Genesis 36

以扫就是以东,他的后代记在下面。
Men pitit pitit Ezaou yo. Se Ezaou sa a yo te rele Edon.
以扫娶迦南的女子为妻,就是赫人以伦的女儿亚大和希未人祭便的孙女、亚拿的女儿阿何利巴玛,
Ezaou te chwazi fi nan moun peyi Kanaran yo pou madanm. Yonn te rele Ada. Se te pitit fi Elon, yon moun Et. Yon lòt te rele Olibama, pitit fi Ana, ki li menm te pitit fi Zibeyon, yon moun Evi.
又娶了以实玛利的女儿、尼拜约的妹子巴实抹。
Li te marye tout ak Basmat, pitit fi Izmayèl la, sè Nebajòt.
亚大给以扫生了以利法;巴实抹生了流珥;
Se Ada ki te fè Elifaz pou Ezaou. Basmat te fè Reouyèl,
阿何利巴玛生了耶乌施、雅兰、可拉。这都是以扫的儿子,是在迦南地生的。
Olibama menm te fè Jeouch, Jalam epi Kore. Se tout pitit sa yo Ezaou te fè antan li te nan peyi Kanaran.
以扫带著他的妻子、儿女,与家中一切的人口,并他的牛羊、牲畜,和一切货财,就是他在迦南地所得的,往别处去,离了他兄弟雅各。
Yon jou, Ezaou pran madanm li yo, pitit gason l' yo, pitit fi li yo, tout moun ki te lakay li, tout mouton l' yo, tout kabrit li yo ansanm ak tou sa li te genyen nan peyi Kanaran, li pati pou yon lòt peyi byen lwen Jakòb, frè li.
因为二人的财物群畜甚多,寄居的地方容不下他们,所以不能同居。
Li te fè sa paske tè kote li t'ap viv ansanm ak Jakòb, frè l' la, te vin twò piti pou yo. Yo te vin gen twòp bèt, yo pa t' kapab rete ansanm ankò menm kote a.
于是以扫住在西珥山里;以扫就是以东。
Se konsa Ezaou, yo rele Edon tou, al rete nan mòn Seyi.
以扫是西珥山里以东人的始祖,他的后代记在下面。
Men pitit pitit Ezaou, papa moun Edon yo ki rete nan mòn Seyi a.
以扫众子的名字如下。以扫的妻子亚大生以利法;以扫的妻子巴实抹生流珥。
Men non pitit gason Ezaou yo: Se te Elifaz, pitit Ada, madanm Ezaou, ak Reouyèl, pitit Basmat, madanm Ezaou tou.
以利法的儿子是提幔、阿抹、洗玻、迦坦、基纳斯。
Men non pitit gason Elifaz yo: Se te Teman, Oma, Zefo, Gayetan ak Kenaz.
亭纳是以扫儿子以利法的妾;她给以利法生了亚玛力。这是以扫的妻子亚大的子孙。
Elifaz, pitit Ezaou a, te gen yon fanm kay yo te rele Timna. Se li ki manman Amalèk. Sa yo se tout pitit pitit gason Ada, madanm Ezaou.
流珥的儿子是拿哈、谢拉、沙玛、米撒。这是以扫妻子巴实抹的子孙。
Men non pitit gason Reouyèl yo: Se te Naat, Zerak, Chanma ak Miza. Sa yo se pitit pitit gason Basmat, madanm Ezaou.
以扫的妻子阿何利巴玛是祭便的孙女,亚拿的女儿;她给以扫生了耶乌施、雅兰、可拉。
Men non pitit gason Olibama, madanm Ezaou, te fè pou li: Jeouch, Jalam ak Kore. Olibama te pitit fi Ana, pitit fi Zibeyon.
以扫子孙中作族长的记在下面。以扫的长子以利法的子孙中,有提幔族长、阿抹族长、洗玻族长,基纳斯族长、
Men chèf branch fanmi pitit pitit Ezaou yo. Men non tout pitit gason Elifaz, premye pitit gason Ezaou a: Se te Teman, Oma, Zefo, Kenaz,
可拉族长、迦坦族长、亚玛力族长。这是在以东地从以利法所出的族长,都是亚大的子孙。
Kore, Gayetan ak Amalèk. Yo tout te chèf. Se pitit Elifaz sa yo ki te chèf nan peyi Edon an: Yo tout se pitit pitit Ada yo ye.
以扫的儿子流珥的子孙中,有拿哈族长、谢拉族长、沙玛族长、米撒族长。这是在以东地从流珥所出的族长,都是以扫妻子巴实抹的子孙。
Men non pitit gason Reouyèl, pitit gason Ezaou a: Se te Naat, Zerak, Chanma ak Miza. Yo tout te chèf tou. Se pitit Reouyèl sa yo ki te chèf nan peyi Edon an. Yo tout se pitit pitit Basmat, madanm Ezaou, yo ye.
以扫的妻子阿何利巴玛的子孙中,有耶乌施族长、雅兰族长、可拉族长。这是从以扫妻子,亚拿的女儿,阿何利巴玛子孙中所出的族长。
Men non tout pitit gason Olibama, madan Ezaou: Se te Jeouch, Jalam ak Kore. Yo tout te chèf. Se chèf sa yo ki te pitit Olibama, madan Ezaou. Olibama te pitit fi Ana.
