Genesis 37

雅各住在迦南地,就是他父亲寄居的地。
Men Jakòb rete rete l' nan peyi Kanaran kote papa l' te pase tout lavi l'.
雅各的记略如下。约瑟十七岁与他哥哥们一同牧羊。他是个童子,与他父亲的妾辟拉、悉帕的儿子们常在一处。约瑟将他哥哥们的恶行报给他们的父亲。
Men istwa fanmi Jakòb la. Jozèf te yon jenn gason disètan. Li t'ap gade mouton ak kabrit ansanm ak frè l' yo, pitit gason Bila ak Zilpa, fanm kay papa l' yo. Li te konn rapòte bay papa l' tout vye bagay yo t'ap fè.
以色列原来爱约瑟过于爱他的众子,因为约瑟是他年老生的;他给约瑟做了一件彩衣。
Izrayèl menm te renmen Jozèf plis pase tout lòt pitit li yo, paske li te fin granmoun lè Jozèf te fèt. Li fè yon bèl varèz long ak manch pou li.
约瑟的哥哥们见父亲爱约瑟过于爱他们,就恨约瑟,不与他说和睦的话。
Lè frè l' yo wè jan papa yo te renmen Jozèf plis pase yo, yo pran rayi l'. Yo pa t' louvri bouch avè l' san yo pa joure l'.
约瑟做了一梦,告诉他哥哥们,他们就越发恨他。
Yon jou, Jozèf fè yon rèv. Li rakonte l' bay frè li yo. Sa te fè yo rayi l' pi plis toujou.
约瑟对他们说:「请听我所做的梦:
Li di yo: -Mesye, tande yon rèv mwen fè.
我们在田里捆禾稼,我的捆起来站著,你们的捆来围著我的捆下拜。」
Mwen wè nou tout nou te nan jaden, chak moun t'ap mare yon pakèt zèb. Pakèt mwen an rete konsa li kanpe tout dwat pou kont li, epi tout pakèt pa nou yo fè wonn li, yo vin bese tèt devan pa m' lan tankou moun y'ap salwe.
他的哥哥们回答说:「难道你真要作我们的王吗?难道你真要管辖我们吗?」他们就因为他的梦和他的话越发恨他。
Frè l' yo di l': -Anhan! Ou vle di ou pral chèf nou, ou pral kòmande nou! Yo te vin rayi l' pi plis toujou poutèt rèv li te di yo li fè a.
后来他又做了一梦,也告诉他的哥哥们说:「看哪,我又做了一梦,梦见太阳、月亮,与十一个星向我下拜。」
Apre sa, Jozèf fè yon lòt rèv ankò. Li rakonte l' bay frè li yo. Li di yo: -Mwen fè yon lòt rèv. Mwen wè solèy la, lalen lan ansanm ak onz zetwal ki t'ap bese tèt devan mwen.
约瑟将这梦告诉他父亲和他哥哥们,他父亲就责备他说:「你做的这是什么梦!难道我和你母亲、你弟兄果然要来俯伏在地,向你下拜么?」
Li rakonte rèv la bay papa l' ansanm ak frè l' yo. Men papa a t'ap rale zòrèy li, li t'ap di l': -Ki kalite rèv w'ap fè konsa a? Koulye a, se pou mwen menm, manman ou ansanm ak onz frè ou yo, pou nou vin bese tèt devan ou?
他哥哥们都嫉妒他,他父亲却把这话存在心里。
Frè Jozèf yo t'ap fè jalouzi, men papa l' t'ap kalkile tout bagay sa yo nan tèt li.
约瑟的哥哥们往示剑去放他们父亲的羊。
Frè Jozèf yo leve, y ale jouk Sichèm ak bann bèt papa yo pou fè yo manje.
以色列对约瑟说:「你哥哥们不是在示剑放羊吗?你来,我要打发你往他们那里去。」约瑟说:「我在这里。」
Izrayèl rele Jozèf, li di l' konsa: -Frè ou yo mennen bèt yo jouk Sichèm al manje. Vini non, m'ap voye ou bò kote yo pou mwen. Jozèf reponn: -Men mwen wi, papa.
以色列说:「你去看看你哥哥们平安不平安,群羊平安不平安,就回来报信给我」;于是打发他出希伯崙谷,他就往示剑去了。
Izrayèl di l' konsa: -Tanpri, ale we kouman frè ou yo ak bèt yo ye laba a. Apre sa, tounen vin pote nouvèl yo ban mwen. Konsa, se papa l' menm ki te fè l' pati kite Fon Ebwon an. Lè Jozèf rive Sichèm,
有人遇见他在田野走迷了路,就问他说:「你找什么?」
li pèdi wout li nan savann lan, li kontre ak yon nonm ki mande l': -Kisa w'ap chache konsa?
他说:「我找我的哥哥们,求你告诉我,他们在何处放羊。」
Jozèf reponn li: -M'ap chache frè m' yo. Tanpri, di m' ki kote yo mennen bèt yo al manje.
那人说:「他们已经走了,我听见他们说要往多坍去。」约瑟就去追赶他哥哥们,遇见他们在多坍。
Nonm lan di l': -Yo te isit la wi, men yo pati deja. Mwen tande yo t'ap di yo pral Dotan. Jozèf pati dèyè frè l' yo, li jwenn yo Dotan.
