Isaiah 42

看哪,我的仆人─我所扶持所拣选、心里所喜悦的!我已将我的灵赐给他;他必将公理传给外邦。
Seyè a di: -Men sèvitè m'ap soutni an! Men moun mwen chwazi a, moun ki fè m' plezi anpil la! Mwen mete lespri m' sou li. Li pral fè tout nasyon yo konnen sa ki rele jistis.
他不喧嚷,不扬声,也不使街上听见他的声音。
Li pa nan rele, li pa nan pale fò. Li pa nan mache fè diskou nan tout lari.
压伤的芦苇,他不折断;将残的灯火,他不吹灭。他凭真实将公理传开。
Li p'ap kraze sa ki fèb yo. Li p'ap lage sa ki san sekou yo. Men, l'ap rann jistis jan sa dwe fèt.
他不灰心,也不丧胆,直到他在地上设立公理;海岛都等候他的训诲。
Li p'ap pèdi espwa, li p'ap pèdi kouraj, jouk l'a fin mete jistis toupatou sou latè, jouk moun ki nan zile yo va rete ap tann lòd l'ap bay yo.
创造诸天,铺张穹苍,将地和地所出的一并铺开,赐气息给地上的众人,又赐灵性给行在其上之人的 神耶和华,他如此说:
Bondye sèl Mèt ki kreye syèl la epi ki louvri l' anwo tèt nou, li menm ki fòme tè a avèk tou sa k'ap viv sou li, li menm ki bay tout moun k'ap mache sou latè souf lavi, li pale, li di konsa:
我─耶和华凭公义召你,必搀扶你的手,保守你,使你作众民的中保(中保:原文是约),作外邦人的光,
Se mwen menm, Seyè a, ki rele ou. Mwen ba ou pouvwa pou mete jistis kanpe sou latè. Mwen pran men ou. Mwen fòme ou, mwen mete ou pou pase yon kontra ak pèp la, pou m' bay tout nasyon yo limyè.
开瞎子的眼,领被囚的出牢狱,领坐黑暗的出监牢。
W'a louvri je avèg yo. W'a fè prizonye yo soti nan prizon. W'a libere sa ki nan kacho kote ki fè nwa a.
我是耶和华,这是我的名;我必不将我的荣耀归给假神,也不将我的称讚归给雕刻的偶像。
Se mwen menm ki Seyè a, se konsa yo rele m'. Mwen p'ap bay yon lòt bondye pouvwa mwen an. Mwen p'ap kite yo bay zidòl yo lwanj ki pou mwen an.
看哪,先前的事已经成就,现在我将新事说明,这事未发以先,我就说给你们听。
Gade! Tou sa mwen te di k'ap rive rive vre. Mwen pral di nou lòt bagay ki gen pou rive. Mwen pral fè nou konnen sa anvan menm sa rive.
航海的和海中所有的,海岛和其上的居民,都当向耶和华唱新歌,从地极讚美他。
Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Se pou tout moun toupatou sou latè fè lwanj li! Depi moun k'ap vwayaje sou lanmè ak tout bèt ki nan lanmè yo, jouk moun ki rete nan zile byen lwen yo.
旷野和其中的城邑,并基达人居住的村庄都当扬声;西拉的居民当欢呼,在山顶上呐喊。
Se pou dezè a ak tout lavil yo chante pou Seyè a! Se pou tout kote moun Keda yo rete a fè lwanj li! Se pou moun ki rete lavil Sela a rele byen fò sou tèt mòn yo tèlman yo kontan!
他们当将荣耀归给耶和华,在海岛中传扬他的颂讚。
Se pou tout moun ki rete nan zile yo chante pou Seyè a, se pou yo fè lwanj li.
耶和华必像勇士出去,必像战士激动热心,要喊叫,大声呐喊,要用大力攻击仇敌。
Seyè a soti tankou yon vanyan gason! Li ranmase tout fòs li tankou yon nonm ki pral nan lagè. Li rele byen fò, li bay siyal pou lagè a! Tankou yon vanyan gason, l'ap kraze lènmi l' yo.
我许久闭口不言,静默不语;现在我要喊叫,像产难的妇人;我要急气而喘哮。
Bondye di: -Gen lontan depi m' fèmen bouch mwen! Mwen pa di anyen, mwen kenbe pou m' pa pale. Men koulye a, mwen tankou yon fanm ki gen tranche. M'ap rele, m'ap plenn, souf mwen ap koupe, mwen pa kapab ankò.
