Habakkuk 3

先知哈巴谷的祷告,调用流离歌。
Men lapriyè pwofèt Abakouk te fè pou li plenyen sò li bay Bondye.
耶和华啊,我听见你的名声(或译:言语)就惧怕。耶和华啊,求你在这些年间复兴你的作为,在这些年间显明出来;在发怒的时候以怜悯为念。
-Seyè! Mwen tande tou sa ou te di. M' sezi, m'ap tranble nan tout kò m'. Seyè, gwo mèvèy ou te konn fè nan tan lontan yo, koulye a, fè nou wè yo nan lanne k'ap vini yo. Menm lè ou fache, pa bliye gen pitye pou nou!
 神从提幔而来;圣者从巴兰山临到。(细拉)他的荣光遮蔽诸天;颂讚充满大地。
Bondye ap vini soti peyi Edon. Bondye tout bon an ap desann soti sou mòn Paran an. Pouvwa li kouvri tout syèl la. Lwanj li toupatou sou latè.
他的辉煌如同日光;从他手里射出光线,在其中藏著他的能力。
Li klere kou gwo solèy. Zèklè ap soti nan men l'. Se la li kache tout pouvwa li.
在他前面有瘟疫流行;在他脚下有热症发出。
Li voye vye maladi pran devan li. Li mete lanmò mache dèyè l'.
他站立,量了大地(或译:使地震动),观看,赶散万民。永久的山崩裂;长存的岭塌陷;他的作为与古时一样。
Lè l' kanpe, latè pran tranble. Li annik gade, moun tout nasyon gen kè kase. Mòn ki la depi lontan yo kraze an miyèt moso. Ti mòn tan lontan yo vin plat. Chemen kote li te konn pase tan lontan yo louvri devan l'.
我见古珊的帐棚遭难,米甸的幔子战兢。
Mwen wè moun peyi Letiopi yo nan gwo lafliksyon. Moun peyi Madyan yo tou pè.
耶和华啊,你乘在马上,坐在得胜的车上,岂是不喜悦江河、向江河发怒气、向洋海发愤恨吗?
Eske se sou gwo rivyè yo ou move konsa, Seyè? Eske se sou lanmè a ou fache? Eske se sou lanmè a ou ankòlè konsa, kifè ou moute sou nwaj yo tankou sou chwal ou, tankou sou cha ou pou al delivre pèp ou a?
你的弓全然显露,向众支派所起的誓都是可信的。(细拉)你以江河分开大地。
Ou kenbe banza ou tou pare nan men ou. Pawòl ou se pakèt flèch anpwazonnen. Zèklè ou yo fann tè a louvri.
山岭见你,无不战惧;大水泛滥过去,深渊发声,汹涌翻腾(原文是向上举手)。
Mòn yo wè ou, yo pran tranble. Gwo lapli ap tonbe soti nan syèl la. Dlo anba tè yo ap gwonde. Gwo lanm lanmè ap leve byen wo.
因你的箭射出,发光,你的枪闪出光耀,日月都在本宫停住。
Flèch ou yo pati tankou zèklè. Lans ou yo klere byen klere. Lalin ak solèy pa parèt tèt yo deyò.
你发愤恨通行大地,发怒气责打列国,如同打粮。
Ou move, w'ap mache toupatou sou latè. Nan kòlè ou, ou pilonnen nasyon yo anba pye ou.
你出来要拯救你的百姓,拯救你的受膏者,打破恶人家长的头,露出他的脚(原文是根基),直到颈项。(细拉)
Ou soti pou delivre pèp ou a, pou sove wa ou chwazi a. Ou kraze chèf mechan yo. Ou detwi tout moun li yo nèt.
你用敌人的戈矛刺透他战士的头;他们来如旋风,要将我们分散。他们所喜爱的是暗中吞吃贫民。
Avèk flèch ou yo, ou pèse kòmandan an chèf lame yo a, lè yo t'ap vare sou nou tankou yon van tanpèt pou gaye nou. Je yo gran louvri ak kontantman tankou moun ki pral devore pòv malere yo kote yo kache a.
你乘马践踏红海,就是践踏汹涌的大水。
Ou foule lanmè a anba pye chwal ou yo. Ou fè dlo lanmè a kimen.
我听见耶和华的声音,身体战兢,嘴唇发颤,骨中朽烂;我在所立之处战兢。我只可安静等候灾难之日临到,犯境之民上来。
Mwen tande tou sa. Vant mwen bouyi! Lè m' tande tout bri sa yo, bouch mwen pran tranble. Tout zo nan kò m' ap fè m' mal. M' pa ka kanpe sou janm mwen ankò! Mwen rete byen trankil, m'ap tann jou malè a rive, jou Bondye pral mache pran moun k'ap chache nou kont yo.
虽然无花果树不发旺,葡萄树不结果,橄榄树也不效力,田地不出粮食,圈中绝了羊,棚内也没有牛;
Pye fig frans yo te mèt pa donnen, pye rezen yo te mèt pa bay rezen, rekòt oliv yo te mèt pa bon, jaden yo te mèt pa bay manje, mouton yo te mèt mouri nan sèka yo, bèf yo te mèt mouri nan pak yo,
然而,我要因耶和华欢欣,因救我的 神喜乐。
mwen menm, m'ap toujou kontan poutèt Seyè a. M'ap fè fèt pou Bondye k'ap delivre m' lan.
主耶和华是我的力量;他使我的脚快如母鹿的蹄,又使我稳行在高处。这歌交与伶长,用丝弦的乐器。
Se Seyè a ki tout fòs mwen. Li asire pye m' tankou pye kabrit. Li fè m' mache sou mòn yo, san m' pa tonbe. Pou chèf k'ap dirije moun k'ap chante yo.