Genesis 9

 神赐福给挪亚和他的儿子,对他们说:「你们要生养众多,遍满了地。
Bondye beni Noe ak pitit li yo, li di yo. Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a.
凡地上的走兽和空中的飞鸟都必惊恐,惧怕你们,连地上一切的昆虫并海里一切的鱼都交付你们的手。
Se pou tout zannimo sou latè, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt vivan ki sou latè, tout pwason ki nan lanmè bese tèt devan nou. Se pou yo pè nou. Mwen ban nou pouvwa sou yo tout.
凡活著的动物都可以作你们的食物。这一切我都赐给你们,如同菜蔬一样。
Koulye a, nou gen dwa manje tout kalite bèt vivan k'ap mache, tout kalite fèy vèt. Mwen ban nou tout pou manje.
惟独肉带著血,那就是牠的生命,你们不可吃。
Tansèlman, se pa pou n' manje vyann ak tout san ladan l', paske san yon bèt se nanm li.
流你们血、害你们命的,无论是兽是人,我必讨他的罪,就是向各人的弟兄也是如此。
Konprann sa byen: si yon moun touye nou, m'ap fè l' rann mwen kont. M'ap fè tout bèt ki touye nou rann mwen kont. tout moun ki touye moun parèy yo gen pou rann mwen kont.
凡流人血的,他的血也必被人所流,因为 神造人是照自己的形像造的。
Si yon moun touye yon moun, yon lòt moun gen pou touye l' tou, paske Bondye kreye moun pòtre ak li.
你们要生养众多,在地上昌盛繁茂。」
Nou menm, se pou nou fè pitit, anpil pitit. Gaye kò nou toupatou sou latè, pou pitit nou yo toujou fè anpil pitit tou.
 神晓谕挪亚和他的儿子说:
Bondye pale ankò ak Noe ansanm ak pitit li yo, li di yo:
「我与你们和你们的后裔立约,
-Men m'ap pase yon kontra ak nou tout ansanm ak tout pitit pitit k'ap vin apre nou yo.
并与你们这里的一切活物─就是飞鸟、牲畜、走兽,凡从方舟里出来的活物─立约。
M'ap pase kontra a ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, zwazo, zannimo domestik, bèt nan bwa, avèk tout sa ki soti nan batiman an pou peple sou latè ankò.
我与你们立约,凡有血肉的,不再被洪水灭绝,也不再有洪水毁坏地了。」
Wi, m'ap pase kontra mwen ak nou: mwen pwomèt pou m' pa janm voye gwo inondasyon ankò pou detwi tout moun ak tout bèt vivan yo. Konsa, p'ap janm gen gwo inondasyon ankò pou ravaje latè.
 神说:「我与你们并你们这里的各样活物所立的永约是有记号的。
Bondye di ankò-Kontra m'ap pase avèk nou ansanm ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, se yon kontra k'ap la pou tout tan. M'ap ban nou yon siy pou li.
我把虹放在云彩中,这就可作我与地立约的记号了。
M'ap mete lakansyèl mwen nan syèl la. Men siy m'ap ban nou pou kontra mwen pase ak latè a.
我使云彩盖地的时候,必有虹现在云彩中,
Chak fwa m'a fè nwaj yo konmanse sanble, lakansyèl la va parèt nan syèl la.
我便记念我与你们和各样有血肉的活物所立的约,水就再不泛滥、毁坏一切有血肉的物了。
Lè sa a, m'a chonje kontra mwen te fè avèk nou ansanm avèk tout kalite bèt vivan yo. p'ap janm gen gwo inondasyon ankò ki pou detwi tout moun ak tout bèt k'ap viv sou latè.
虹必现在云彩中,我看见,就要记念我与地上各样有血肉的活物所立的永约。」
Lè lakansyèl la va parèt nan syèl la, m'a wè l', m'a chonje kontra mwen te pase pou tout tan ak tout moun ansanm ak tout kalite bèt k'ap viv sou latè.
 神对挪亚说:「这就是我与地上一切有血肉之物立约的记号了。」
Sa se siy kontra mwen pase ak tout moun ansanm ak tout bèt k'ap viv sou latè. Se konsa Bondye te pale ak Noe.
出方舟挪亚的儿子就是闪、含、雅弗。含是迦南的父亲。
Men non pitit Noe yo ki te soti nan batiman an: Sèm, Kam ak Jafè. Kam se te papa Kanaran.
这是挪亚的三个儿子,他们的后裔分散在全地。
Se twa pitit Noe sa yo ki peple mete moun sou tout latè.
挪亚作起农夫来,栽了一个葡萄园。
Noe se premye moun ki travay latè. Li plante yon jaden rezen.
他喝了园中的酒便醉了,在帐棚里赤著身子。
Yon jou, apre li te fin bwè diven, li sou. Li wete tout rad sou li, li kouche toutouni anba tant li.
迦南的父亲含看见他父亲赤身,就到外边告诉他两个弟兄。
Lè Kam, papa Kanaran, wè papa l' toutouni, li ale di de frè l' yo sa.
于是闪和雅弗拿件衣服搭在肩上,倒退著进去,给他父亲盖上;他们背著脸就看不见父亲的赤身。
Men, Sèm ak Jafè pran yon gwo rad, yo chak pran yon bout, yo pase l' dèyè do yo, yo kenbe l' anwo zepòl yo. Yo mache pa do, yo antre, yo kouvri papa yo san yo pa janm vire tèt yo gade dèyè. Konsa yo pa wè papa yo toutouni.
挪亚醒了酒,知道小儿子向他所作的事,
Lè Noe soti anba toudisman diven l' lan, yo di l' sa dezyèm pitit gason l' lan te fè l'.
就说:迦南当受咒诅,必给他弟兄作奴仆的奴仆;
Li di. Madichon pou Kanaran! Se pou l' tounen dènye klas esklav frè l' yo.
又说:耶和华─闪的 神是应当称颂的!愿迦南作闪的奴仆。
Li di ankò. Lwanj pou Seyè a, Bondye Sèm lan. Se pou Kanaran tounen esklav Sèm.
愿 神使雅弗扩张,使他住在闪的帐棚里;又愿迦南作他的奴仆。
Se pou Bondye mete sou byen Jafè yo. Se pou pitit pitit Jafè yo viv byen ak pitit Sèm yo. Se pou Kanaran tounen esklav yo.
洪水以后,挪亚又活了三百五十年。
Apre gwo inondasyon an, Noe viv twasansenkantan (350 an).
挪亚共活了九百五十岁就死了。
Lè l' mouri, li te gen nèfsansenkantan (950 an).