我要使大山小冈变为荒场,使其上的花草都枯干;我要使江河变为洲岛,使水池都干涸。
Mwen pral ravaje tout mòn yo, gwo kou piti. Mwen pral fè tout plant yo ak tout pyebwa yo cheche. Mwen pral fè tè nan fon yo tounen sab lanmè pou bwè tout dlo larivyè yo. M'ap cheche lagon dlo yo.
我要引瞎子行不认识的道,领他们走不知道的路;在他们面前使黑暗变为光明,使弯曲变为平直。这些事我都要行,并不离弃他们。
M'ap fè avèg yo mache sou yon wout yo pa t' janm konnen anvan. M'ap pran men yo, m'ap mennen yo sou chemen yo pa t' janm konn fè anvan. M'ap fè kote ki fè nwa yo vin fè klè, kote ki gen anpil bit ak twou yo vin plat. Se tout bagay sa yo mwen pral fè rive. Wi, m'ap fè yo rive vre.
倚靠雕刻的偶像,对铸造的偶像说:你是我们的神;这等人要退后,全然蒙羞。
Tout moun ki mete konfyans yo nan zidòl, tout moun k'ap rele estati yo bondye, yo pral bese tèt yo atè, yo pral wont.
你们这耳聋的,听吧!你们这眼瞎的,看吧!使你们能看见。
Seyè a di: -Nou menm moun soudè yo, koute! Nou menm moun avèg yo, gade byen!
谁比我的仆人眼瞎呢?谁比我差遣的使者耳聋呢?谁瞎眼像那与我和好的?谁瞎眼像耶和华的仆人呢?
Ki moun ki pi avèg, ki moun ki pi soudè pase sèvite m' lan, moun mwen delivre a? Ki moun ki pi soudè, ki moun ki pi avèg pase mesaje m'ap voye a, sèvitè Bondye a?
你看见许多事却不领会,耳朵开通却不听见。
Nou menm moun Izrayèl, nou te wè anpil bagay. Men, sa pa t' di nou anyen! Nou gen zòrèy pou nou tande, men nou pa t' tande anyen
耶和华因自己公义的缘故,喜欢使律法(或译:训诲)为大,为尊。
Seyè a se yon Bondye ki soti pou sove pèp Izrayèl la. Li ta vle pou tout pèp la respekte lòd li yo, pou yo tout fè lwanj li.
但这百姓是被抢被夺的,都牢笼在坑中,隐藏在狱里;他们作掠物,无人拯救,作掳物,无人说交还。
Men koulye a, yo fin piye pèp li a, yo pran tou sa yo te genyen. Yo fèmen yo tout nan kacho. Yo mete yo tout nan prizon. Yo vòlò tou sa yo te genyen san pesonn pa delivre yo. Yo piye yo nèt ale san pesonn pa di: Renmèt yo zafè yo!
你们中间谁肯侧耳听此,谁肯留心而听,以防将来呢?
Ki moun nan nou k'ap pare zòrèy li pou l' tande sa m'ap di la a? Ki moun nan nou k'ap fè atansyon pou l' toujou koute depi koulye a?
谁将雅各交出当作掳物,将以色列交给抢夺的呢?岂不是耶和华吗?就是我们所得罪的那位。他们不肯遵行他的道,也不听从他的训诲。
Ki moun ki te lage moun Jakòb yo nan men vòlò yo? Ki moun ki te lage moun Izrayèl yo nan men piyajè yo? Se te Seyè a menm ki te fè sa. Nou te fè peche kont li. Nou pa t' vle viv jan l' te mande nou viv la. Nou pa t' vle swiv lòd li.
所以,他将猛烈的怒气和争战的勇力倾倒在以色列的身上。在他四围如火著起,他还不知道,烧著他,他也不介意。
Se konsa, li fè pèp la santi jan l' te move, li fè yo konnen soufrans lagè. Tankou dife, kòlè Bondye tonbe sou tout peyi a. Men yo yonn pa t' vle rekonèt sa. Kòlè Bondye boule peyi a nèt. Men, yo yonn pa t' pran sa pou anyen!