Genesis 6

当人在世上多起来又生女儿的时候,
Lè sa a, moun te konmanse ap fè anpil anpil pitit sou latè. Yo te vin gen anpil pitit fi.
 神的儿子们看见人的女子美貌,就随意挑选,娶来为妻。
Pitit gason Bondye yo te wè jan pitit fi lèzòm yo te bèl. Se konsa, nan fi yo te renmen yo, yo pran ladan yo pou madanm yo.
耶和华说:「人既属乎血气,我的灵就不永远住在他里面;然而他的日子还可到一百二十年。」
Lè Seyè a wè sa, li di: Mwen p'ap kite lèzòm viv pou tout tan, paske se moun ase yo ye. Se sanventan (120 an) sèlman pou yo viv.
那时候有伟人在地上,后来 神的儿子们和人的女子们交合生子;那就是上古英武有名的人。
Lè sa a, epi pandan lontan apre sa, te vin gen sou latè yon ras moun wo anpil: se te pitit pitit fi lèzòm yo te fè pou pitit gason bondye yo. Se yo ki te vanyan gason nan tan lontan yo, kifè tout moun t'ap nonmen non yo.
耶和华见人在地上罪恶很大,终日所思想的尽都是恶,
Seyè a wè jan lèzòm te mechan toupatou sou latè, ki jan tout lajounen se move lide ase ki te nan tèt yo.
耶和华就后悔造人在地上,心中忧伤。
Li vin règrèt li te fè moun sou latè. Kè l' vin sere ak lapenn.
耶和华说:「我要将所造的人和走兽,并昆虫,以及空中的飞鸟,都从地上除灭,因为我造他们后悔了。」
Seyè a di: Mwen pral disparèt tout moun mwen te kreye yo, san kite yonn. Epi m'ap detwi ansanm ak yo tout tou bèt kat pat, tout bèt ki trennen sou vant ak tout zwazo k'ap vole nan syèl, paske mwen règrèt anpil dèske mwen te fè yo.
惟有挪亚在耶和华眼前蒙恩。
Men, Noe te fè Bondye plezi.
挪亚的后代记在下面。挪亚是个义人,在当时的世代是个完全人。挪亚与 神同行。
Men pitit pitit Noe yo. Nan tout moun ki t'ap viv lè sa a, Noe te sèl moun ki t'ap mache dwat devan Bondye, ki pa t' nan anyen ki mal. Li t'ap mache byen ak Bondye.
挪亚生了三个儿子,就是闪、含、雅弗。
Li te gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.
世界在 神面前败坏,地上满了强暴。
Men, tout lòt moun yo te fin pouri devan Bondye. Toupatou sou latè se te mechanste sou mechanste.
 神观看世界,见是败坏了;凡有血气的人在地上都败坏了行为。
Bondye gade latè, li wè l' te fin pouri, paske tout moun sou latè te fin pèvèti.
 神就对挪亚说:「凡有血气的人,他的尽头已经来到我面前;因为地上满了他们的强暴,我要把他们和地一并毁灭。
Lè sa a, Bondye di Noe konsa: Mwen deside pou m' fini ak tout moun, paske se yo ki lakòz toupatou sou latè se mechanste ase. Wi, mwen pral detwi yo nèt ansanm ak tout sa ki sou latè.
你要用歌斐木造一只方舟,分一间一间地造,里外抹上松香。
Fè yon gwo batiman pou ou ak bwa pichpen. W'a fè anpil ti chanm ladan l'. W'a badijonnen l' byen badijonnen anndan kou deyò avèk goudwon.
方舟的造法乃是这样:要长三百肘,宽五十肘,高三十肘。
Men ki jan pou ou fè l': Batiman an va gen katsansenkant (450) pye longè, swasannkenz pye lajè, ak karannsenk pye wotè.
方舟上边要留透光处,高一肘。方舟的门要开在旁边。方舟要分上、中、下三层。
W'a mete yon twati sou batiman an. W'a kite yon espas dizwit pous ant twati a ak rebò a. W'a louvri yon sèl pòt sou kote batiman an. W'a mete yon etaj anba, yon etaj nan mitan, yon etaj anwo.
看哪,我要使洪水泛滥在地上,毁灭天下;凡地上有血肉、有气息的活物,无一不死。
Mwen pral voye yon gwo inondasyon dlo sou latè pou detwi tout sa k'ap viv anba syèl la. tout sa ki sou latè pral peri.
我却要与你立约;你同你的妻,与儿子儿妇,都要进入方舟。
Men, m'ap fè yon kontra avè ou. W'a antre nan batiman an, ou menm, pitit gason ou yo, madanm ou ansanm ak madanm pitit ou yo.
凡有血肉的活物,每样两个,一公一母,你要带进方舟,好在你那里保全生命。
W'a pran avèk ou tout yon pè nan tout kalite bèt, yon mal ak yon fenmèl. Wa fè yo antre nan batiman an ansanm ak ou pou yo pa mouri.
飞鸟各从其类,牲畜各从其类,地上的昆虫各从其类,每样两个,要到你那里,好保全生命。
Konsa, nan tout kalite zwazo, nan tout kalite bèt domestik, nan tout kalite bèt ki trennen sou vant yo, gen yon pè nan chak kalite ki va vin jwenn ou pou yo pa mouri.
你要拿各样食物积蓄起来,好作你和牠们的食物。」
Ou menm bò pa ou, ranmase tout kalite manje, mezi ou kapab. Fè yon bèl pwovizyon mete la pou ou ka jwenn manje pou ou manje ansanm ak tout bèt yo tou.
挪亚就这样行。凡 神所吩咐的,他都照样行了。
Se konsa Noe fè tout sa Bondye te ba li lòd fè a. Wi, se sa menm li te fè.