他们远远地看见他,趁他还没有走到跟前,大家就同谋要害死他,
Men, anvan Jozèf te rive, yo te gen tan wè l' byen lwen ap vini. Yo fè konplo pou yo touye l'.
彼此说:「你看!那做梦的来了。
Yonn di lòt: -Men nonm ki renmen fè rèv la ap vini.
来吧!我们将他杀了,丢在一个坑里,就说有恶兽把他吃了。我们且看他的梦将来怎么样。」
Annou wè. N'ap touye l', n'ap jete kadav la nan yonn nan pi yo. Epi n'a di se bèt nan bwa ki touye l'. Konsa n'a wè si sa l' te wè nan rèv li yo va rive vre.
流便听见了,要救他脱离他们的手,说:「我们不可害他的性命;」
Woubenn t'ap koute yo, li t'ap chache yon jan pou sove Jozèf anba men yo. Li di yo: -Piga nou touye l'.
又说:「不可流他的血,可以把他丢在这野地的坑里,不可下手害他」。流便的意思是要救他脱离他们的手,把他归还他的父亲。
Pa fè san koule. Ann voye l' jete nan pi sa a ki nan dezè a. Men, pa leve men sou li. Li t'ap di yo sa paske li te fè lide sove l' anba men yo pou l' te voye l' tounen bay papa l'.
约瑟到了他哥哥们那里,他们就剥了他的外衣,就是他穿的那件彩衣,
Lè Jozèf rive bò kote frè l' yo, yo wete bèl varèz long ak manch ki te sou li a.
把他丢在坑里;那坑是空的,里头没有水。
Yo pran l', yo jete l' nan pi a. Pi a te vid, li pa t' gen dlo.
他们坐下吃饭,举目观看,见有一伙米甸的以实玛利人从基列来,用骆驼驮著香料、乳香、没药,要带下埃及去。
Apre sa, yo chita pou yo manje. Pandan yo leve je yo, konsa yo wè yon kolonn moun Izmayèl ki t'ap vwayaje. Yo te soti Galarad. Chamo yo te chaje ak gonm bwa, lansan ak lami yo t'ap pote al vann nan peyi Lejip.
犹大对众弟兄说:「我们杀我们的兄弟,藏了他的血有什么益处呢?
Jida di frè l' yo konsa: -Sa sa ap rapòte nou pou nou touye frè nou an epi apre sa pou nou kache sa?
我们不如将他卖给以实玛利人,不可下手害他;因为他是我们的兄弟,我们的骨肉。」众弟兄就听从了他。
Annou vann li ak moun Izmayèl yo. Konsa nou p'ap bezwen leve men nou sou li. Apre tou, se frè nou li ye, se menm san ak nou. Frè l' yo tonbe dakò.
有些米甸的商人从那里经过,哥哥们就把约瑟从坑里拉上来,讲定二十舍客勒银子,把约瑟卖给以实玛利人。他们就把约瑟带到埃及去了。
Lè machann Madyan yo vin ap pase, yo rale Jozèf moute sot nan pi a. Yo vann li ak moun Izmayèl yo pou vin pyès lajan. Moun Izmayèl yo menm mennen l' nan peyi Lejip.
流便回到坑边,见约瑟不在坑里,就撕裂衣服,
Lè Woubenn tounen nan pi a, li pa jwenn Jozèf ladan l'. Sa te fè l' lapenn anpil. Li chire rad ki te sou li a.
回到兄弟们那里,说:「童子没有了。我往那里去才好呢?」
Li tounen al jwenn frè li yo, li di yo: -Ti gason an pa nan pi a non! Kisa m' pral fè koulye a?
他们宰了一只公山羊,把约瑟的那件彩衣染了血,
Yo touye yon bouk kabrit, yo pran bèl varèz Jozèf la, yo tranpe l' nan san an.
打发人送到他们的父亲那里,说:「我们捡了这个;请认一认是你儿子的外衣不是?」
Yo voye varèz la bay papa yo ak komisyon sa a: -Men sa nou jwenn. Gade wè si se pa varèz pitit gason ou lan.
他认得,就说:「这是我儿子的外衣。有恶兽把他吃了,约瑟被撕碎了!撕碎了!」
Jakòb rekonèt rad la, li di: -Men wi, se varèz pitit gason m' lan. Se yon bèt nan bwa ki devore l'. Bèt la dechèpiye l' nèt.
雅各便撕裂衣服,腰间围上麻布,为他儿子悲哀了多日。
Sa ou tande a, yon sèl lapenn pran Jakòb, li chire rad ki te sou li, li mare yon tanga sak nan ren li. Li pase kèk tan ap kriye pou pitit gason l' lan.
他的儿女都起来安慰他,他却不肯受安慰,说:「我必悲哀著下阴间,到我儿子那里。」约瑟的父亲就为他哀哭。
tout lòt gason l' yo ansanm ak pitit fi l' yo te vin ba l' kouraj, men li te refize tande sa yo t'ap di l'. Li t'ap plede repete: -M'ap kriye pou pitit gason m' lan jouk m al jwenn li lè m'a mouri. Se konsa li t'ap kriye pou pitit gason l' lan.
米甸人带约瑟到埃及,把他卖给法老的内臣─护卫长波提乏。
Pandan tout tan sa a, moun Madyan yo te gen tan vann Jozèf nan peyi Lejip ak Potifa, yonn nan chèf lame farawon an. Se li menm ki te kòmandan gad palè yo.