Hebrews 3

同蒙天召的圣洁弟兄啊,你们应当思想我们所认为使者、为大祭司的耶稣。
Se poutèt sa, frè m' yo, nou menm k'ap viv apa pou Bondye, nou menm Bondye te rele pou antre ansanm nan syèl la, fikse je nou sou Jezi, moun Bondye te voye pou sèvi nou granprèt nan konfyans nou genyen an.
他为那设立他的尽忠,如同摩西在 神的全家尽忠一样。
Paske li pa t' twonpe Bondye ki te chwazi l' pou travay sa a. Li fè travay li byen tankou Moyiz ki te fè tout travay li byen nan kay Bondye a.
他比摩西算是更配多得荣耀,好像建造房屋的比房屋更尊荣;
Moun ki bati yon kay resevwa plis lwanj pase kay la. Konsa tou, Jezi resevwa yon pi gwo lwanj pase Moyiz.
因为房屋都必有人建造,但建造万物的就是 神。
Chak kay gen yon moun ki bati li. Men, se Bondye ki fè tout bagay.
摩西为仆人,在 神的全家诚然尽忠,为要证明将来必传说的事。
Moyiz te fè travay li byen nan tout kò kay Bondye a. Li te yon senp sèvitè ki te la pou pale sou bagay Bondye tapral di pita.
但基督为儿子,治理 神的家;我们若将可夸的盼望和胆量坚持到底,便是他的家了。
Men, Jezikri te fè travay li tankou yon pitit Bondye te mete chèf kay li. Se nou menm ki kay Bondye a, depi nou pa janm dekouraje, depi nou pa janm pèdi konfyans, depi nou pa janm wont sa n'ap tann lan.
圣灵有话说:你们今日若听他的话,
Se poutèt sa, jan Sentespri te di l' la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a,
就不可硬著心,像在旷野惹他发怒、试探他的时候一样。
pa kenbe tèt ak li, menm jan zansèt nou yo te fè l', lè yo te chache kont ak Bondye a, tankou lè, nan dezè a, yo te vle wè jouk ki bò Bondye ye ak yo.
在那里,你们的祖宗试我探我,并且观看我的作为有四十年之久。
Lè sa a, zansèt nou yo te tante m', yo te sonde m' atout yo te deja wè tou sa m' t'ap fè depi karantan.
所以,我厌烦那世代的人,说:他们心里常常迷糊,竟不晓得我的作为!
Se sak fè, mwen te fache sou moun sa yo. Mwen te di: Moun sa yo toujou ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman m' yo.
我就在怒中起誓说;他们断不可进入我的安息。
Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo pa janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an.
弟兄们,你们要谨慎,免得你们中间或有人存著不信的恶心,把永生 神离弃了。
Frè m' yo, atansyon pou okenn nan nou pa rive gen move santiman nan kè l' ki pou fè l' pèdi konfyans nan Bondye, pou lè sa a, li pa vire do bay Bondye vivan an.
总要趁著还有今日,天天彼此相劝,免得你们中间有人被罪迷惑,心里就刚硬了。
Okontrè, chak jou, se pou nou yonn ankouraje lòt toutotan n'ap viv nan epòk Liv la rele jòdi a. Piga nou yonn kite peche detounen nou, pou lè sa a nou pa rive nan kenbe tèt ak Bondye.
我们若将起初确实的信心坚持到底,就在基督里有分了。
Paske, nou se moun k'ap mache ansanm ak Kris la, depi nou kenbe fèm nan konfyans nou te genyen depi nan konmansman an jouk sa kaba.
经上说:你们今日若听他的话,就不可硬著心,像惹他发怒的日子一样。
Men sa ki ekri nan Liv la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li, tankou lè nou te chache kont ak Bondye a.
那时,听见他话惹他发怒的是谁呢?岂不是跟著摩西从埃及出来的众人吗?
Kilès sa yo ki te tande vwa Bondye men ki apre sa te chache kont ak li? Se tout moun Moyiz te fè soti nan peyi Lejip la.
 神四十年之久,又厌烦谁呢?岂不是那些犯罪、尸首倒在旷野的人吗?
Sou ki moun Bondye te fè kòlè pandan karantan an? Se sou moun ki te fè peche yo. Tout moun sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a.
又向谁起誓,不容他们进入他的安息呢;岂不是向那些不信从的人吗?
Lè Bondye te fè sèman sa a, kilès li t'ap pale? Li t'ap pale sou moun ki te chache kont ak li yo.
这样看来,他们不能进入安息是因为不信的缘故了。
Nou wè vre, yo yonn pa t' kapab mete pye yo kote sa a, paske yo pa t' gen konfyans.