James 2

我的弟兄们,你们信奉我们荣耀的主耶稣基督,便不可按著外貌待人。
Frè m' yo, nou menm ki gen konfyans nan Jezikri, Seyè nou an ki gen tout pouvwa pou li, nou pa dwe gade sou figi moun.
若有一个人带著金戒指,穿著华美衣服,进你们的会堂去;又有一个穷人穿著肮脏衣服也进去;
Sipoze de moun vin antre nan asanble nou, yonn gen yon bèl rechanj sou li ak yon bag an lò nan dwèt li, lòt la tou pòv ak yon rad chire sou li.
你们就重看那穿华美衣服的人,说「请坐在这好位上」;又对那穷人说:「你站在那里」,或「坐在我脚凳下边。」
Si nou leve pou n' salwe nonm ki gen bèl rechanj lan, epi nou di li: Msye, chita la nan bon plas sa a, epi si nou di pòv la: Ou menm, kanpe bò la a, osinon, chita atè bò pye m' lan,
这岂不是你们偏心待人,用恶意断定人吗?
ske nou pa mete yon diferans nan mitan nou? Eske sa pa moutre nou gen move lide nan tèt nou lè n'ap jije moun?
我亲爱的弟兄们,请听, 神岂不是拣选了世上的贫穷人,叫他们在信上富足,并承受他所应许给那些爱他之人的国吗?
Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l' yo.
你们反倒羞辱贫穷人。那富足人岂不是欺压你们、拉你们到公堂去吗?
Men, nou menm, se meprize n'ap meprize moun pòv yo! Eske se pa moun rich yo k'ap kraze nou, k'ap trennen nou nan tribinal?
他们不是亵渎你们所敬奉(所敬奉:或作被称)的尊名吗?
Se yo menm tou k'ap pale bèl non Bondye ban nou an mal.
经上记著说:「要爱人如己。」你们若全守这至尊的律法,才是好的。
Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen.
但你们若按外貌待人,便是犯罪,被律法定为犯法的。
Men, si n'ap gade sou figi moun, nou fè peche. Lalwa ap kondannen nou pou dezobeyisans.
因为凡遵守全律法的,只在一条上跌倒,他就是犯了众条。
Paske, moun ki obsève tout lalwa a men ki dezobeyi yon sèl nan kòmandman yo, se tankou si l' te dezobeyi tout kòmandman yo.
原来那说「不可奸淫」的,也说「不可杀人」;你就是不奸淫,却杀人,仍是成了犯律法的。
Paske Bondye ki di: Pa fè adiltè, se li menm tou ki di: Pa touye moun. Konsa, menm si ou pa fè adiltè, men ou touye moun, ou dezobeyi lalwa a.
你们既然要按使人自由的律法受审判,就该照这律法说话行事。
Se pou nou pale, se pou nou aji tankou moun ki gen pou pase anba jijman dapre lalwa ki ban nou libète a.
因为那不怜悯人的,也要受无怜悯的审判;怜悯原是向审判夸胜。
Paske, lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va soti tèt dwat lè jou jijman an.
我的弟兄们,若有人说自己有信心,却没有行为,有什么益处呢?这信心能救他么?
Frè m' yo, kisa sa fè pou yon moun k'ap di li gen konfyans nan Bondye, si li pa fè bagay pou moutre li gen konfyans lan vre? Eske konfyans sa a ka delivre li?
若是弟兄或是姊妹,赤身露体,又缺了日用的饮食;
Sipoze gen yon frè osinon yon sè ki toutouni, ki pa manje kont li chak jou,
你们中间有人对他们说:「平平安安的去吧!愿你们穿得暖,吃得饱」;却不给他们身体所需用的,这有什么益处呢?
si yonn nan nou di yo: Ou mèt ale. Chofe kò ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fè pou yo?
这样,信心若没有行为就是死的。
Konsa tou pou konfyans nan Bondye a: si l' pa fè nou fè sa ki byen, si l' rete pou kont li, li mouri.
必有人说:「你有信心,我有行为;你将你没有行为的信心指给我看,我便借著我的行为,将我的信心指给你看。」
Men, gen moun ki va di: Ou menm, ou gen konfyans. Mwen menm, mwen fè sa ki byen. M'a reponn li: Moutre m' ki jan ou ka gen konfyans san ou pa fè sa ki byen, mwen menm m'ap moutre ou jan mwen gen konfyans ak sa m'ap fè ki byen.
你信 神只有一位,你信的不错;鬼魔也信,却是战惊。
Ou kwè gen yon sèl Bondye. Ou fè byen. Denmon yo tou yo kwè sa, men y'ap tranble sitèlman yo pè.
虚浮的人哪,你愿意知道没有行为的信心是死的吗?
Gade jan ou manke konprann! Eske ou vle wè ki jan konfyans pa vo anyen si l' pa mache ak sa ou fè ki byen?
我们的祖宗亚伯拉罕把他儿子以撒献在坛上,岂不是因行为称义吗?
Abraram granpapa nou, èske Bondye pa t' fè l' gras poutèt sa li te fè lè l' te ofri Izarak, pitit li a, sou lotèl la?
可见,信心是与他的行为并行,而且信心因著行为才得成全。
Ou wè. Konfyans li te mache ansanm ak sa li te fè. Konsa tou, sa l' te fè a te fè konfyans li vin bon nèt.
这就应验经上所说:「亚伯拉罕信 神,这就算为他的义。」他又得称为 神的朋友。
Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, epi Bondye fè l' gras. Se sak fè yo te rele Abraram zanmi Bondye.
这样看来,人称义是因著行为,不是单因著信。
Ou wè: se pa sèlman paske yon moun gen konfyans kifè Bondye fè l' gras, men se paske li fè sa ki byen anmenmtan an tou.
妓女喇合接待使者,又放他们从别的路上出去,不也是一样因行为称义吗?
Se menm jan an tou pou Rarab, fanm movèz vi a. Eske se pa t' poutèt sa l' te fè a Bondye te fè l' gras, lè l' te resevwa mesaje jwif yo, lè l' te fè yo pran yon lòt wout pou tounen lakay yo?
身体没有灵魂是死的,信心没有行为也是死的。
Menm jan yon kò ki san nanm se yon kò ki mouri, konsa tou, konfyans nan Bondye ki pa mache ak fè sa ki byen se yon konfyans ki mouri.