤笑。
Seyè a di ankò: Se konsa peyi Edon an pral tounen yon dezè k'ap bay gwo lapenn. Tout moun k'ap pase bò la pral pran sezisman, y'ap pè.
耶和华说:必无人住在那里,也无人在其中寄居,要像所多玛、蛾摩拉,和邻近的城邑倾覆的时候一样。
Gwo malè sa ki te rive lavil Sodòm ak Gomò ansanm ak tout ti bouk nan vwazinaj yo, se malè sa a k'ap rive Edon tou. P'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Pesonn p'ap rete la. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
仇敌必像狮子从约旦河边的丛林上来,攻击坚固的居所。转眼之间,我要使以东人逃跑,离开这地。谁蒙拣选,我就派谁治理这地。谁能比我呢?谁能给我定规日期呢?有何牧人能在我面前站立得住呢?
Tankou yon lyon k'ap soti nan rakbwa bò larivyè Jouden an pou l' ale kote bèt yo ye nan savann yo, mwen menm Seyè a, m'ap vini, m'ap fè moun yo kouri kite peyi a anvan yo bat je yo. Lè sa a, se moun m'a chwazi a m'a mete pou gouvènen peyi a. Ki moun ki tankou m'? Ki moun ki ka koresponn avè m'? Ki chèf ki ka kenbe tèt avè m'?
你们要听耶和华攻击以东所说的谋略和他攻击提幔居民所定的旨意。仇敌定要将他们群众微弱的拉去,定要使他们的居所荒凉。
Konsa, koute sa mwen soti pou m' fè moun Edon yo, sa mwen fè lide fè moun lavil Teman yo. Sèten, ata timoun yo, yo pral trennen pot ale. Yo pral devaste tout peyi a devan je yo.
因他们仆倒的声音,地就震动。人在红海那里必听见呼喊的声音。
Lè peyi Edon an tonbe, l'ap fè yon kokennchenn bri, latè ap tranble. Y'ap tande rèl moun yo jouk bò lanmè Wozo yo.
仇敌必如大鹰飞起,展开翅膀攻击波斯拉。到那日,以东的勇士心中疼痛如临产的妇人。
Tankou malfini k'ap plonje ak zèl li yo gran louvri, lènmi pral atake Bozra. Jou sa yo, vanyan sòlda peyi Edon yo pral pè tankou fanm ki gen tranche.
论大马士革。哈马和亚珥拔蒙羞,因他们听见凶恶的信息就消化了。海上有忧愁,不得平静。
Men sa Seyè a di sou peyi Damas la: -Moun lavil Amat ak moun lavil Apad yo gen kè kase paske yo tande move nouvèl. Tankou lanmè, yo boulvèse, yo pa ka rete an plas.
大马士革发软,转身逃跑。战兢将她捉住;痛苦忧愁将她抓住,如产难的妇人一样。
Moun Damas yo fèb, yo kouri met deyò. Yo pè, yon sèl tranbleman pran yo. Yo nan lapenn, yo gen kè kase tankou fanm ki gen tranche.
我所喜乐可称讚的城,为何被撇弃了呢?
Gade lavil tout moun te konnen an, lavil kote tout moun te gen kè kontan an! Pa gen yon moun ladan l'.
她的少年人必仆倒在街上;当那日,一切兵丁必默默无声。这是万军之耶和华说的。
Jou sa a, y'ap touye jenn gason nou yo nan tout lari. Tout sòlda yo pral mouri. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
我必在大马士革城中使火著起,烧灭便哈达的宫殿。
M'ap mete dife nan miray Damas yo. Dife a ap boule palè wa Bennadad la.
论巴比伦王尼布甲尼撒所攻打的基达和夏琐的诸国。耶和华如此说:迦勒底人哪,起来上基达去,毁灭东方人。
Moun branch fanmi Keda yo ak chèf lavil Azò yo te pèdi batay la devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Men mesaj Seyè a bay sou yo: -Leve non! Ann mache pran Keda! Piye moun bò solèy leve yo.
他们的帐棚和羊群都要夺去,将幔子和一切器皿,并骆驼为自己掠去。人向他们喊著说:四围都有惊吓。
Pran tant yo, kabrit yo, mouton yo, rido tant yo ansanm ak tout lòt bagay ki nan tant yo. Pran chamo yo. Di byen fò nan zòrèy yo: Kote ou pase tout moun pè.
耶和华说:夏琐的居民哪,要逃奔远方,住在深密处;因为巴比伦王尼布甲尼撒设计谋害你们,起意攻击你们。
Nou menm moun lavil Azò, kouri met deyò, al kache kò nou nan twou! Se mwen menm Seyè a ki di sa. Paske Nèbikadneza, wa Babilòn lan, fè lide pou l' kraze nou. Li soti pou l' fini ak nou.
耶和华说:迦勒底人哪,起来!上安逸无虑的居民那里去;他们是无门无闩、独自居住的。
Men sa Seyè a di ankò: Leve non! Ann al atake yon nasyon ki santi yo t' alèz san ankenn danje sou tèt yo! Pa gen pòtay nan lavil yo, ni ba fè pou fèmen yo. Yo la konsa san ankenn pwoteksyon.
他们的骆驼必成为掠物;他们众多的牲畜必成为掳物。我必将剃周围头发的人分散四方(原文是风),使灾殃从四围临到他们。这是耶和华说的。
Yo pral pran tout chamo yo, yo pral separe tout kabrit ak mouton yo. Wi, m'ap gaye yo nan tout direksyon, bann moun sa yo ki koupe cheve yo kout. Kote yo pase m'ap fè malè tonbe sou yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
夏琐必成为野狗的住处,永远凄凉;必无人住在那里,也无人在其中寄居。
M'ap fè zòn Azò a tounen yon dezè pou tout tan, kote bèt nan bwa rete. Pesonn p'ap rete ladan l' ankò. Ankenn moun p'ap viv la.
犹大王西底家登基的时候,耶和华论以拦的话临到先知耶利米说:
Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi sou peyi Elam. Lè sa a, Sedesyas te fèk moute wa nan peyi Jida.
「万军之耶和华如此说:我必折断以拦人的弓,就是他们为首的权力。
Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: -Mwen pral touye tout sòlda peyi Elam ki gen ladrès pou sèvi ak banza yo. Se yo menm ki te fè tout fòs peyi a.
我要使四风从天的四方刮来,临到以拦人,将他们分散四方(原文是风)。这被赶散的人没有一国不到的。」
M'ap fè van leve nan tout direksyon pou soufle sou peyi Elam lan. M'ap gaye yo nan tout direksyon sou latè. M'ap mete tout moun li yo deyò. p'ap gen peyi sou latè kote ou p'ap jwenn yo.
耶和华说:「我必使以拦人在仇敌和寻索其命的人面前惊惶;我也必使灾祸,就是我的烈怒临到他们,又必使刀剑追杀他们,直到将他们灭尽。
M'ap fè moun Elam yo tranble devan lènmi yo, devan moun ki soti pou touye yo. M'ap fè gwo kòlè, m'ap voye gwo malè sou yo, m'ap lage yon gwo lame dèyè yo jouk m'a fini nèt ak yo.
我要在以拦设立我的宝座,从那里除灭君王和首领。」这是耶和华说的。
M'ap disparèt wa yo a ansanm ak tout lòt chèf yo. Se la m'ap mete fotèy mwen an. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
「到末后,我还要使被掳的以拦人归回。这是耶和华说的。」
Men, nan jou k'ap vini apre sa yo, m'ap mete peyi Elam lan kanpe ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.