Isaiah 3

主─万军之耶和华从耶路撒冷和犹大,除掉众人所倚靠的,所仗赖的,就是所倚靠的粮,所仗赖的水;
Wi. Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, pral koupe viv tout moun nan lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida. P'ap gen pen, p'ap gen dlo.
除掉勇士和战士,审判官和先知,占卜的和长老,
P'ap gen vanyan gason ankò ni sòlda. P'ap gen jij ankò ni pwofèt. P'ap gen divinò ankò ni grandèt.
五十夫长和尊贵人,谋士和有巧艺的,以及妙行法术的。
P'ap gen kaptenn, p'ap gen majistra ni moun ki pou bay konsèy. P'ap gen moun ki konn fè maji, ni moun ki konn moute batri.
主说:我必使孩童作他们的首领,使婴孩辖管他们。
M'ap pran jenn timoun san esperyans m'a mete chèf pou gouvènen yo.
百姓要彼此欺压;各人受邻舍的欺压。少年人必侮慢老年人;卑贱人必侮慢尊贵人。
Tout moun pral chache pwofite yonn sou lòt, zanmi sou zanmi, vwazen sou vwazen. Jennmoun p'ap respekte granmoun. Vakabon ap pase moun debyen nan betiz.
人在父家拉住弟兄,说:你有衣服,可以作我们的官长。这败落的事归在你手下吧!
Yon lè menm, tout yon branch fanmi va chwazi yonn nan mitan yo. Y'a di l' konsa: Ou menm ki gen rad pou ou mete sou ou, n'ap mete ou chèf pou ou ka dirije nou nan move pa n'ap pase koulye a.
那时,他必扬声说:我不作医治你们的人;因我家中没有粮食,也没有衣服,你们不可立我作百姓的官长。
Men, moun yo chwazi a va reponn: Non. Mwen pa dòktè, mwen pa ka fè anyen pou nou! Ni tou, mwen pa gen manje, m' pa gen rad lakay mwen. Pa mete m' chèf sou pèp la.
耶路撒冷败落,犹大倾倒;因为他们的舌头和行为与耶和华反对,惹了他荣光的眼目。
Wi, lavil Jerizalèm bannann! Peyi Jida a nan tou sa ki pa bon! Paske tou sa yo di, tou sa yo fè pa dakò ak sa Seyè a vle. Devan tout moun y'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a.
他们的面色证明自己的不正;他们述说自己的罪恶,并不隐瞒,好像所多玛一样。他们有祸了!因为作恶自害。
Depi ou gade yo, ou wè ki moun yo ye. Tankou moun lavil Sodòm yo, yo fè peche yo aklè pou tout moun wè. Se poutèt sa malè ap tonbe sou yo. Se yo menm menm k'ap rale l' sou tèt yo.
你们要论义人说:他必享福乐,因为要吃自己行为所结的果子。
Se pou nou di: Ala bèl bagay pou moun ki mache dwat yo! Zafè yo mache byen tou. Y'a jwi pwofi travay yo.
恶人有祸了!他必遭灾难!因为要照自己手所行的受报应。
Men, pòv mechan yo, malè ap tonbe sou yo. Y'a fè yo peye pou sa yo fè a.
至于我的百姓,孩童欺压他们,妇女辖管他们。我的百姓啊,引导你的使你走错,并毁坏你所行的道路。
Sa fè m' lapenn pou pèp mwen an! Se yon timoun k'ap prije yo, se fanm k'ap kòmande yo. Sa fè m' lapenn anpil wi pou nou, pèp mwen an! Chèf yo fè nou pèdi chemen nou. Yo mele nou. Nou pa konn ki wout pou nou pran.
耶和华起来辩论,站著审判众民。
Seyè a kanpe pou l' denonse sa yo fè a. Li pare pou l' jije pèp li a.
耶和华必审问他民中的长老和首领,说:吃尽葡萄园果子的就是你们;向贫穷人所夺的都在你们家中。
Seyè a rele chèf fanmi yo ak lòt chèf pèp li a nan tribinal. L'ap denonse yo. Li di konsa: Se nou menm ki fin piye jaden rezen yo. N'ap vòlò pòv malere yo pou nou plen kay nou.
主─万军之耶和华说:你们为何压制我的百姓,搓磨贫穷人的脸呢?
Nou pa gen dwa kraze pèp mwen an konsa. Nou pa gen dwa pwofite konsa sou pòv yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki pale.
耶和华又说:因为锡安的女子狂傲,行走挺项,卖弄眼目,俏步徐行,脚下玎珰,
Seyè a di: Gade jan medam lavil Jerizalèm yo ye non! Y'ap mache tankou yo pa kanmarad pesonn. Yo kage tèt yo dèyè, y'ap fè mesye yo je dou. Y'ap mache banda pou braslè nan pye yo ka sonnen.
所以,主必使锡安的女子头长秃疮;耶和华又使她们赤露下体。
Men, mwen menm Bondye, m'ap pini yo. M'ap kale tèt yo tou blanch, m'ap kite yo san cheve.
到那日,主必除掉她们华美的脚钏、发网、月牙圈、
Jou sa a, Bondye va wete tout bijou yo gen sou yo: braslè yo mete nan pye yo, bando yo mare nan tèt yo, meday yo mare sou fwon yo,
耳环、手镯、蒙脸的帕子、
zanno, braslè yo mete nan bra yo, ak vwal yo mete sou tèt yo,
华冠、足鍊、华带、香盒、符囊、
mouchwa yo mare tèt yo, ti chenn yo mete nan pye yo, bèl senti yo, poban odè yo, bwòch yo,
戒指、鼻环、
bag yo, zanno pou nen yo,
吉服、外套、云肩、荷包、
bèl rad swa yo, foula yo, chal yo, bous yo,
手镜、细麻衣、裹头巾、蒙身的帕子。
glas yo, rad twal fin yo, madras yo ak vwal dantèl yo mete sou tèt yo.
必有臭烂代替馨香,绳子代替腰带,光秃代替美发,麻衣系腰代替华服,烙伤代替美容。
Yo p'ap sèvi ak odè ankò, y'ap santi move. Yo p'ap sèvi ak bèl senti ankò. Y'a mare ren yo ak kòd. Yo p'ap gen cheve pou yo fè bèl kwafi, tèt yo va kale tou blanch. Yo p'ap gen bèl rad pou mete sou yo, y'a vlope kò yo nan sak. Yo p'ap fè figi yo bèl ankò. Y'ap tanpe yo nan figi ak fè wouj tankou esklav.
你的男丁必倒在刀下;你的勇士必死在阵上。
Tout mesye yo pral mouri nan lagè. Tout sòlda yo pral mouri nan batay.
锡安(原文是她)的城门必悲伤、哀号;她必荒凉坐在地上。
Moun pral plenn nan pòtay lavil yo, y'ap nan lapenn. Lavil la ap tankou yon fanm ki chita atè, san rad sou li.