以上的族长都是以扫的子孙;以扫就是以东。
Se te non tout pitit pitit Ezaou yo sa. Yo te rele Ezaou Edon tou. Se yo ki te chèf branch fanmi yo.
那地原有的居民─何利人西珥的子孙记在下面:就是罗坍、朔巴、祭便、亚拿、
Men non tout pitit gason Seyi, moun peyi Ori. Se yo menm ki rete nan peyi a depi lontan. Se Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana,
底顺、以察、底珊。这是从以东地的何利人西珥子孙中所出的族长。
Dichon, Ezè ak Dichan. Se chèf moun peyi Ori yo sa. Yo se pitit gason Seyi nan peyi Edon.
罗坍的儿子是何利、希幔;罗坍的妹子是亭纳。
Men non pitit Lotan yo: Se te Ori ak Eman. Timna te sè Lotan.
朔巴的儿子是亚勒文、玛拿辖、以巴录、示玻、阿南。
Men non pitit Chobal yo: Se te Alvan, Manaat, Ebal, Chefo ak Anam.
祭便的儿子是亚雅、亚拿〈当时在旷野放他父亲祭便的驴,遇著温泉的,就是这亚拿〉。
Men non pitit Zibeyon yo: Se te Aja ak Ana. Se Ana sa a ki te jwenn sous dlo cho yo nan dezè a, lè l' t'ap gade bourik Zibeyon, papa l' yo.
亚拿的儿子是底顺;亚拿的女儿是阿何利巴玛。
Men non pitit Ana yo: Se te Dichon, yon gason ak Olibama, yon fi.
底顺的儿子是欣但、伊是班、益兰、基兰。
Men non pitit gason Dichon yo: Se te Emdan, Echban, Jitran ak Keran.
以察的儿子是辟罕、撒番、亚干。
Men non pitit gason Ezè yo: Se te Bilan, Zavan ak Akan.
底珊的儿子是乌斯、亚兰。
Men non pitit gason Dichan yo: Ouz ak Aran.
从何利人所出的族长记在下面:就是罗坍族长、朔巴族长、祭便族长、亚拿族长、
Men non chèf moun peyi Ori yo: Se te Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana,
底顺族长、以察族长、底珊族长。这是从何利人所出的族长,都在西珥地,按著宗族作族长。
Dichon, Ezè, Dichan. Se te tout chèf moun Ori yo sa. Se yo ki te chèf branch fanmi moun Ori yo nan peyi Seyi.
以色列人未有君王治理以先,在以东地作王的记在下面。
Men wa ki te gouvènen peyi Edon an, anvan te gen ankenn wa pou gouvènen pèp Izrayèl la.
比珥的儿子比拉在以东作王,他的京城名叫亭哈巴。
Bela, gason Beyò a, t'ap gouvènen peyi Edon. Yo te rele lavil kote li te rete a Denaba.
比拉死了,波斯拉人谢拉的儿子约巴接续他作王。
Lè Bela mouri, se Jobab, gason Zerak la, moun lavil Bozra, ki te gouvènen nan plas li.
约巴死了,提幔地的人户珊接续他作王。
Lè Jobab mouri, se Oucham, moun peyi Teman, ki te gouvènen nan plas li.
户珊死了,比达的儿子哈达接续他作王;这哈达就是在摩押地杀败米甸人的,他的京城名叫亚未得。
Lè Oucham mouri, se Adad, pitit gason Bedad la, ki te gouvènen nan plas li. Se Adad sa a ki te bat moun peyi Madyan yo nan plenn Moab la. Yo te rele lavil kote li te rete a Avit.
哈达死了,玛士利加人桑拉接续他作王。
Lè Adad mouri, se Samla, moun Masreka, ki te gouvènen nan plas li.
桑拉死了,大河边的利河伯人扫罗接续他作王。
Lè Samla mouri, se Sayil, moun lavil Reyobòt bò gwo larivyè Lefrat la, ki te gouvènen nan plas li.
扫罗死了,亚革波的儿子巴勒哈南接续他作王。
Lè Sayil mouri, se Baalanan, pitit gason Akbò a, ki te gouvènen nan plas li.
亚革波的儿子巴勒哈南死了,哈达接续他作王,他的京城名叫巴乌;他的妻子名叫米希他别,是米萨合的孙女,玛特列的女儿。
Lè Baalanan, pitit gason Akbò a, mouri, se Ada ki te gouvènen nan plas li. Yo te rele lavil kote li te rete a Paou. Madanm li te rele Metabèl. Se te pitit fi Matrèd ki poutèt pa l' tè pitit fi Mezarab.
从以扫所出的族长,按著他们的宗族、住处、名字记在下面:就是亭纳族长、亚勒瓦族长、耶帖族长、
Men lis non tout pitit Ezaou yo ki te chèf ansanm ak non branch fanmi yo ak non kote yo te rete: Timna, Alva, Jetèt,
阿何利巴玛族长、以拉族长、比嫩族长、
Olibama, Ela, Penon,
基纳斯族长、提幔族长、米比萨族长、
Kenaz, Teman, Mibza,
玛基叠族长、以兰族长。这是以东人在所得为业的地上,按著他们的住处。〈所有的族长都是以东人的始祖以扫的后代。〉
Magdiyèl, Iram. Se non chèf Edon yo sa ansanm ak non kote yo te rete nan peyi a. Se Ezaou ki papa yo tout nan peyi Edon.