Isaiah 2

亚摩斯的儿子以赛亚得默示,论到犹大和耶路撒冷。
Men mesaj Bondye te bay Ezayi, pitit Amòz la, nan vizyon li te fè sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm:
末后的日子,耶和华殿的山必坚立,超乎诸山,高举过于万岭;万民都要流归这山。
Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote Tanp lan ye a, va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti nan tout peyi an kantite vin sou li.
必有许多国的民前往,说:来吧,我们登耶和华的山,奔雅各 神的殿。主必将他的道教训我们;我们也要行他的路。因为训诲必出于锡安;耶和华的言语必出于耶路撒冷。
Anpil moun lòt nasyon va mache vini. Y'a di: -Ann ale sou mòn Seyè a! Ann al nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa n'a mache nan chemen l'ap mete devan nou an. Paske, Seyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a.
他必在列国中施行审判,为许多国民断定是非。他们要将刀打成犁头,把枪打成镰刀。这国不举刀攻击那国;他们也不再学习战事。
L'ap regle tout kont nasyon yo gen yonn ak lòt. L'ap jije tout gwo peyi yo. Y'a pran mato, y'a fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y'a fè nepe yo tounen kouto digo. Nasyon yo p'ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p'ap janm aprann fè lagè ankò.
雅各家啊,来吧!我们在耶和华的光明中行走。
Koulye a, nou menm moun fanmi Jakòb yo, annou mache nan limyè Seyè a ban nou an.
耶和华,你离弃了你百姓雅各家,是因他们充满了东方的风俗,作观兆的,像非利士人一样,并与外邦人击掌。
Bondye, ou te lage pèp ou a, moun fanmi Jakòb yo. Peyi yo a plen moun k'ap fè divinò, plen moun k'ap li nan zetwal. Peyi a tounen tankou peyi moun Filisti yo. Tout moun nan peyi a ap swiv vye mès moun lòt nasyon yo.
他们的国满了金银,财宝也无穷;他们的地满了马匹,车辆也无数。
Peyi a plen ajan ak lò. Richès pèyi a pa gen limit. Peyi a plen chwal. Ou pa ka konte kantite cha pou fè lagè yo genyen.
他们的地满了偶像;他们跪拜自己手所造的,就是自己指头所做的。
Peyi a plen zidòl. Y'ap sèvi bagay yo fè ak men yo, bagay yo bay fòm ak dwèt yo.
卑贱人屈膝;尊贵人下跪;所以不可饶恕他们。
Tout moun pral bese je yo gade atè afòs yo pral wont. Pa padonnen yo, Seyè!
你当进入巖穴,藏在土中,躲避耶和华的惊吓和他威严的荣光。
Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Seyè a. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li va parèt aklè.
到那日,眼目高傲的必降为卑;性情狂傲的都必屈膝;惟独耶和华被尊崇。
Yon jou gen pou vini! Lè sa a, p'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Jou sa a, Seyè a va sèl chèf.
必有万军耶和华降罚的一个日子,要临到骄傲狂妄的;一切自高的都必降为卑;
Wi, jou sa a, se va jou Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a! L'ap fè tout moun ki t'ap gonfle lestonmak yo bese je yo gade atè ansanm ak tout moun ki t'ap fè awogan yo ak tout grannèg yo.
又临到黎巴嫩高大的香柏树和巴珊的橡树;
L'ap detwi tout gwo pye sèd ki byen wo nan peyi Liban an, tout gwo pye bwadchenn ki byen wo nan peyi Bazan an.
又临到一切高山的峻岭;
L'ap kraze tèt gwo mòn kou ti mòn. L'ap fè yo tout vin menm wotè.
又临到高台和坚固城墙;
L'ap kraze tout fò yo ak tout miray ranpa yo.
又临到他施的船只并一切可爱的美物。
L'ap koule tout gwo batiman peyi Tasis yo, y'ap fè fon ak tout bèl bagay yo.
骄傲的必屈膝;狂妄的必降卑。在那日,惟独耶和华被尊崇;
P'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Lè jou sa a va rive, Seyè a va sèl chèf.
偶像必全然废弃。
Tout zidòl pral disparèt nèt ale.
耶和华兴起,使地大震动的时候,人就进入石洞,进入土穴,躲避耶和华的惊吓和他威严的荣光。
Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Bondye. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè, lè Seyè a va leve pou l' fè tè a tranble.
到那日,人必将为拜而造的金偶像、银偶像抛给田鼠和蝙蝠。
Jou sa a, moun va pran tout zidòl yo te fè an ajan ak an lò pou fè sèvis pou yo, y'a voye yo jete bay rat ak chovsourit.
到耶和华兴起,使地大震动的时候,人好进入磐石洞中和巖石穴里,躲避耶和华的惊吓和他威严的荣光。
Lè Seyè a va vini pou l' fè tè a tranble, yo pral kache kò yo nan twou wòch, yo pral fouye twou anba tè. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè.
你们休要倚靠世人。他鼻孔里不过有气息;他在一切事上可算什么呢?
Pa mete konfyans nou nan moun parèy nou! Talè yo pa pèdi souf yo, yo pa mouri! Lè sa a, kisa yo ka fè pou nou ankò?