Genesis 25

亚伯拉罕又娶了一妻,名叫基土拉。
Abraram te pran yon lòt fanm yo te rele Ketoura.
基土拉给他生了心兰、约珊、米但、米甸、伊施巴,和书亚。
Ketoura fè sis pitit pou li: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak.
约珊生了示巴和底但。底但的子孙是亚书利族、利都是族,和利乌米族。
Joksan te papa Seba ak Dedan. Men pitit Dedan yo: Se te moun Achou yo, moun Letouch yo ak moun Lemou yo.
米甸的儿子是以法、以弗、哈诺、亚比大,和以勒大。这都是基土拉的子孙。
Men pitit Madyan yo: Se te Efa, Efe, Enòk, Abida ak Elda. Se tout moun sa yo ki te pitit ak pitit pitit Ketoura.
亚伯拉罕将一切所有的都给了以撒。
Abraram kite tout byen l' yo pou Izarak.
亚伯拉罕把财物分给他庶出的众子,趁著自己还在世的时候打发他们离开他的儿子以撒,往东方去。
Men anvan l' mouri, li te bay pitit li te fè ak lòt fanm kay yo kèk kado. Apre sa, li fè yo pati, li voye yo byen lwen Izarak, pitit gason l' lan, li voye yo nan peyi kote solèy leve a.
亚伯拉罕一生的年日是一百七十五岁。
Abraram te viv sanswasannkenzan (175 an).
亚伯拉罕寿高年迈,气绝而死,归到他列祖【原文作本民】那里。
Abraram te fin granmoun, li te wè kont jou l', li te pase vye jou l' yo san pwoblèm. Apre sa li mouri, li al jwenn moun li yo ki te mouri deja.
他两个儿子以撒、以实玛利把他埋葬在麦比拉洞里。这洞在幔利前、赫人琐辖的儿子以弗崙的田中,
Izarak ak Izmayèl, pitit li yo, antere l' nan twou wòch Makpela a, nan jaden Efwon, pitit Zoka, yon moun Et, anfas Manmre.
就是亚伯拉罕向赫人买的那块田。亚伯拉罕和他妻子撒拉都葬在那里。
Se jaden sa a Abraram te achte nan men mesye Et yo. Se la yo te antere Abraram ak Sara, madanm li.
亚伯拉罕死了以后, 神赐福给他的儿子以撒。以撒靠近庇耳‧拉海‧莱居住。
Apre Abraram mouri, Bondye te beni Izarak, pitit gason l' lan, ki te rete toupre Pi moun vivan ki wè m' lan.
撒拉的使女埃及人夏甲给亚伯拉罕所生的儿子是以实玛利。
Men pitit pitit Izmayèl, pitit Abraram lan. Se Aga, moun peyi Lejip, sèvant Sara, ki te fè pitit sa a pou Abraram.
以实玛利儿子们的名字,按著他们的家谱记在下面。以实玛利的长子是尼拜约,又有基达、亚德别、米比衫、
Men non pitit Izmayèl yo. N'ap konmanse ak pi gran an pou rive sou pi piti a. Nebajòt te premye pitit Izmayèl. Apre li vini Keda, Adbeyèl, Mibsam,
米施玛、度玛、玛撒、
Michma, Douma, Masa,
哈大、提玛、伊突、拿非施、基底玛。
Adad, Tema, Jetou, Nafich ak Kedma.
这是以实玛利众子的名字,照著他们的村庄、营寨,作了十二族的族长。
Se yo ki te pitit Izmayèl. Se konsa yo te rele yo ansanm ak tout katye kote yo te rete ak kote yo te moute tant yo. Sa te fè douz chèf, chak ak nasyon pa yo.
以实玛利享寿一百三十七岁,气绝而死,归到他列祖【原文作本民】那里。
Izmayèl te gen santrannsetan (137 an) lè l' mouri. Y al antere l' menm kote ak moun li yo ki te mouri deja.
他子孙的住处在他众弟兄东边,从哈腓拉直到埃及前的书珥,正在亚述的道上。
Pitit pitit Izmayèl yo te rete sou teritwa ki konmanse depi Avila rive jouk Chou, anfas peyi Lejip sou bò solèy leve a, anvan ou pran peyi Lasiri. Yo t'ap viv pou kont yo. Yo pa t' mele ak rès fanmi yo.
