Jeremiah 28

当年,就是犹大王西底家登基第四年五月,基遍人押朔的儿子,先知哈拿尼雅,在耶和华的殿中当著祭司和众民对我说:
Nan menm lanne a, nan katriyèm lanne rèy Sedesyas, wa peyi Jida a, nan senkyèm mwa a, pwofèt Ananya, pitit Azou, moun lavil Gabawon, vin pale avè m' nan tanp Seyè a. Devan tout prèt yo ansanm ak pèp la, li di mwen:
「万军之耶和华─以色列的 神如此说:我已经折断巴比伦王的轭。
-Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen kraze pouvwa wa Babilòn lan.
二年之内,我要将巴比伦王尼布甲尼撒从这地掠到巴比伦的器皿,就是耶和华殿中的一切器皿都带回此地。
Nan dezan, jou pou jou, m'ap pote tout bagay ki te nan tanp Seyè a tounen nan plas yo. Wi, tou sa wa Nèbikadneza te pran nan tanp lan pou l' te pote ale lavil Babilòn, m'ap fè yo tounen nan plas yo.
我又要将犹大王约雅敬的儿子耶哥尼雅和被掳到巴比伦去的一切犹大人带回此地,因为我要折断巴比伦王的轭。这是耶和华说的。」
M'ap fè Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun peyi Jida yo te depòte lavil Babilòn yo tounen isit. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Wi, mwen pral kraze pouvwa wa Babilòn ki t'ap peze nou an.
先知耶利米当著祭司和站在耶和华殿里的众民对先知哈拿尼雅说:
Lè sa a, devan tout prèt yo ansanm ak foul moun ki te nan kay Seyè a, pwofèt Jeremi reponn pwofèt Ananya.
「阿们!愿耶和华如此行,愿耶和华成就你所预言的话,将耶和华殿中的器皿和一切被掳去的人从巴比伦带回此地。
Li di konsa: -Dakò! Se pou Seyè a fè sa vre! Se pou li fè sa ou di a rive vre, pou l' fè tout bagay ki te nan Tanp Seyè a ansanm ak moun yo te depòte yo tounen soti lavil Babilòn.
然而我向你和众民耳中所要说的话,你应当听。
Tansèlman, koute byen sa m'ap di ou, ou menm ansanm ak pèp la:
从古以来,在你我以前的先知,向多国和大邦说预言,论到争战、灾祸、瘟疫的事。
Pwofèt ki te vini anvan m' yo ak anvan ou tou te fè konnen lagè, grangou ak move maladi pral tonbe sou anpil gwo peyi, sou anpil gran wa ak tout pèp yo.
先知预言的平安,到话语成就的时候,人便知道他真是耶和华所差来的。」
Men, lè yon pwofèt di tout bagay pral mache byen, se lè sa li di ki gen pou rive a rive vre y'a rekonèt se Seyè a ki te voye l'.
于是,先知哈拿尼雅将先知耶利米颈项上的轭取下来,折断了。
Lè sa a, pwofèt Ananya pran jouk bèf ki te sou zepòl Jeremi an, li kraze l' an miyèt moso.
哈拿尼雅又当著众民说:「耶和华如此说:二年之内我必照样从列国人的颈项上折断巴比伦王尼布甲尼撒的轭。」于是先知耶利米就走了。
Apre sa, li pran pale ankò devan tout pèp la. Li di konsa: -Men mesaj Seyè a: Nan dezan, jou pou jou, se konsa mwen pral kraze pouvwa Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Mwen pral kraze jouk bèf li te mete sou zepòl tout nasyon yo. Apre sa, pwofèt Jeremi al fè wout li.
先知哈拿尼雅把先知耶利米颈项上的轭折断以后,耶和华的话临到耶利米说:
Kèk tan apre pwofèt Ananya te kraze jouk bèf ki te sou zepòl pwofèt Jeremi an, Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa:
「你去告诉哈拿尼雅说,耶和华如此说:你折断木轭,却换了铁轭!
-Ale pale ak Ananya. W'a di l' men sa Seyè a voye di ou: Ou te kraze yon jouk bèf fèt an bwa. Ou pral ranplase l' ak yon jouk bèf fèt an fè.
因为万军之耶和华─以色列的 神如此说:我已将铁轭加在这些国的颈项上,使他们服事巴比伦王尼布甲尼撒,他们总要服事他;我也把田野的走兽给了他。」
Paske men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la di: M'ap mete yon jouk fè sou zepòl tout nasyon sa yo pou yo sèvi Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Ata bèt nan bwa va soumèt devan l'.
于是先知耶利米对先知哈拿尼雅说:「哈拿尼雅啊,你应当听!耶和华并没有差遣你,你竟使这百姓倚靠谎言。
Apre sa, pwofèt Jeremi di pwofèt Ananya konsa: -Koute byen, Ananya! Se pa Seyè a ki te voye ou di sa, tande. Ou twonpe konfyans pèp la.
所以耶和华如此说:看哪,我要叫你去世,你今年必死,因为你向耶和华说了叛逆的话。」
Se sa ki fè men sa Seyè a di: Li pral disparèt ou sou latè. Anvan lanne an bout, w'ap mouri, paske ou pouse pèp la pou l' te kenbe tèt ak Seyè a!
这样,先知哈拿尼雅当年七月间就死了。
Menm lanne an vre, nan setyèm mwa a, pwofèt Ananya mouri.