Isaiah 26

当那日,在犹大地人必唱这歌说:我们有坚固的城。耶和华要将救恩定为城墙,为外郭。
Jou sa a, pèp la va chante kantik sa a nan peyi Jida: -Koulye a, nou gen yon lavil ki byen pwoteje! Bondye bati gwo miray ak ranpa pou l' delivre nou.
敞开城门,使守信的义民得以进入。
Louvri pòtay lavil yo! Kite nasyon ki toujou kenbe pawòl li ak Bondye a, nasyon ki fè sa ki dwat devan Bondye a antre.
坚心倚赖你的,你必保守他十分平安,因为他倚靠你。
Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!
你们当倚靠耶和华直到永远,因为耶和华是永久的磐石。
Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske Seyè a ap toujou la pou pwoteje nou.
他使住高处的与高城一并败落,将城拆毁,拆平,直到尘埃,
Li fè moun ki te gen gwo lide nan kè yo bese tèt yo byen ba. L'a kraze gwo lavil yo te bati pou pwoteje yo a, li demoli l' nèt ratè.
要被脚践踏,就是被困苦人的脚和穷乏人的脚践踏。
Pòv yo ak malere yo ap foule l' anba pye yo!
义人的道是正直的;你为正直的主,必修平义人的路。
Seyè, ou fè chemen an dous pou moun k'ap mache dwat, ou louvri yon bèl chemen plat pou yo.
耶和华啊,我们在你行审判的路上等候你;我们心里所羨慕的是你的名,就是你那可记念的名。
Nou vle fè volonte ou, nou konte sou ou. Se ou menm nou anvi wè! Se ou menm n'ap chonje tout tan!
夜间,我心中羨慕你;我里面的灵切切寻求你。因为你在世上行审判的时候,地上的居民就学习公义。
Lannwit, se ou menm m'ap chonje. Lide m' ap travay sou ou. Paske lè w'ap jije sa k'ap pase sou latè moun ki sou latè resi konnen sa ki rele jistis.
以恩惠待恶人,他仍不学习公义;在正直的地上,他必行事不义,也不注意耶和华的威严。
Si yo fè mechan yo gras se pa sa k'ap fè yo konnen sa ki rele jistis. Menm nan peyi kote moun ap mache dwat, y'ap fè sa ki mal. Yo derefize rekonèt pouvwa Bondye!
耶和华啊,你的手高举,他们仍然不看;却要看你为百姓发的热心,因而抱愧,并且有火烧灭你的敌人。
Seyè, ou leve men ou pou pini lènmi ou yo, yo pa wè sa. Fè yo wè jan ou renmen pèp ou a, epi y'a wont. Fè dife ou pare pou lènmi ou yo devore yo.
耶和华啊,你必派定我们得平安,因为我们所做的事都是你给我们成就的。
Seyè, ou fè nou viv ak kè poze. Paske tou sa nou rive fè, se ou ki fè l' pou nou!
耶和华─我们的 神啊,在你以外曾有别的主管辖我们,但我们专要倚靠你,提你的名。
Seyè, Bondye nou an, gen lòt chèf ki t'ap dirije nou. Men, se ou menm sèl ki mèt nou, se ou menm sèl n'ap sèvi!
他们死了,必不能再活;他们去世,必不能再起;因为你刑罚他们,毁灭他们,他们的名号就全然消灭。
Sa ki mouri yo mouri nèt, lespri yo p'ap leve ankò. Paske, ou pini yo, ou disparèt yo. Ou fè pa gen moun k'ap chonje yo ankò.
耶和华啊,你增添国民,你增添国民;你得了荣耀,又扩张地的四境。
Seyè, ou fè nasyon nou an vin pi plis. Ou fè l' vin pi plis, ou laji fwontyè peyi a. Sa fè moun wè jan ou gen pouvwa.
耶和华啊,他们在急难中寻求你;你的惩罚临到他们身上,他们就倾心吐胆祷告你。
Seyè, lè pèp la te nan tray, se ou menm yo te vin jwenn. Lè ou t'ap pini yo, yo te gen kè sere, se nan pye ou yo t'ap lapriyè.
妇人怀孕,临产疼痛,在痛苦之中喊叫;耶和华啊,我们在你面前也是如此。
Seyè, nou t'ap rele nan pye ou, tankou yon fanm ansent ki prèt pou akouche, k'ap tòde, k'ap rele lè tranche a pran l'.
我们也曾怀孕疼痛,所产的竟像风一样。我们在地上未曾行什么拯救的事;世上的居民也未曾败落。
Li nan lapenn, l'ap tòde anba doulè. Men, lè pou l' akouche, li pa fè anyen. Konsa tou, nou te nan lapenn, men, peyi a pa rive sove. Moun ki pou rete nan peyi a pa rive fèt.
死人(原文是你的死人)要复活,尸首(原文是我的尸首)要兴起。睡在尘埃的啊,要醒起歌唱!因你的甘露好像菜蔬上的甘露,地也要交出死人来。
Moun pa ou yo ki te mouri pral leve vivan ankò. Kadav yo pral leve mache. Nou menm ki te anba tè, leve non! Chante ak kè kontan. Menm jan lawouze rafrechi latè, se konsa Seyè a pral fè sa ki te mouri depi lontan yo leve vivan ankò.
我的百姓啊,你们要来进入内室,关上门,隐藏片时,等到忿怒过去。
Ale non, pèp mwen an! Antre lakay nou. Fèmen pòt dèyè nou. Kache kò nou pou yon ti tan, jouk kòlè Bondye a va fin pase.
因为耶和华从他的居所出来,要刑罚地上居民的罪孽。地也必露出其中的血,不再掩盖被杀的人。
Seyè a ap met deyò, li pral pini mezi moun sou latè ki fè krim. Yo pral devwale tout krim yo te fè an kachèt. Yo pral dekouvri kadav tout moun yo te touye.