Genesis 44

约瑟吩咐家宰说:「把粮食装满这些人的口袋,尽著他们的驴所能驮的,又把各人的银子放在各人的口袋里,
Apre sa, Jozèf bay chèf domestik la lòd sa a: -Plen sak mesye yo manje mezi yo ka pote. Mete lajan chak moun nan bouch sak yo.
并将我的银杯和那少年人籴粮的银子一同装在他的口袋里。」家宰就照约瑟所说的话行了;
W'a pran gwo gode m' lan, gode an ajan an, w'a mete l' nan bouch sak pi piti a ansanm ak tout lajan l' lan. Chèf domestik la fè sa Jozèf te di l' fè a.
天一亮就打发那些人带著驴走了。
Nan denmen maten, byen bonè, yo voye mesye yo al fè wout yo ak tout bourik yo.
他们出城走了不远,约瑟对家宰说:「起来,追那些人去,追上了就对他们说:『你们为什么以恶报善呢?
Yo te fin kite lavil la dèyè, men yo pa t' pi lwen pase sa, lè Jozèf di domestik li a: -Leve, kouri dèyè mesye yo. Lè w'a trape yo, w'a di yo: Poukisa nou aji mal konsa ak moun ki fè nou byen?
这不是我主人饮酒的杯吗?岂不是他占卜用的吗?你们这样行是作恶了。』」
Poukisa nou pran gwo gode mèt mwen an? Se ladan l' li bwè, se ak li li sèvi pou l' konnen sa ki pral pase. Sa nou fè a pa bon menm.
家宰追上他们,将这些话对他们说了。
Lè domestik la trape yo, li repete tout sa mèt li a te di l'.
他们回答说:「我主为什么说这样的话呢?你仆人断不能作这样的事。
Men yo reponn: -Men msye, nou pa konprann sa w'ap di la a. pou n' ta fè bagay konsa? Mande Bondye padon!
你看,我们从前在口袋里所见的银子,尚且从迦南地带来还你,我们怎能从你主人家里偷窃金银呢?
Gade, lajan nou te jwenn premye fwa a nan bouch sak nou yo, nou pote l' tounen ba ou soti peyi Kanaran. Ki jan ou vle wè pou nou ta vòlò ajan osinon lò kay mèt la?
你仆人中无论在谁那里搜出来,就叫他死,我们也作我主的奴仆。」
Si ou jwenn gwo gode a nan men yonn nan nou, se pou moun sa a mouri. Nou menm lòt yo, se pou yo fè nou tounen esklav.
家宰说:「现在就照你们的话行吧!在谁那里搜出来,谁就作我的奴仆;其余的都没有罪。」
Domestik la di: -Dakò. Men, si yo jwenn gode a nan men yonn nan nou, se moun sa a m'ap pran pou sèvi m' esklav. Lòt yo lib, yo mèt ale.
于是他们各人急忙把口袋卸在地下,各人打开口袋。
La menm, yo prese mete sak yo atè, chak moun louvri sak yo.
家宰就搜查,从年长的起到年幼的为止,那杯竟在便雅悯的口袋里搜出来。
Chèf domestik Jozèf la pran fouye sak yo yonn apre lòt. Li konmanse ak sak pi gran an pou l' fini ak sak pi piti a. Yo jwenn gode a nan sak Benjamen an.
他们就撕裂衣服,各人把驮子抬在驴上,回城去了。
Sa ou tande a, yon sèl lapenn pran mesye yo, yo chire rad sou yo. Chak moun chaje bourik yo ankò, yo tounen lavil.
犹大和他弟兄们来到约瑟的屋中,约瑟还在那里,他们就在他面前俯伏于地。
Lè Jida ak frè l' yo rive lakay Jozèf, Jozèf te la toujou. Yo bese tèt yo jouk atè devan li.
约瑟对他们说:「你们作的是什么事呢?你们岂不知像我这样的人必能占卜吗?」
Jozèf di yo: -Kisa nou fè konsa? Eske nou pa konnen yon nonm tankou mwen gen pouvwa pou m' wè tout sa ki pral rive?
犹大说:「我们对我主说什么呢?还有什么话可说呢?我们怎能自己表白出来呢? 神已经查出仆人的罪孽了。我们与那在他手中搜出杯来的都是我主的奴仆。」
Jida reponn li: -Mèt, nou pa konn sa pou nou di. Nou pa ka pale. Pa gen savon pou lave nou devan ou. Se Bondye menm ki fè ou dekouvri nou. Mèt, se poutèt sa se pa sèlman moun ki te gen gode a nan men l' lan ki esklav ou, se nou tout ki esklav ou.
约瑟说:「我断不能这样行!在谁的手中搜出杯来,谁就作我的奴仆;至于你们,可以平平安安地上你们父亲那里去。」
Men Jozèf di: -Mande Bondye padon! Mwen pa ka fè sa. Moun ki te gen gode a, se li menm sèlman k'ap rete pou sèvi m' esklav. Lòt yo mèt tounen lakay papa yo ak kè poze jan yo te vini an.