亚伯拉罕的儿子以撒的后代记在下面。亚伯拉罕生以撒。
Men istwa Izarak, pitit Abraram.
以撒娶利百加为妻的时候正四十岁。利百加是巴旦‧亚兰地的亚兰人彼土利的女儿,是亚兰人拉班的妹子。
Abraram te papa Izarak. Izarak te gen karantan lè li marye ak Rebeka ki te pitit fi Betwèl, moun lavil Aram, ki te rete nan peyi Mezopotami an. Rebeka te sè Laban, moun lavil Aram.
以撒因他妻子不生育,就为她祈求耶和华;耶和华应允他的祈求,他的妻子利百加就怀了孕。
Madanm Izarak pa t' ka fè pitit. Izarak lapriyè Seyè a pou li, Seyè a reponn li. Rebeka, madanm li, vin ansent.
孩子们在她腹中彼此相争,她就说:「若是这样,我为什么活著呢【或作我为什么如此呢】?」她就去求问耶和华。
De ti pitit yo t'ap plede goumen nan vant li. Rebeka di: -Si se konsa sa ye, mwen pa konprann anyen? li al lapriyè Seyè a.
耶和华对她说:两国在你腹内;两族要从你身上出来。这族必强于那族;将来大的要服事小的。
Seyè a reponn li: -Ou gen de nasyon nan vant ou. W'ap fè de pèp: chak ap pran bò pa yo. Yonn p'ap vle wè lòt. Yonn ap pi gwonèg pase lòt. Pi gran an pral sou zòd pi piti a.
生产的日子到了,腹中果然是双子。
Lè jou pou Rebeka akouche a rive, li fè de marasa.
先产的身体发红,浑身有毛,如同皮衣,他们就给他起名叫以扫【就是有毛的意思】。
Premye ki te fèt la te tout wouj. Li te kouvri ak pwal sou tout kò l'. Se poutèt sa yo te rele l' Ezaou.
随后又生了以扫的兄弟,手抓住以扫的脚跟,因此给他起名叫雅各【就是抓住的意思】。利百加生下两个儿子的时候,以撒年正六十岁。
Lè dezyèm lan te fèt, men li te kenbe Ezaou nan talon pye l': se poutèt sa yo rele l' Jakòb. Izarak te gen swasantan sou tèt li lè yo te fèt.
两个孩子渐渐长大,以扫善于打猎,常在田野;雅各为人安静,常住在帐棚里。
Timoun yo grandi. Ezaou te vin yon bon chasè, li te toujou nan bwa. Men Jakòb te yon nonm byen dousman, li te renmen rete lakay.
以撒爱以扫,因为常吃他的野味;利百加却爱雅各。
Izarak te pito Ezaou, paske li te renmen manje vyann jibye, men Rebeka te pito Jakòb.
有一天,雅各熬汤,以扫从田野回来累昏了。
Yon jou, Jakòb te fin kwit yon bon bouyon, Ezaou antre sot nan jaden, li te bouke anpil.
以扫对雅各说:「我累昏了,求你把这红汤给我喝。」因此以扫又叫以东【就是红的意思】。
Li di Jakòb konsa: -M'ap mouri grangou. Tanpri, ban m' ti gout nan bouyon pwa wouj ou a. Se poutèt sa yo te bay Ezaou yon lòt ti non. Yo te rele l' Edon.
雅各说:「你今日把长子的名分卖给我吧。」
Men Jakòb di l': -M'ap ba ou ti gout si ou vann mwen dwa ou kòm premye pitit.
以扫说:「我将要死,这长子的名分于我有什么益处呢?」
Ezaou reponn: -Dakò. Mwen pral mouri. Kisa dwa kòm premye pitit la ap sèvi m'?
雅各说:「你今日对我起誓吧。」以扫就对他起了誓,把长子的名分卖给雅各。
Jakòb di li: -Fè m' sèman anvan. Ezaou fè sèman ba li, li vann li dwa l' kòm premye pitit.
于是雅各将饼和红豆汤给了以扫,以扫吃了喝了,便起来走了。这就是以扫轻看了他长子的名分。
Lèfini, Jakòb ba li pen ak ti gout nan bouyon pwa a. Ezaou manje, li bwè. Li leve, li pati. Konsa, Ezaou te konsidere dwa li kòm premye pitit pou anyen.