犹大挨近他,说:「我主啊,求你容仆人说一句话给我主听,不要向仆人发烈怒,因为你如同法老一样。
Lè sa a, Jida pwoche bò kote Jozèf, li di l' konsa: -Tanpri, mèt. Kite m' di ou yon ti pawòl. Ou pa bezwen fache sou mwen. Mwen konnen ki di ou menm di farawon an.
我主曾问仆人们说:『你们有父亲有兄弟没有?』
Mèt, ou te mande nou èske papa nou la, èske nou gen lòt frè.
我们对我主说:『我们有父亲,已经年老,还有他老年所生的一个小孩子。他哥哥死了,他母亲只撇下他一人,他父亲疼爱他。』
Nou te reponn ou: Wi, nou gen yon papa ki fin vye granmoun ak yon ti frè, pitit papa nou te fè nan vyeyès li. Ti bway la te gen yon lòt frè menm manman avè l'. Men, li mouri. Nan de pitit manman l' yo, se li menm ase ki rete. Lèfini papa nou renmen l' anpil.
你对仆人说:『把他带到我这里来,叫我亲眼看看他。』
Ou te mande nou pou nou mennen l' isit la pou ou te ka wè l'.
我们对我主说:『童子不能离开他父亲,若是离开,他父亲必死。』
Nou te reponn ou, mèt, ti bway la pa t' ka kite papa l'. Si li kite l', chagren va touye papa a.
你对仆人说:『你们的小兄弟若不与你们一同下来,你们就不得再见我的面。』
Men, ou te kenbe pawòl ou pi rèd, ou te di nou si ti frè nou an pa vini ak nou, nou pa bezwen parèt devan ou.
我们上到你仆人─我们父亲那里,就把我主的话告诉了他。
Lè nou tounen kay papa nou, nou rakonte l' tout sa ou te di nou.
我们的父亲说:『你们再去给我籴些粮来。』
Apre sa, papa di nou: Tounen al achte manje pou mwen.
我们就说:『我们不能下去。我们的小兄弟若和我们同往,我们就可以下去。因为,小兄弟若不与我们同往,我们必不得见那人的面。』
Nou di l': Non, papa. Nou pa ka desann paske si ti frè nou an pa ale ak nou, nou p'ap ka parèt devan chèf la. Men, si ou dakò pou ti frè nou an ale ak nou, n'a desann.
你仆人─我父亲对我们说:『你们知道我的妻子给我生了两个儿子。
Lè sa a, papa nou di: Nou konnen madanm mwen te fè de sèl pitit gason pou mwen.
一个离开我出去了;我说他必是被撕碎了,直到如今我也没有见他。
Gen yonn ki pati kite m'. Mwen kwè se bèt nan bwa ki dwe devore l', paske mwen pa janm wè l' jouk koulye a.
现在你们又要把这个带去离开我,倘若他遭害,那便是你们使我白发苍苍、悲悲惨惨地下阴间去了。』
Jòdi a, si nou pran sa a nan men m', si yon malè rive l', avèk tout laj sa ki sou tèt mwen an, mwen p'ap ka sipòte lapenn sa a, chagren va touye m'.
我父亲的命与这童子的命相连。如今我回到你仆人─我父亲那里,若没有童子与我们同在,
Koulye a atò, mèt, si mwen tounen al jwenn papa m' san pitit gason l' sa a, ki de je nan tèt li,
我们的父亲见没有童子,他就必死。这便是我们使你仆人─我们的父亲白发苍苍、悲悲惨惨地下阴间去了。
kou la gade li wè pitit li a pa la, l'ap mouri. Se nou menm ki va lakòz lapenn sa a k'ap twòp pou granmoun lan. Papa nou va mouri sou kont nou.
因为仆人曾向我父亲为这童子作保,说:『我若不带他回来交给父亲,我便在父亲面前永远担罪。』
Wi, se mwen menm ki te bay papa m' garanti m'ap tounen ak pitit la. Mwen te di l': Si m' pa mennen l' tounen ba li, se mwen menm k'ap pote fòt la devan l' jouk jou mwen mouri.
现在求你容仆人住下,替这童子作我主的奴仆,叫童子和他哥哥们一同上去。
Se poutèt sa, mèt, tanpri, kite ti bway la ale avèk frè l' yo, kite m' pran plas li. Gade m' pou esklav ou.
若童子不和我同去,我怎能上去见我父亲呢?恐怕我看见灾祸临到我父亲身上。」
Mwen pa konnen ki pye pou m' ta mete devan pou m' tounen kay papa m' san ti gason an pa avèk nou. Mwen pa ta vle wè lapenn sa a tonbe sou papa m'.